Ou pa sipoze yon paran apa, mete an plas yon son soutyen pèsonalize

Pa Leve Timoun ou Poukont: Bati yon Estrikti Sipò

Chèche èd pwòch, asistans gouvènmantal, epi The Children’s Trust pou sipòte fanmi ou

Sètènman ou toujou tande yo ap di fòk ou gen yon vilaj pou leve on timoun. Toutfwa pou anpil paran yo pa gen yon vilaj entegre pou yo konte sou yon sipò oubyen yon gid nan lavi kotidyen parantal yo. Anfèt gen yon etid ki resan montre ke gen anviwon 1/3 ki konnen santiman izolasyon et ke absans yon soutyen kabap yon obstak majè pou byennèt fanmi yo.

Si ou twouve tèt ou san vi, san kominote, pa panike. Pandan ke konstwi yon sistèm sipò sen pou fanmi w ka sanble entimidan. Men li vo efò a toutotan ou kenbe nan tèt ou ke tout tribi pa oblije menm .Pou kèk li kapab konpoze de fanmi elaji ak zanmi pwòch. Lòt menm kapab enkli yon pwogram ak ajans ki adapte ak fanmi . Nenpòt fason ou ta fèl se sèten ke li ap pi presye trezò ke ou te kapab genyen pou asire pwosperite fanmi ou .

Men kèk konsèy pou kreye yon kominote soutyen anmentan w ap jwe wòl parana:

Tcheke fanmi nou ak Zanmi nou:  meyè kote ou ka kòmanse se avèk  fanmi ou ak zanmi w
Gen kèk paran ki konn ap fè retisans pou yo ale kote moun ki pwòch yo, paske petèt li difisil pou yo admèt difikilte yo ak moun yo renmen e respekte. Mande gran paran yo, tonton yo ak matant yo epi kouzen yo èd se fason ki pi sèten , pi rantab pou konstwi yon bon kominote sipò. Yo se fanmi ou sa vle di yo sipoze kanpe dèyè w menm jan ou menm ou t ap fè l si yo te rele ou.
Anplis de avantaj sa yo , kenbe fanmi ou ak zanmi ou nan tèt pwogram sipò ou ranfòse konpetans sa lakay pitit ou e ranfòse inite familyal la nenpòt fason pou l pèpetye de jenerasyon an jenerasyon .

Zanmi se yon lòt fason pou ou chèche èd, panse avèk youn oubyen de zanmi nan antouraj ou ke ou fè konfyans epi chèche jwenn ak yo.
Si ou pa gen anpil zanmi konsidere pou ou agrandi gwoup la , swa pandan w ap antre nan yon gwoup paran lekòl osinon patisipe nan evènman kominotè ki gen rapò ak fanmi tankou jounen pataj nan legliz ou oswa yon jounen atizanal nan libreri kominote ou rete a. Pwogram tankou Parent’s Club ofri nan tout peyi a yon atelye parantal gratis ki dire 60 minit sou plizyè sijè ki konsène edikasyom timoun, se yon bon opsyon lè ou ap chèche etann rezo ou. Non sèlman atelye sa yo gen yon gad gratis pou timoun yo pantan 1èd tan men tou se yon bon mwayen pou ou kreye nouvo lyen amitye ak lòt paran.

Chèche pwogram ki ap sipòte: gen de fwa lè fanmi oubyen zanmi pa jis yon opsyon e ou genyen pou w konstwi yon kominote a pati de anyen.
Lè ou nan ka sa,chèche òganizasyon ki nan antouraj ou,sèvis ak pwogram ki la pou sipòte fanmi ki bezwen sipò.

Paran timoun Miami-Dade County ka konte sou The Children’s Trust ki asire finansman pwogram,resous ak enfòmasyon pou tout fanmi ki nan zòn nan. Kreye nan ane 2002 selebre ventyèm anivèsè depi li ap bay sipò pou pwogram sa ane ki sot pase a,e enpak li fè sou fanmi yo pat janm gran nan pwen sa . pou paran timoun ki nan laj preskolè,The Trust envesti lajman nan devlopman timoun, sa ki enkli sante, fizik, konyitif, sosyal -emosyonèl ak diferan apwòch pou yo aprann. Gen bous etid pou timoun yo  pou yon bon kalite aprantisaj ki disponib gras ak yon inisyativ  Thrive by 5 pran pandan 5 lane.

Paran yo ka konte sou The Trust tou pou lòt aktivite an deyò lèkòl la ak pwogram an ete, lè yo ta bezwen èd pou yo veye sou timoun yo nan entèval lè lekòl yo lage ak lè paran yo ap fin travay.

Gen yon etid ki fèt nan inivèsite Harvard ki montre ke timoun ki patisipe nan pwogram andeyò lekòl yo reyisi mye nan etid yo e gen mwens chans pou adopte kèk konpòtman inapropriye. vizite sit la The Children’s Trust pou enfòmasyon sou pwogram sa yo  pandan tout ane a.

Lasante timoun se toujou premye preokipasyon paran yo men li ka difisil pou yo jwenn swen ki abòdab. Pou bay paran sa yo sipò, The Children’s Trust finansye klinik sante skolè nan 145 lekòl piblik ki ofri sèvis bazik ak referans.The Trust finanse tou kominote sant sante nan zòn devalorize ki gen anpil timoun yo pa pran an chaj ak yon mobil inite sante ak prevansyon maladi ki vwayaje nan tout peyi a.

Chèche asistans gouvènmantal: Chak fanmi gen moman yo travèse difikilte ke se swa finansyè,emosyonèl oubyen lòt. Si paran yo twouve yo nan difikilte, li rasiran pou yo konnen ke gen yon asistans ke gouvènman finanse, konsa yap konnen kisa pou yo fè.

Men kèk pwogram benefisyè ke paran yo ta sipoze konnen:
Special Supplemental Nutrition Program to Women, Infants, and Children (WIC)
786-336-1300
Florida Food Assistance Program/ Supplemental Nutrition Assistance Program (SNAP)
866-762-2237
KidCare (Florida’s Children’s Health Insurance Program) 
888-540-KIDS (5437)
College Access Resources             
Children with Disabilities