Yon manman ap revise yon aplikasyon sou telefòn li ak timoun li yo.

Gorodenkoff/stock.adobe.com

School Apps 101: Sa Paran yo Dwe Konnen

Siveye agresyon sou entènèt, devwa ak lòt ankò
Siveye agresyon sou entènèt, devwa ak lòt ankò 

Siveye paj rezo sosyo timoun ou yo epi ede itilize li ankerite enpòtan menm jan ak lè w’ap montre travèse lari. Men 5 aplikasyon ki kapab ede’w fè sa.

  1. Siveyans: Pi bon fason pou kenbe timoun ansekirite epi pou yo rete pwodiktif nan aktivite sou entènèt yo se pou siveye sa y’ap fè yo. Gen yon pakèt chwa aplikasyon ki disponib, tankou Bark, ki kouvri tout bagay tankou tèks mesaj, YouTube, imel ak yon pakèt lòt platfòm ankò. Paran jwenn notifikasyon sou telefòn pa yo depi gen yon danje. www.bark.us
  2. Agresyon sou Entènèt: Li enpòtan pou fè yon koudèy sou viktim agresyon sou entènèt yo – avèk rezon. Men nenpòt solisyon dwe enplike sila ki ap fè agresyon yo alòs aplikasyon Rethink App la ale lwen pou’l kanpe agresyon sou entènèt yo depi nan rasin li. Aplikasyon gratis sa fèt pou ofri timoun yo yon chans pou “reflechi ankò” avan yo voye nenpòt mesaj ki agresif. www.rethinkwords.com
  3. Devwa: Si pitit ou yo pra’l pase napil tan sou telefòn yo, alòs yo pwofite tyeke aplikasyon Homework App la. Aplikasyon sa pèmèt timoun yo pou yo mete koulè sou tit sijè ki enterese yo, koninye pwogrè nan devwa yo epi jwenn notifikasyon pou nouvo tès ak pwojè ki ap vini yo. Se kapab pa jwèt prefere yo, men li ka rapòte yo anpil.
  4. Enfòmasyon sou distri a ak lekòl yo: Jwenn aksè rapid ak rapò pwofesè yo (pa gen zafè mwen bliye li lekòl la ankò), meni manje yo, wout bis yo, nouvèl sou distrik yo ak lòt pwogram nan yon lekòl ak distrik a sou sitwèb ak sou apliksayon an. www.dadeschool.net
  5. The Children Trust. W’ap chèche pwogram apre lekòl, enfòmasyon sou sant sante nan lekòl ak napil lòt sèvis pou timoun nan Miami Dade County? Sitwèb ak aplikasyon The Children’s Trust ofri plizyè lis pwogram, ki gen enfòmasyon enpòtan ak aksè ak plis resous. Epi, pa bliye tyeke platfòm medya sosyal nou yo pou tout nouvèl sou kisa ki ap fèt.