Patnè Trust ak Depatman Defans Pral Met Anplas Bon Jan Kalite Gadri Pou Fanmi Militè Yo
Lightfield Studios/stock.adobe.com

Patnè Trust ak Depatman Defans Pral Met Anplas Bon Jan Kalite Gadri Pou Fanmi Militè Yo

Yo itilize Inisyativ Thrive by 5 kòm modèl nan tout eta a pou ogmante opòtinite aprantisaj a ba laj

The Children's Trust ak Depatman Defans Ameriken (DoD anglè) pral asosye pou elaji aksè pou fanmi militè ki bezwen jwenn bon jan kalite gadri pou pitit yo. Inisyativ Trust's Thrive by 5 la kontinye ap yon modèl nan tout eta a anrapò ak devlopman timoun piti. Anpil founisè sèvis gadri Trust la finanse pral fè pati pwogram DoD a ki rele Military Child Care in Your Neighborhood Plus (MCCYN-Plus) (Gadri Timoun Militè Nan Katye w) ki bay fanmi militè gadri timoun ki andeyò enstalasyon militè Miami-Dade yo.

The Children's Trust rekonèt enpòtans devlopman sèvo bonè ak enpak li pou gen siksè pita nan lavi. Li envesti nan estrateji pou ede timoun piti ak preparasyon fizik, kognitif, sosyal ak emosyonèl pou yo kòmanse lekòl. Lè yo asosye ak The Trust, DoD ap ka konekte fanmi militè ak yon rezo founisè ki gen estanda ki pi wo kalite pase kondisyon minimòm pou ka sètifye.

James R. Haj, prezidan ak Direktè Jeneral The Children’s Trust di, “Pou operatè gadri ki la deja, asosyasyon sa a gen plizyè avantaj. “Dabò, li ede fanmi militè bay pitit yo pi bon opòtinite posib pou aprann bonè, e sa pral pèmèt operatè yo agrandi kliyantèl yo pou asire kapasite ekonomik pwogram yo. Se sa yo rele siksè pou tout moun. "

Mesye Gilbert R. Cisneros, Jr., Sou Sekretè Defans Pèsonèl ak Preparasyon eksplike "Pou fanmi militè, anlajman konplè sa a pral bay plis opsyon bon jan kalite gadri disponib nan anpil lokal Ozetazini a yon pri deja detèmine,". “Founisè sivil k ap patisipe nan pwogram pou amelyore kalite ka benefisye tou de lòt avantaj lòt leta ofri tankou asistans teknik ki bay sipò pèsonalize atravè ekspè nan matyè yo, ak/oswa avantaj finansye pou fòmasyon pwofesyonèl, depans sètifikasyon nasyonal ak pwosesis pou verifye antesedan.”

Nan Miami, sant gadri Thrive By 5 yo pare pou bay fanmi militè yo bon jan kalite sèvis k ap ede timoun yo reyisi pita nan lavi.

Shawntravia Pointville, Prezidan ak Direktè Jeneral Excel Kids Academy nan Miami Gardens, yon Founisè Thrive By 5, di: “Chak timoun merite bon jan kalite edikasyon, kèlkeswa sitiyasyon ekonomik yo oswa kote fanmi an sòti. “Gen apresyasyon pou founisè sèvis paske travay yo se fondasyon Rèv Ameriken an. Nou remèsye inisyativ Thrive by 5 The Children’s Trust la pou èd yo bay pou timoun ak fanmi Miami Dade County jwenn aksè ak opòtinite. Edikasyon bonè ak entèvansyon fonksyone lè nou travay ansanm.”

Pou plis enfòmasyon sou Thrive By 5, tcheke www.TheChildrensTrust.org. Pou enfòmasyon sou enskripsyon nan pwogram MCCYN-Plus tcheke https://www.childcareaware.org/fee-assistancerespite/feeassistancerespiteproviders/qris-mccyn-plus/.