Montre Timoun yo Bonè Kouman Pou yo Pran Swen Tèt yo

Montre Timoun yo Bonè Kouman Pou yo Pran Swen Tèt yo

Konsèy sou ansèyman byennèt fizik ak emosyonèl

Kòm pwotektè ak gadyen timoun nou, paran abitye pran swen tout aspè nan lavi timoun yo. Men, kòm nou tout konnen, yon jou paran yo pral oblije lage responsablite sa a bay yo. Poutèt sa, youn nan ladrès ki pi enpòtan nou ka bay se aprann pran swen tèt yo.

Erezman, jodi a nou konn pi plis sou pran swen pwòp tèt nou, kidonk nou ka kòmanse montre pitit nou pandan yo byen jèn yon jan pozitif pou yo konn fè sa. Youn nan bagay ki pi enpòtan pou aprann timoun yo se jan pou pran swen tèt yo fizikman, men paran jodi a kapab fè gwo pwogrè tou nan ede timoun yo pran swen tèt yo mantalman e emosyonèlman. 

Men 6 jan pou ede pitit ou kòmanse aprann pran swen tèt li byen bonè:

1. Vin pwòp, pi bonè pi bon: Premye bagay jèn timoun aprann fè poukont yo se bwose dan, benyen epi abiye. Non sèlman li esansyèl pou sante yo, li entwodui tou kòmansman yon mantalite swen pèsonèl ki pral ranfòse konfyans ak estim pèsonèl yo. Kòmanse byen bonè ak yo epi kite yo dekouvri jan ki pi bon pou yo.

2. Konekte ak pati fizik la: l ap pi bon pou yo lè w eksplike ak ilistre byen bonè koneksyon ki genyen ant aktivite fizik ki sen ak jan l ap fè yo santi yo pi byen. Espò se yon bon jan pou yo aprann aktivite ogmante nivo enèji, men gen lòt jan tou, tankou al mache oswa kouri nan katye a epi mande yo kijan yo santi yo apre sa. Aktivite anndan kay la tankou danse, jwèt kache chèche, ou pare yon kous obstak ka amelyore atitid tou. Gen chans pou yo santi yo byen akòz elevasyon batman kè epi y ap pare pou yon lòt aktivite.

3. Dòmi pou nanm nan: Menm jan pitit ou ap santi l byen apre li fin fè egzèsis, li pral santi l menm jan, oswa pi byen, apre yon bon repo. Natirèlman, pa gen anyen ki pi difisil pase eseye fè timoun dòmi, oswa repoze, men raple yo kijan yo te santi yo byen apre yon bon repo, epi lè enèji yo ba avize yo se paske yo pat dòmi ase. Pa kwè timoun yo gen kè kontan pou al repoze, men pi vit ou ka fè yo wè koneksyon ki genyen ant bon dòmi epi reveye byen, wap preske rive sou pwen yo fin aprann pran swen tèt yo san sipèvizyon.

4. Enspire, Expire: Menm anvan pandemi an, etid yo fè dapre Bibliyotèk Nasyonal Medsin jwenn ogmantasyon nan enkyetid timoun yo, soti nan 2016 a 2020, epi,  pousantaj la te monte a 24 pousan pou timoun ak prèske 40 pousan pou adolesan pandan pandemi an. Kontwòl souf se yon jan rapid pou kalme timoun. Deborah Farmer Kris ekri nan PBS Kids ke, "pifò teknik fondamantal se pran gwo souf. Lè nou anba presyon oswa fache, batman kè nou ogmante epi respirasyon nou vin pi rapid ak supèfisyèl. Nou antre nan mòd "goumen ou sove". Men, lè nou pran gwo souf, nou voye yon mesaj tounen ba sèvo a: Li oke pou kalme w.  Kontwòl souf ou ka kalme tanperaman w pi vit.

5. Santi l: Plizyè fwa pitit ou se timoun ki gen anpil enèji e paran yo konnen anjeneral sa vle di yo kontan oswa angaje. Kontrèman, yo ka kalm ak fatige, ki ka vle di yon bagay ap anmède yo. Lè w ka idantifye yon emosyon oswa yon santiman, pale ak timoun ou sou li, epi fè yo konnen sa w wè. Se yon bon jan pou yo konekte pati ekstèn ak entèn yo epi fè yon pa pozitif pou konprann ak idantifye emosyon yo.

6. Pran swen tèt ou pou pitit ou ka pran swen tèt li: Pale de swen pèsonèl oswa menm fòse pitit ou pratike li se yon evenman, men lè yon timoun wè paran l oswa moun k ap pran swen tèt li, l ap ka wè benefis ki genyen nan lavi reyèl. Asire w yo wè w ap pratike sa w ap preche epi pale ak yo de santiman w. Eksplike yo lè w ap pase yon bon ou move jounen, sa w fè pou kontwole santiman w ak konpòtman w.

Pou plis fason pou anseye pitit ou sou enpòtans pran swen tèt yo, al gade orè The Children's Trust Parent Club kote ou ka aprann kijan pou konekte ak timoun ou e ak lòt paran. Tcheke TheChildrensTrust.org/ParentClub.