Dat enpòtan The Children’s Trust pou 2023

Dat Enpòtan The Children’s Trust pou 2023

Family Expo, Champions for Children, kan ete ak plis ankò

Nou swete ke ou te selebre oswa repose w pandan fen ane 2022 a. Pandan ke ou ak pitit ou ap tann ak enpasyans yon lòt ane grandisman, eksperyans ak defi, The Children’s Trust ap avè w pou ba w sipò, resous ak evènman ki pral ede pitit ou viv lavi omaximòm. Men kèk dat pou espere.

* Tout dat yo ka chanje, kidonk tcheke www.TheChildrensTrust.org  pou konnen lè chak evenman pral rive.

Janvye - Ane a pral kòmanse ak fèt tradisyonèl ak defile Martin Luther King lan nan Liberty City.

Mas – Odisyon konkou anyèl Young Talent Big Dreams, pi gwo konpetisyon talan lajenès nan Miami-Dade, ap kòmanse 18 Mas epi fini jiska Avril. Elèv ki enterese nan Summer Youth Internship Program (SYIP) (Pwogram Estaj Ete Pou Jèn) dwe aplike anvan fen mwa a. Pou enskri, tcheke https://miami.getmyinterns.org/.

Avril – 17yèm Seremoni Anyèl Prim Chanpyon pou Timoun ap fèt 27 Avril nan DoubleTree by Hilton Miami Airport & Convention Center. Pou tikè tcheke www.TheChildrensTrust.org/Champions.

Me - Si ou poko enskri pitit ou pou kan ete, pa ret tann, tcheke www.TheChildrensTrust.org/SummerCamp pou plis enfòmasyon sou kan yo, Summer 305 elatriye. Semifinal ak final konpetisyon Young Talent Big Dreams 2023 ap fèt nan mwa a.

Jiyè - Out – Batay Anyèl Lekti pral fèt an ete pou asire timoun nou yo kontinye li pandan tout mwa ete yo pou evite pèt entelektyèl ki komen! Family Expo ap tounen nan fen Jiyè ak mwa Out nan twa lokal nan tout konte a. Vizite www.TheChildrensTrust.org/FamilyExpo pou jwenn dat ak local yo.

Oktòb – Selebre Halloween nan yon anbyans familyal an sirte, ak Spooky Symphony, yon selebrasyon pi bèl mizik efreyan nan oditoryòm Dade County.

** Sonje pou w veye lòt dat enpòtan ki poko fikse nan www.TheChildrensTrust.org/calendar.