Bagay paran yo te di yo pa t ap janm fè; epi yo vin fè!

Bagay paran yo te di yo pa t ap janm fè; epi yo vin fè!

Ak fason pou kenbe lespri ideyal sa yo vivan menm lè w ap fè fas ak reyalite a

Anpil paran sonje jou anvan pitit yo te fèt kote yo t ap imajine fason yo t ap al reponn ak responsablite paran yo ak yon konfyans total epi yo pat gen okenn dout sou ki kalite paran yo t ap devni. Apre sa, tibebe a fèt. Epi tout bagay chanje. 

Sa ki anba la a se yon lis kèk ideyal komen ak "pwomès" ke paran yo souvan kwè oubyen fè anvan yo fè timoun, poutan yo jete ideyal ak pwomès sa yo byen vit lè yo tounen lakay yo ak timoun nan. N ap enkli tou fason pou ajiste atant yo yon fason pou kenbe yo vivan nan lespri nou epi reyalize yo.

Zafè sison an
Anpil paran di nenpòt moun ki vle tande, yo pap janm bay pitit yo sison, yo souvan apiye sa yo di a ak enfòmasyon ki pa kòrèk sou domaj nan li ka lakoz dan ak devlopman. Men lè yo vin fè fas ak yon timoun ki enkonsolab, yo pa gen lòt chwa ke bay li sison. Sison kalme timoun yo, kidonk sison yo gendwa se yon bon bagay. Sepandan, paran yo ta dwe eseye jwenn rezon ki lakoz ti bebe a ap kriye a, asire yo timoun nan manje, li pwòp epi li konfòtab. Epitou, Akademi Ameriken pou Pedyatri (AAP) rekòmande pou kòmanse sispann bay tibebe yo li a 12 pou rive 18 mwa.

Depandans dijital
Anvan pitit yo fèt, anpil paran wè lòt moun k ap bay swen ki sèvi ak telefòn oswa aparèy dijital pou kalme pitit yo epi yo ta menm pase yo nan betiz. Men lè yo vin fas a fas ak difikilte pou jere timoun piti, yo vin kòmanse konte sou solisyon dijital - Gen anpil anpil timoun k ap itilize yo, menm sa ki gen pi piti pase 2 zan. 

Pandan nou mete aksan sou fanmi yo kote gade videyo edikatif yo gen avantaj yo, yo gen konsekans negatif tou lè timoun yo itilize yo twòp, e yo gendwa sèvi obstak pou yo byen devlope epi viv an sante. Paran yo ta dwe limite tan itilizasyon yo, sitou pou timoun ki pi piti. AAP bay Gid pou sèvi ak medya pou fanmi yo nan aap.org/en/patient-care/media-and-children/

Anile manje vit (fasfoud)
Youn nan aspirasyon ki pi komen lakay fiti paran se asire yo ke timoun yo gen yon rejim alimantè ki ki bon pou lasante epi ki gen bon nitriman, gen sa ki sèmante sou manje vit, sirèt ak nenpòt kalite manje trete. Men, reyalite a ak orè ki chaje konn souvan lakoz paran yo de pli zan pli depann de manje sa yo ki pa bon pou lasante. 

Li enpòtan pou asire pitit ou yo gen yon alimantasyon ki bon pou lasante, men se pa chak repa ki pral yon pla espesyal. Reziste kanpe pou pran fasfoud oswa Hot-Pockets, pa kite sa fè pati woutin kotidyen pitit ou. Sa ka fèt pa aksidan, men se pa regilyèman. Epitou, chèche manje ki gen mwens efè negatif sou kò a - tankou poul boukannen olye pou de poul fri, fwi ak ji olye de yo frit ak soda.

Byen dòmi
Dòmi enpòtan anpil pou devlopman yon timoun, sante fizik, emosyonèl ak mantal li, yo tout afekte. Paran yo souvan pa pran sa pou anyen pou timoun yo ale nan kabann yo a 8:30 pm epi leve byen bonè nan maten an. Men, estanda sa yo ka difisil pou reyalize, sitou ak orè travay yo ak lòt faktè n ap teni kont de yo.

Akademi Ameriken pou Medsin somèy rekòmande 12-16 èdtan pou tibebe jiska yon lane; 11-14 èdtan pou timoun 1-2; 10-13 èdtan pou timoun 3-5 ane; 9-12 èdtan pou timoun 6-12 ane; ak 8-10 èdtan pou 13 a 18 ane. Rete sou orè ak woutin enpòtan, men tou fleksibilite nan sezon lete yo ak lòt okazyon rnpòtan tou depi nou atenn chif sa yo.

Menmsi pifò paran yo fè fas ak reyalite difisil sa a yon fwa tibebe yo fèt, yo vin reyalize ke yo pral oblije ajiste kèk lide ke yo te ka konsidere kòm bagay yo pat janm deside fè, sa pa vle di yo se move paran. Sa  jis vle di y ap aprann. Yo ta dwe reflechi sou rezon ki fè yo te gen ideyal sa yo epi asire yo ke yo pa retire yo nan tèt yo pandan pitit yo ap grandi.

Paran k ap chèche fason pou yo devlope ladrès nan tout kalite sijè diferan paran yo ta dwe tcheke nan The Children's Parent Club ki ofri atelye paran gratis ak animatè ki resevwa fòmasyon ak lòt paran. Atelye yo bay nan twa lang: angle, panyòl ak kreyòl ayisyen. Pou yon lis sijè ak dat, klike isit la.