Parent Club

Kisa Parent Club ye?

The Children Trust mete ansanm ak òganizasyon paran local yo pou ofri seyans atelye nan tout konte a GRATIS sou sijè tankou kòman pou eleve timoun yo pou yo ka reyisi, pou yo ansante epi pou yo kontan. Nan chak 60 minit seyans atelye yo, paran  yo ka resevwa swen sante gratis pou timoun ki gen ant 3 ak 12 lane, yon ti repa, epi patisipe nan yon raf si yo patisipe nan yon ti sondaj tou kout avan seyans atelye a.

Seyans atelye yo disponib nan lang Anglè, Espayòl, ak Kreyòl, lè yo fleksib, tankou aprèmidi, aswè ak pandan wiken, epi lokasyon yo konvenab tou. Objektif Parent Club la se pou rive reyini anpil paran pou kapab pwofite avantaj ki disponib selon enfòmasyon dènye rechèch yo. 

Pa bliye: Pou nou suiv konsiy CDC, konsiy Depatman Sante nan Eta Florid epi konsiy sou Distans Sosyal, tout atelye Klib Paran ki te konn abitye fèt an pèsòn n ap sispann yo jiska nouvèlòd.

Tampri sonje: Nap swiv direktiv CDC, Depatman Sante nan Florid epi sou distans sosyal, pou tout atelye Parent Club ki te konn abitye fèt an pèsòn n ap sispann yo jiska nouvèlòd. 

 ANREJISTRE POU YON SEYANS TOU PRE’W! Klike isit for Kalandriye a

Seyans Atelye Ki Disponib

Ou pa oblije asiste seyans atelye yo nan yon òd espesyal epi paran yo ka asiste youn oswa tout sijè ke yo ofri yo. Chak seyans atelye yo dire prèske 60 minit. Se pra’l yon seyans ki ap gen entèraksyon avèk entwodiksyon tou kout sou estrateji paran yo pou yo aplike nan kay la. Pi ba w’ap wè lis sijè ak deskripsyon atelye yo ki nan laj gwoup timoun yo:

Timoun ki gen jiska 12 lane 

Fè yon dyòb Paran ki Pozitif
Nan seyans atelye sa, yo entwodwi bay paran yo 5 fason kle pou jwenn rezilta pozitif ki fòme sa yo rele baz “Triple P” a (se yon ekspresyon Anglè ki vle di, entèvansyon yon paran nan vi pitit li pou li ede li amelyore entèlijans ak sante li).  Prensip sa yo se:    

  • Etabli yon anviwonman ki ankouraje patisipasyon
  • Kreye yon anviwonman pozitif ki bay anvi aprann
  • Itilize disiplin ak konsistans
  • Espere rezilta ki rezonab
  • Pran swen tèt pa’w kòm paran

Elve Timoun ki Konpetan, ki gen Konfyans nan Tèt yo
Nan seyans atelye sa, yo entwodwi bay paran yo 6 metòd solid pou timoun yo ka gen konfyans nan tèt yo epi reyisi nan lekòl ak lavi yo. Pwen sa  yo se:  

  • Respekte youn lòt
  • Montre konsiderasyon
  • Gen bon entèlijans sosyal ak fasilite pou kominike 
  • Konn vale tèt ou
  • Konn kijan pou rezoud pwoblèm
  • Pou vin yon moun endepandan

Elve Timoun ki solid
Nan seyans atelye sa, yo entwodwi bay paran yo 6 metòd solid pou montre timoun kòman pou kontwole emosyon yo epi kòman pou yo fè fas ak estrès lavi a. Pwen sa  yo se:  

  • Rekonèt epi aksepte sa’w santi
  • Eksprime sa’w santi yon fason ki apwopriye
  • Konstwi yon imaj ki pozitif
  • Devlope bon metòd pou fè fas ak estrès
  • Kontwole sansasyon negative yo
  • Devlope  metòd pou fè fas ak pwoblèm lavi a

Pwen enpòtan pou fè Paran Pozitif 
Nan seyans atelye sa, yo entwodwi bay paran yo 6 fason kle pou kenbe kalm ak kòman pou kontwole konpòtman pouk a gen konfyans nan tèt ou epi reyisi lekòl ak nan lavi a. Pwen sa yo:  

  • Itilize yon direktif ki klè epi ki mache
  • Rekonèt epi ankouraje atansyon
  • Itilize kalm, konsekans efektif
  • Fe swivi tout tan, chak fwa
  • Itilize enstriksyon sèlman lè li nesesè
  • Swiv enstriksyon olye abitid

Pwen Enpòtan Pou Bon Konpòtman
Nan seyans atelye sa, yo entwodwi bay paran yo 6 fason kle pou kenbe kalm ak kòman pou kontwole konpòtman pouk a gen konfyans nan tèt ou epi reyisi lekòl ak nan lavi a. Pwen sa yo:

  • Itilize yon direktif ki klè epi ki mache
  • Rekonèt epi ankouraje atansyon
  • Itilize kalm, konsekans efektif
  • Fe swivi tout tan, chak fwa
  • Itilize enstriksyon sèlman lè li nesesè
  • Swiv enstriksyon olye abitid

Djòb leve yon adolesan: Konsèy pou lavi
Nan seyans atelye sa, paran yoprezante nan senk konsèy debaz yo pouparan adolesan ak konfyans aksiksè. Sa yo se: Pwen sa yo:

  • Konnen pitit ou
  • Jere estrès ou
  • Bati bon relasyon
  • Fè atant ou klè
  • Bay konsekans ki apwopriye
Timoun ki gen jiska 16 lane 

Seyans atelye Parent Club The children’s Trust yo pou paran ki gen jèn timoun yo gen 3 sijè. Ou pa oblije asiste seyans atelye yo nan òd espesyal epi paran yo ka asiste youn oswa tout sijè ke yo ofri yo. Chak seyans atelye yo dire prèske 60 minit. Se pra’l yon seyans ki ap gen entèraksyon avèk entwodiksyon tou kout sou estrateji paran yo pou yo aplike nan kay la. Pi ba w’ap wè yon lis sijè:

Elve Timoun Ki Responsab
Nan seyans atelye sa, yo entwodwi bay paran yo 6 eleman kle pou jèn timoun kòmanse vin reponsab epi lide sou kòman pou aprann epi ankouraje chak  kalite entèlijans sa yo: 

  • Patisipe nan pran desizyon ak fanmi an
  • Pratike respè ak konsiderasyon
  • Patisipe nan aktivite fanmi an
  • Pratike yon mòd vi ki ansante
  • Oud we fyab
  • Oud we pèsistan

Elve Timoun Ki Konpetan
Nan seyans atelye sa, yo entwodwi bay paran yo 6 eleman kle pou jèn timoun yo gen konfyans nan tèt yo epi reyisi lekòl ak nan kominote a. Yo bay paran yo konsèy dirèk sou kòman pou yo aprann epi ankouraje pwen sa yo: 

  • Devlope disiplin ak tèt ou
  • Etabli bon abitid
  • Patisipe nan aktivite lekòl yo
  • Konn kijan pou rezoud pwoblèm
  • Swiv règleman lekòl yo
  • Gen zanmi ki ka sipòte’w

Kenbe Jèn Timoun Yo Konekte Youn ak Lòt
Nan seyans atelye sa, yo entwodwi bay paran yon aspè diferan sou kòman pou yo aprann timoun yo pou yo devlope amitye ki sipòte youn lòt epi patisipe nan aktivite gwoup sosyal ak rekreyasyonèl nan pi gwo kominote. Yo bay paran yo konsèy dirèk sou kòman pou yo aprann epi ankouraje pwen sa yo:

  • Gen konfyans nan tèt ou
  • Konfòtab nan sosyete a
  • Planifye bone
  • Angajman pou reyinyon
  • Rete ankontak
  • Pran swen lòt yo

Kenbe Jèn Timoun Yo Konekte Youn ak Lòt
Nan seyans atelye sa, yo entwodwi bay paran yon aspè diferan sou kòman pou yo aprann timoun yo pou yo devlope amitye ki sipòte youn lòt epi patisipe nan aktivite gwoup sosyal ak rekreyasyonèl nan pi gwo kominote. Yo bay paran yo konsèy dirèk sou kòman pou yo aprann epi ankouraje pwen sa yo:

  • Gen konfyans nan tèt ou
  • Konfòtab nan sosyete a
  • Planifye bone
  • Angajman pou reyinyon
  • Rete ankontak
  • Pran swen lòt yo
Timoun tout laj 

Amelyore Sante Emosyonèl
Nan atelye sa a, paran yo prezante sèt eleman enpòtan yo pou yo vin an sante emosyonèlman. Lide sou fason yo anseye ak ankouraje sante emosyonèl: 

  • Rekonèt emosyon 
  • Eksprime santiman nou yo 
  • Rekonèt pwoblèm yo 
  • Konsantre sou solisyon yo 
  • Ankouraje relasyon pozitif 
  • Kenbe yon lavi balanse 
  • Aprann rilaks 

Parenting pandan pandemi an
Nan atelye sa a, paran yo prezante senk prensip kle nan eksperyans paran yo pandan yon pandemi. Prensip sa yo se:

  • Fè fas Emosyon Pitit ou a
  • Travay nan Kay ak Lekòl Lakay yo
  • Jere Tan
  • Resous Pou Kreye yon Anviwònman Aprantisaj Kreyatif
  • Kreye yon Orè

An Nou Pale Tech
Pou ki moun li ye? Paran oswa moun kap bay swen ki enterese nan pwomosyon teknoloji ki an sante ak abitid medya nan timoun ki gen tout laj, timoun piti ak jèn timoun. Nan atelye sa a, paran yo prezante nan senk prensip kle nan "An Nou Pale Tech" ki ede fòme yon fason ki bon pou itilize medya yo. Prensip sa yo se:

  • Tek-noloj-i
  • Kreye Règleman ak Woutin
  • Kenbe Sekirite Pitit ou
  • Devlope yon Plan Medya pou Fanmi an
  • Pran Repo epi Konekte!
Mande yon Seyans Atelye 

Si’w pat ka jwen yon lè ki bon pou ou oswa yon kote nan kalandriye a ki bon pou ou epi ou ta renmen òganize yon atelye sou yon sijè pou yon gwoup ki gen 15 paran oswa plis, klike la pou soumèt fòm demann atelye’w la. Y’ap kontakte ou apre 2 jou si se jou travay apati lè ou fin soumèt dokiman’w lan. 

Tanpri pa bliye genyen kèk kondisyon ki dwe aplike se pa tout demann ke y’ap akòde. Anba se kèk nan kondisyon yo men ka gen lòt toujou. 

  • Kapasite ak kondisyon nesesè sal yo:
    • Dwe gen plis ke chèz ki kantite moun ki ap vini yo, si w’ap tann 15 moun dwe gen plis ke 15 chèz.
    • Dwen gen mwayen pou konekte òdinatè, pwojektè, opalè, ansanm ak ekran pou pwojektè ke piblik la ka wè.
  • Paran yo dwe dakò ak:
    • Anrejistre sou entènèt
    • Yo dwe rete pou tout 60 minit seyans atelye a
    • Patisipe nan yon sondaj avan seyans atelye a

Feyè
Telechaje

Plis Pwogram
Klike isit for plis pwogram Trust la sipòte.

Imel Kontak
Pou kesyon konsènan The Children Trust Parent Club, voye imel nan parentclub@thechildrenstrust.org

Logos of Be Strong International, FIU Center for Children and Families, UM Health Miller School of Medicine, Miami-Dade County Public Schools, Miami-Dade Public Library System