The Children's Trust Reyalize Yon Rekò 11 Ane Yap Resevwa Prim Pou Rapò Finansye

The Children's Trust Reyalize Yon Rekò 11 Ane Yap Resevwa Prim Pou Rapò Finansye

Onè prestijye sa a se temwayaj angajman The Trust la pou transparans ak responsablite

The Children's Trust fyè pou l anonse 11yèm Sètifika Akonplisman, youn apre lòt, nan Ekselans pou Rapò Finansye Government Finance Officers Association (GFOA) akòde. Onè prestijye sa a se yon temwayaj sou transparans ak responsablite The Trust, ansanm ak devouman li anvè fanmi ak timoun Konte Miami-Dade lap sèvi.  

Prezidan ak Direktè Jeneral Trust la, James R. Haj di, "Antanke jesyonè lajan piblik, nou rekonèt devwa nou anvè fanmi nou sèvi. Angajman nou anvè transparans ak onètete pa sèlman yon valè òganizasyonèl; se yon pwomès nou te fè kominote a, e nou kontinye onore angajman sa a."

William Kirtland, ofisye anchèf finansye nan The Trust la, te aksante siyifikasyon reyalizasyon sa a. Li deklare, "Lè nou resevwa prim sa a, nou selebre efò kolektif ekip nou an ki angaje pou acheve ekselans nan prezantasyon rapò ki fè reyalizasyon sa a vin posib. Fanmi Konte Miami Dade kapab fyè dèske li konnen The Trust la se yon eleman vital ak transparan nan kominote an, ki te devwe pou kenbe pi wo estanda pandan de deseni ki sot pase yo”.  

Menm jan ak pwosesis chak ane, oditè endepandan ki te egzamine rapò finansye Trust la pat jwenn okenn enpèfeksyon enpòtan oswa feblès signifikan. Reyalizasyon remakab sa a mete aksan sou kapasite eksepsyonèl ekip la pou navige konpleksite jesyon fiskal ak kenbe pi wo estanda rapò finansye.

(GFOA) rekonèt Rapò Anyèl Finansye Konpreyansif The Children's Trust la pou ane fiskal ki te fini 30 septanm 2022. Li felisite òganizasyon an pou "espri revelasyon konplè " ak istwa finansye li ki te kominike klèman. Sètifika Akonplisman sa a solidifye pozisyon Trust la kòm yon lidè nan kontablite gouvènmantal ak rapò finansye.  

Media Contact: 
Natalia Zea
Chief Public Policy & Community Engagement Officer, The Children’s Trust
natalia@thechildrenstrust.org