Spooky Symphony ap tounen pou 13yèm ane plezi ak laperèz pou timoun ak fanmi
The Children's Trust

Spooky Symphony ap Tounen pou 13yèm ane Plezi ak Laperèz pou Timoun ak Fanmi

Konsè gratis an pèsòn pou fèt 30 Oktòb la

Pou paran, Halloween ka yon tèt fè mal. Tout kalite sirèt, mechanste ak enkyetid sekirite pafwa vle di paran ak moun k ap bay swen oblije pran gwo prekosyon ak pitit yo olye yo jwi fèstivite e sirèt yo. Se pa tout aktivite Halloween ki bay estrès. Lè konsa Spook Symphony ap vreman antre nan sèn nan.

13yèm konsè anyèl Trust la ap patwone, ke yo te menm pèsevere pandan pandemi an ak yon pèfòmans vityèl ap tounen an pèsòn 30 oktòb pou bay timoun, paran ak moun kap bay swen bon chans pou jwi jou fèt la san yo pa enkyete yo de okenn lòt distraksyon. Evènman an se yon pèfòmans gratis yon èdtan kote lajenès ka koute bèl mizik Greater Miami Youth Symphony ak Alhambra Orchestra ki pral jwe tèm fim Jurassic Park, Gladiator ak Avenger Saga, e ap gen anplis mizik Broadway tankou Wicked, e yon pyès dramatik ak tèm etranj tankou Dans Macabre.

Pandan konsè a, yo pral pwojte imaj videyo dèyè òkès la. Kòm nòmal, pou amelyore spektak la, mizisyen ak spektatè yo envite pou mete degizman.

Menm jan ak lòt ane yo, Spooky Symphony pral fèt nan Miami-Dade County Auditorium, 2901 West Flagler Street, Miami, 33135. Se Huifange Chen nan Greater Miami Youth Symphony ak Daniel Andai nan Alhambra Orchestra ki pral dirije konsè a.

Admisyon gratis, men tikè yo obligatwa. Tikè yo disponib nan gichè MDCA a, www.ticketmaster.com oswa www.MiamiDadeCountyAuditorium.org. Pou plis enfòmasyon, rele 305.547.5414 oswa imèl mdca@miamidade.gov.