Èske adopsyon bon pou ou?

Èske Adopsyon Bon Pou Ou?

Novanm se Mwa Nasyonal Adopsyon e Konte Miami-Dade bezwen fanmi pou tout tan

Pandan n’ap selebre Mwa Nasyonal Adopsyon an Novanm nan, se yon moman pafè pou granmoun ak fanmi yo mande tèt yo si adopsyon bon pou yo. Se yon gran desizyon, petèt pi gran an ou pral pran nan yon lavi. Men, li pral chanje lavi moun pou tout tan, ni pou yon timoun oswa jèn ke yo adopte ni moun ki adopte yo a. Pou anpil moun ak fanmi, adopsyon akonpaye avèk anpil ensètitid kòmanse ak si li bon pou yo. Alò, men yon apèsi rapid sou kesyon kouran ki asosye ak adopsyon:

  1. Ki kalite adopsyon ki bon pou ou?
    Gen twa fason diferan yo adopte: atravè sistèm plasman familyal, avèk asistans yon avoka oswa ajans ki espesyalize nan adopsyon, oswa entènasyonalman. Sistèm plasman nan fanmi akèy la jeneralman mwens lou finansyèman epi li gen ladan timoun nan kominote ou ki bezwen fanmi pou lavi.
  2. Konbyen tan pwosesis adopsyon an pran?
    Adopsyon atravè pwosesis plasman nan fanmi akèy la pran apeprè yon lane - soti nan klas fòmasyon yo jiska akeyi yon timoun adopte lakay ou.
  3. Èske ou kalifye pou adopte?
    Nan Florid, ou dwe gen omwen 21 an pou adopte. Ou ka selibatè oswa marye, epi kit ou lwe oswa posede yon apatman oswa yon kay.
  4. Èske ou gen ase estabilite nan lavi w’ pou w’ adopte?
    Kòm yon pati nan pwosesis pou adopte yon timoun nan Florid, fiti fanmi pou lavi yo pral pase nan yon pwosesis etid lakay yo pou wè si yon fanmi pare pou adopte. Sa gen ladann vizit adomisil kote espesyalis pral detèmine si yon moun ak fanmi yo kapab pran swen yon timoun ki adopte emosyonèlman, fizikman ak finansyèman.
  5. Èske finans ou ka sipòte yon adopsyon?
    Pa gen okenn kritè finansye espesifik pou paran adoptif, byenke finans fè pati etid fwaye yo pou asire ke potansyèl paran adoptif yo ka reponn ak bezwen debaz yon timoun. Adopsyon yon timoun nan fami akèy nan Florid, prèske pa gen okenn pri - epi eta a pral ranbouse ou jiska $1,000 nan depans adopsyon an, ki gen ladan frè avoka yo. Antanke paran adoptif, moun yo pral elijib tou pou yon kredi taks federal.
  6. Ki kalite sipò ki disponib pou paran ak fanmi adoptif yo?
    •  Egzanpsyon ekolaj ak frè pou nenpòt inivèsite leta Florid, nan tout enstitisyon piblik Sistèm Kolèj Florid oswa pwogram apresegondè piblik ki gen karaktè pwofesyonèl ak teknik. egzonerasyon an valab jiska 28yèm anivèsè nesans adopte a.
    •  Paran adopsyon yo resevwa yon bonis chak mwa jiskaske timoun ki adopte a gen 18 an.
    •  Sèvis apre adopsyon disponib jiskaske timoun ki adopte a vin gen 18 an.
  7. Ki jan lavi ou pral chanje gras ak adosyon?
    Kit ou deja gen timoun ou pa, lavi ou pap janm menm jan apre ou fin adopte. Lanmou ou bay ak resevwa nan men yon timoun adopte inik epi li ka ranpli lavi ou ak lajwa ak bonè. Sa pa vle di p’ap gen defi ak konplikasyon, menm jan ak levasyon nenpòt timoun. Men, simonte defi sa yo epi ede yon timoun viv yon lavi ki konble epi prepare yo pou yo vin yon moun granmoun epi yon moun ki endepandan se eksperyans ki pi gratifye a.
  8. Ki rezon ki motive yon desizyon pou adopte?
    Gen kantite rezon enfini pou vle adopte yon timoun. Men, rezon prensipal la ta dwe toujou yon gran anvi pou bay ak resevwa lanmou. Kit ou menm ak patnè ou pa ka fè pitit poukont nou, oswa nou jis vle bay yon anviwònman ki estab ak afektye pou yon timoun ki nan bezwen, oswa yon pakèt lòt rezon, yo bezwen paran adoptif yo atravè mond lan ak nan Miami-Dade.

Pou eksplore adopsyon nan Miami-Dade County, vizite www.miamiheartgallery.org. Pou wè plis aktivite pandan Mwa Nasyonal Adopsyon an vizite citrusfcn.com/news-events/adopting.