Silvio Plata: Pèdi Vu w Men Jwenn Karyè w

Silvio Plata: Pèdi Vu w Men Jwenn Karyè w

Elèv UM devlope mizikalman ak akademikman nan plizyè pwogram Trust finanse

Nan kad selebrasyon 20yèm anivèsè The Children's Trust, yo aksante timoun ak lajenès The Trust enpakte pou sa yo reyalize ak acheve atravè pwogram oswa inisyativ yo finanse, www.TheChildrensTrust.org/20thAnniversary.

Silvio Plata al Ozetazini ak fanmi li tousuit apre li te fèt nan Nikaragwa, nan kòmansman ane 2000 yo. Anvan li te vin gen 2 an, li te dyagnostike ak kansè epi li vin pa ka wè 'nan tou de je, kidonk rann yon dout konsiderab nan avni l' ak sa paran l. Silvio di: “Paran m yo te pèdi nèt ak konfisyon sou kouman mwen ta pral jwenn yon edikasyon, ki jan m ta pral grandi ak fè bagay senp chak jou tankou deplase m, mache, ale nan yon kote ou yon lòt.

Nan mitan tout ensekirite The Miami Lighthouse pou avèg ak moun ki gen pwoblèm vizyon  vin parèt. Depi 2004 The Children’s Trust ap finance yo e se li ki te bay Silvio ak fanmi l sipò ak konsèy nesesè pou yon vwayaj pi devan ki sanble difisil.

Li di "Se yo an premye ki te fè m kòmanse nan pwogram Ti Bebe Avèg ki te banm terapi, epi fè dwèt mwen vin sansib,". Miami Lighthouse te vin tankou yon dezyèm kay pou Silvio e li te antoure pa moun ki vin tounen eleman sipò ak gidans nan lavi l jouk kounye a.

 

Non sèlman Silvio aprann sèvi ak lòt sans li pou ede l devlope, men li te kòmanse briye nan plizyè aspè nan lavi li. Nan tout, se mizik ki vin tounen pi gwo pasyon l. Li jwe tanbou ak gita, e li se yon ekspè mizisyen sou pyano, e enstriman li pi renmen se vwa li. "Dapre mwen, mizik se yon lòt sans, yon lòt jan pou santi bagay, yon lòt jan pou transmèt emosyon."

Anvan Lontan, Silvio t ap jwe devan spektatè. Enskripsyon l nan lòt pwogram Trust finanse, tankou Arc of South Florida ak The Doral Conservatory and School of the Arts, amelyore talan mizik li ki fèl rive nan yon nivo akonplisman pi wo. Pandan ane yo, talan l ak pèfòmans li fèl rive nan wotè inimajinab tankou chante ansanm ak youn nan zidòl li, tenor Italyen renome mondyal Andrea Bocelli ki vin vizite Miami Lighthouse pou aprann sèvi ak yon nouvo aparèy lekti ki rele Braille. Silvio ede montre l kijan pou sèvi ak aparèy la epi tou de fè yon pèfòmans espontane, Bocelli sou pyano e Silvio tap chante.

Sa a te sèlman youn nan anpil pèfòmans ki ta fè nenpòt mizisyen fyè. Nan dènye ane yo, Silvio pèfome sou pi gwo sèn, tankou chante im nasyonal la nan match besbòl Miami Marlins kont Miami Heat. Nan mwa Oktòb 2022, Silvio pèfòme Im Nasyonal la nan Hard Rock Stadium nan, devan plis pase 66,000 mil fanatik, nan match Miami Dolphins kont Pittsburgh Steelers.

Malgre anpil reyalizasyon ak pèfòmans, Silvio kontinye pouse pi devan, e lap chèche simonte nouvo defi. Li aprann li Braille tèlman byen ke li kòmanse konkire. An 2022, nan Kalifòni, li rive nan final konkou National Braille Challenge.

Paran Silvio, lafwa li, ak divès pwogram pou timoun andikape, tout ede l devlope, soti nan yon ti bebe rive a yon jèn adilt. Li resevwa yon bous konplè nan lekòl rèv li, Frost School of Music University of Miami e kounye a li nan premye ane kolèj. Li planifye pou l kontinye devlope vwa opera l ak lòt talan mizik, epi finalman pouswiv yon diplòm lalwa.

Silvio di “Mwen vreman kwè ke moun mwen ye jodi a ak distans mwen rive, mwen dwe The Children's Trust anpil pou sa. Yo finanse anpil ou tout kan ete ak pwogram kote m te patisipe lè mwen t ap devlope kòm mizisyen, epitou nan domèn akademik”.

Silvio Plata parèt nan kanpay The Children's Trust 20 Years Nurturing Greatness. Aprann plis sou chemen l nan www.TheChildrensTrust.org/20thAnniversary.