Rete Pozitif: Konekte Avèk Timoun ou yo nan Mond Dijital yo a

Rete Pozitif: Konekte Avèk Timoun ou yo nan Mond Dijital yo a

Itilize teknoloji pouw ka pi pwòch avèk pitit ou yo, pa alyene yo.

Chèche opòtinite pou benevola avek timoun yo pou yo ka eksplore yon enterè pou yon karyè medikal. Vwayaje ansanm de fason vityèl nan mize D’Orsay ki nan Paris. Òganize sware Triva anliy avek fanmi nan Chicago oubyen Nicaragua. Mande timoun nou yo pou kreye yon desen menm jan ak pa Minecraft yo oubyen fè yon montaj foto ete sou shutterfly.

Wi, fikse rè ak limit klè pou garanti yon itilizasyon medyatik sekirize e responsab epi evite yon konsomasyon eksesiv nan kontni nimerik yo.

Men olye pou wap goumen konstaman, angaje nou tou nan reyalite vityèl timoun nou yo e gide yo dousman nan lot aktivite anliy ki ka pèmèt yo etabli lyen, enstwi yo epi ranfòse konfyans yo gen nan yo. 

Plezi fanmi nimerik (vrèman!): Yon atik sou Washington Parent note kijan timoun jounen jodia sosyalize yo le yap ekri, jwe, epi genyen angajman sou rezo sosyo yo. Si pandan wap koupel nèt la oh koupe yon fil sansib, “fikse limit pou bay tan pou devlope konpetans ak kreyativite nan lòt domèn epi teknoloji a kapab itilize pou ranfòse lyen familyal,” jan rapò a endikel la.  “Òganize chanpyona jwèt an fanmi oubyen lanse konkou youtube familyal chak 2 semèn pou jwenn video konvèsasyon ki pi dwòl. Itilize facetime ak skype pou diskite nan video avek manb nan fanmi yo ak zanmi ki ap viv lwen.

Atik la defye paran yo konsidere aktivite anliy timoun yo si li favorize koneksyon sèn, kouraj ak konfyans. “Konsèy American Academy of pediatrics sigjere paran yo pou yo ta fokis mwens sou ki valè tan timoun yo pase nan medya dijital men plis fokis sou kontni medya yo ak kontèks yap itilize li.”

American Academy of Pediatrics rekòmande pou limite valè tan yap pase devan ekran yo men chwazi gade avèk timoun yo tou, konsa yo kapab itilizel pou yo aprann, pou yo kreyatif epi pataje eksperyans sa yo ak fanmi an. Pale avèk yo sou sitwayènte ak sekirite anliy wpi konsilte medya yo nan bon sans pou jwenn plis konsèy sou sijè a. “Sa aprann yo trete moun avèk respè sou medya yo, evite asèlman medyatik ak sexting, mefye yo de solisitasyon anliy yo epi pwoteje vi prive yo.

Panse andeyò de Bwat la: Atik The Children’s Trust la “Don’t fight fortnite: use it” diskite sou kòman pou kanalize adiksyon medyatik epi dirije timoun nan konekyon sèn nan vi reyèl la epi fè  “kreyativite yo, espri analiz yo ak enèji fizik yo grandi.” Pa egzanp òganize yon fortnight oubyen yon fèt Minecraft, men oryante jwè ki pi piti yo nan “aktivite tankou zam dlo oubyen nerf blaster nan lakou an ekip epi yon strateji ki baze sou jwèt konsòl yo. “

Chèche, anseye epi aprann: Washington Parent note ke enterè pou bay timoun yo yon santiman pou yo yo santi yo kapab e konfyan lè yap chèche  yon resèt pou yon dine familyal, aprann paran yo kijan pou yo fè yon lis mizik pou yo tande oubyen gade yon video sou youtube pou yo dekore yon gato anivèsè. “How your child can use technology to enhance creativity” ofri yon pakèt resous pou tout bagay, soti nan ekri yon liv istwa nimerik pou rive nan kreye yon sit entènet familyal.

Epi yo voye mesaj ankourajman sa “ou ka fè li” pou bouste konfyans yo. Bay timoun nou yo lapawòl tou epi kite yo ede lè nou ap fikse règ pou itilizasyon teknoloji yo an fanmi.

Dekwoche telefòn (pòtab) sa: nan yon kontèks kote depresyon an ap ogmante, yon atik CNN soulinye enpòtans pou rele yon zanmi pou  “aleje solitid e ede jèn yo rekonekte youn ak lòt.” Montre timoun yo tou, pa egzanp kòman pou yo fèmen aparèy sa. “Fòk nou yon modèl pou valè tan yap pase devan ekran epi pou yon itilizasyon teknolojik ki sen,” se sa Washington Parent raple nou. “Bay egzap pou yon kominikasyon pozitif ki pa elektwonik jiskaske sa genyen yon enpak, tankou vye konvèsasyon telefonik ak konvèsasyon fas a fas, pito ke yo rete nan ekri oubyen voye e-mail pou yo konekte yo yon fason entrapèsonèl.”