Rann Konfò epi ede Timoun ou Atravè Evènman Difisil nan Mond lan

Rann Konfò epi ede Timoun ou Atravè Evènman Difisil nan Mond lan

Otè James R. Haj, Prezidan ak Direktè Jeneral The Children Trust

Pou yon timoun kap wè imaj twoublan ak videyo konfli mondyal, efè yo ka menm pi difisil pou yo pase rès nan nou. Nivo estrès ka pi fasil ogmante pou timoun yo si yo ekspoze a yon pakèt medya entans, ki ka mennen sentòm enkyetid oswa depresyon. Paran ak moun kap bay swen dwe obzève jan sitiyasyon sa yo ka gen enpak sou byennèt emosyonèl pitit yo, epi deside si yo vle diminye sa yap gade, epi ofri eksplikasyon apwopriye pou laj yo sou sa kap pase a.

Paran konnen pitit yo pi byen. Konsidere pèsonalite endividyèl ak karakteristik timoun yo pou deside kijan pou abòde sijè difisil sa yo. Menm si sa, gen kèk bagay tout granmoun ka konsidere lè yap kominike ak timoun sou sitiyasyon konplèks.

Gade sa yap gade!
Akòz medya sosyal ak sik nouvèl 24 èdtan sou 24 kap met presyon sou timoun piti, paran yo dwe okouran de sa yap wè ak kijan sa afekte yo. Timoun ki pi jèn ka mwens ekspoze e konsyans yo ap pi limite sou sa k ap pase; Kenbe diskisyon an nan nivo enterè yo. Menm pou timoun ki pi gran, paran yo bezwen limite nivo enfòmasyon ki ka twoublan pou yo. Tanzantan fè yo sipann gade telefòn selilè, tablèt elektwonik, ak televizyon epi ankouraje lòt aktivite entèaktif.

Kominikasyon onèt e an fanmi ak timoun yo ap diminye risk pou yo aprann sou evènman boulvèsan nan mond lan poukont yo san sipò emosyonèl ak rasirans. Lè paran yo pare pou pale sou sijè a, yo ka kòmanse pa mande kisa yo konnen sou sa kap pase nan mond lan ak kijan sa fè yo santi.

Santiman yo konte
Fè yo konnen jan yo santi yo oke. Sitiyasyon boulvèsan kapab fè yo santi laperès konfizyon oswa kilpabilite, tout sa valab. Si yo poze kesyon espesifik, bay yo ase enfòmasyon san plen tèt yo ki pral mete yo alèz.

Koute pitit ou epi si yo poze kesyon sou fason pwoblèm mondyal kapab afekte fanmi ou, konfime santiman yo epi mande sa yo pi pè e an menm tan fè yo konnen yo an sekirite.

Pou timoun ki pi gran ak adolesan, lè w ap pale sou pwoblèm mondyal oswa politik sa ka inisye yon diskisyon sou ki bò ki korèk ak ki bò ki mal. Ou pa bezwen pè eksplike repons senp pa rive fasil nan lavi reyèl e ke konfli mondyal ak menm pwoblèm nan kominote yo ka konplike. Malgre li enpòtan pou apprann yo respekte tout opinyon, paran yo kapab itilize opòtinite sa a pou reflechi sou pwòp valè ak kwayans yo.

Kisa nou ka fè ansanm
Kominikasyon ak dyalòg se fason timoun ou ka jere pwoblèm sa yo. Distraksyon ak pran aksyon espesifik se lòt fason pou yo ka alèz. Twòp konsantrasyon sou pwoblèm twoublan ka ogmante enkyetid sou sitiyasyon mondyal yo, kidonk, asire w ke ou bay pitit ou fason pou lespri ak kò yo rete aktif. Egzèsis, espò ak jwèt, se bon jan pou yo konsantre sou moman prezan epi li ka yon terapi si timoun yo sanble akable ak sèten sitiyasyon. The Childrens Trust finanse pwogram apre lekòl, ete ak lòt pwogram lajenès ki gratis ou a pri ba ki ka nan enterè pitit ou. Tcheke TheChildrensTrust.org/Find-A-Program pou jwenn youn ki tou pre w.

Ou kapab ankouraje ak fasilite pitit ou aprann ede moun ki nan bezwen. Paran ka jwenn òganizasyon lokal ak enstitisyon k ap chèche èd volontè. Chèche ak prekosyon opsyon pou asire w timoun yo pa nan sitiyasyon ki twò emosyonèl ou pa pwodiktif pou byennèt mantal yo.

Paran se sipòtè ak defansè prensipal pitit  yo. Pou pran bon swen byennèt pitit ou, li enpòtan pou pran swen li lè w konekte ak lòt paran epi pratike swen pwòp tèt ou. The Childrens Trust ofri atelye gratis pou paran atravè konte a ki fè pati nan Parent Club la ki ofri plis zouti paran ak moun kap bay swen ka itilize pou ede timoun pi jèn oswa pi aje grandi. Pou enskri pou yon atelye gratis ki tou pre w. Tcheke TheChildrensTrust.org/ParentClub.