Pral gen 50 Nouvo Mini-Teren Foutbòl nan Miami-Dade

Pral gen 50 Nouvo Mini-Teren Foutbòl nan Miami-Dade

Lig ak pwogram gratis pou jèn dwe an plas anvan World Cup 2026

Nou pa ka tann pou FIFA World Cup 2026 jwe nan Miami e atravè peyi Etazini, Meksik ak Kanada? Ebyen, gras a Inisyativ Foutbòl Miami-Dade anonse dènyèman, timoun ou pap bezwen tann anpil tan pou yo kòmanse jwe foutbòl, menmsi kounye a ou pa gen okenn teren toupre katye w.

Nan yon konferans espesyal pou laprès pandan mwa avril la, US Soccer Foundation, The Children's Trust, Fondatè/PDG Citadel ak filantwopis Kenneth C. Griffin, ak lòt moun anonse lansman inisyativ kreyasyon 50 nouvo mini teren foutbòl ak pou kreye lig ak lòt pwogram ki gen rapò ak foutbòl. Inisyativ la konsantre sou ogmantasyon aksè a jwèt la pou amelyore sante ak byennèt omwen 36,000 timoun anvan 2030.

Yo pral bati nouvo teren foutbòl sitou nan zòn ki pa gen enstalasyon aktyèl pou jèn moun ki pa gen ase aksè a resous jwe foutbòl. The Trust ak patnè li US Soccer Foundation pral bay pi fò nan pwogram yo gratis, epitou ede idantifye kote pou konstwi teren yo e asire yo sitiye tou pre jèn ak fanmi kap pi bezwen yo. Mini teren foutbòl yo pral akomode US Soccer Just Ball League ki deja gen siksè nan lòt gwo vil atravè peyi a.

James R. Haj, prezidan & C.E.O. nan The Children's Trust di "The Children's Trust konsidere depi lontan valè itilizasyon espò kòm yon opòtinite pou kenbe timoun an sekirite epi ogmante byennèt fizik ak sosyo-emosyonèl yo epi li fyè finanse Soccer for Success depi 2017," “Agrandisman match lig nan katye yo atravè Just Ball epitou gwo don Ken Griffin pou enstale nouvo mini teren sa yo pral ofri opòtinite pou timoun ak jèn nan kominote nou eksplore ak benefisye de foutbòl ki a ba pri ou gratis.”

Griffin ap bay $5 milyon dola pou finanse devlopman 50 nouvo mini teren nan Konte Miami-Dade anvan 2026, e US Soccer ak The Trust pral bay pi fò nan sipò pwogramasyon an.

Griffin di "Atravè foutbòl, timoun yo ka fè eksperyans benefis travay ann ekip, disiplin atletik, ak jwa konpetisyon." “Mwen fyè asosyasyon m ak US Soccer Foundation, Miami-Dade County, e Miami Children’s Trust pou ede plizyè milye timoun atravè kominote nou an dekouvri espò sa a.”

U.S. Soccer Foundation ak Adidas kreye Lig Just Ball la, ki te kòmanse pandan otòn 2022 nan Nouyòk ak Los Angeles, sèvi ak mini teren ansanm ak lòt sant kominotè pou devlope opòtinite jwe nan lig foutbòl nan nivo katye e elimine baryè tankou transpò ak pri ki souvan pa pèmèt timoun nan kominote a ba resous jwe jwèt la.

Yo remake pwogram apre lekòl US Soccer Foundation lan Soccer for Success, amelyore rezilta sante ak byennèt sosyal emosyonèl. 88% patisipan ap travay pi byen an ekip, 86% elwagne yo de konpòtman antisosyal, e 83% gen pi bon rezilta sante. The Trust la deja asosye ak US Soccer pou pote Soccer for Success nan Miami-Dade County.