Nan 13yèm Konkou Anyèl Young Talent Big Dreams (Jèn Talan Gran Rèv) Yo Kouwone Ganyan Yo

Nan 13yèm Konkou Anyèl Young Talent Big Dreams (Jèn Talan Gran Rèv) Yo Kouwone Ganyan Yo

Nicole Becker ak Emma Van Assche pran gwo pri lakay yo

Jèn ak timoun ki gen pi plis talan nan Konte Miami-Dade te reyini ansanm nan mwa Me pou yon prezantasyon majik nan Actors’ Playhouse nan Miracle Theatre pou finalize konkou Young Talent Big Dreams (YTBD), ak selebre 13yèm ane li. Nan konte a, YTBD se konpetisyon talan lajenès ki pi popilè, ak gratis, e ane sa a plizyè santèn timoun te patisipe pou ranpòte gran pri a.

Nan fen konpetisyon an te gen 6 seri odisyon, epi semifinal ak final. Nicole Becker, 14 zan, ki soti nan Miami Arts Studio 6-12, Zelda Glazer ak Emma Van Assche, 13 zan, ki soti nan International Studies Charter School, te genyen Gran Pri jeneral la, $500 kach Actors’ Playhouse bay, kat tikè pou Universal Orlando ansanm ak yon sejou otèl pou de nwit, koutwazi kanal WSVN 7News.

Actors' Playhouse, ansanm ak The Children's Trust, patwonè yo, òganize evenman anyèl la kòm pou ankouraje ak enspire jèn talan vin tounen zetwal, an menm tan fè yo konnen travay di nesesè pou pèfeksyone talan yo. Young Talent Big Dreams swiv modèl popilè emisyon talan televize; jij yo se yon pakèt pwofesyonèl ki soti nan endistri kominote atizay pèfòmans.

James Haj, rezidan ak Direktè Jeneral The Children’s Trust di. “Mwen vle felisite tout gayan nan Konkou Young Talent Big Dreams ane sa a. Ane apre ane evènman sa a demontre talan enkwayab nan Miami-Dade County,” "Nou se yon kominote vibran ki sipòte boza, e li te supèb pou wè talan tout moun. 

GAYAN KONKOU YOUNG TALENT BIG DREAMS 2023:
Lis Gayan Gran Pri Jeneral ak Gwoup Vokal: Nicole ak Emma Van Assche, 13 zan, International Studies Charter School; Gayan Dans Endividyèl: Daniel Rodriguez, 9 an, Lekòl Elemantè iMater Academy; Gayan Endividyèl Konpozisyon Orijinal: Julieta Valle, 11 an, Homeschool; Vokal Endividyèl – Gayan Broadway/Jazz/Classical: Ciara Martinez, 16 an, New World School of the Arts; Vokal Endividyèl – Pop/Rock/Rap Gayan: Shantel Ruiz, 11 an, Norma Butler Bossard Elementary School; Gayan Oral Endividyèl Kreyasyon Original: Nailah Robinson, 17 an, Miami Norland Senior High School; Gayan Enstriman Mizik Endividyèl: Drumongus (Angel Cerra), 12 an, South Miami Middle School; Gayan Gwoup Dans: Ekip AP Mays Pointe; Gayan Gwoup Enstriman Mizik: Gwoup Headrush.
 

Media Contact: 
Natalia Zea
Chief Public Policy & Community Engagement Officer, The Children’s Trust
natalia@thechildrenstrust.org