Mache Fason sa a san Danje

Mache Fason sa a san Danje

Lè timoun yo nan lari, sekirite yo dwe priyorite nou.

Se Gabrielle Llano, M.D., yon kandida M.P.H ki ekri sa, avèk Julie Belkowitz, M.D., M.P.H., Lyse Deus, MeD., Oneith Cadiz, M.D., injuryfreemiami.org

Rantre skolè a siyifi ale lekol nan tout sekirite, kit se apye, nan bis ousinon nan machin familyal. Li byen pou ou wè timoun yo kap soti pou yo kouri, mache oubyen jwe, men li esansyèl pou nou asire sekirite pyeton yo.

Timoun yo riske pou yo blese ousinon pou yo mouri paske lè yo oryante yo nan lari nan tout sekirite nan sikilasyon an kapab depase kapasite pou yo reflechi, devlope, konpòtman yo ak fizik yo. Timoun ki pi gran yo riske plis lè yo ap voye yon mesaj, itilize medya sosyi yo, lè yo mete kas nan zòrey yo oubyen lè yo ap reponn yon apèl telefonik. Anpil blesi souvan fèt ant 3 ak 7è nan aprè midi. Lòt risk anko se zòn kote sikilasyon an anpil epi kote limit vitès la pi plis, kote ki pa gen twotwa oubyen kote pou pyeton mache, antre garaj yo ak zòn rezidansyèl yo. 

Menm si sa ka sanble fè nou pè, nou dwe ankouraje timoun yo pou yo soti deyò. 
Men nou dwe mete an konsiderasyon konsèy sekirite enpòtan sa yo:

  • Gade a goch a dwat epi re gade a goch ankò avan nou travèse lari a. Sa enpòtan pou jèn timoun yo ni adolesan yo tou.
  • Raple nou ke se pa paske nou wè moun kap kondui a ke li menm li wè nou.
  • Li preferab pou nou mache sou twotwa yo oubyen a kote. Timoun yo dwe travèse nan kwen lari yo epi itilize limyè sikilasyon ak pasaj pou pyeton yo kòm gid. Si pa gen yon twotwa ki pre, aprann yo pou yo mache anfas sikilasyon an, pi lwen l ke posib sou bò goch yo.
  • Timoun yo pa dwe jwe nan ale yo, nan lakou ki pa klotire yo oubyen parkings yo. Pa janm otorize yo kouri nan lari a.
  • Pou yo toujou ranje telefòn yo, kas yo ak lòt aparèy lè yo ap travèse lari a.
  • Si se lè solèy la pral kouche, toujou genyen flach epi mete rad ki reflechisan.
  • Raple yo gwo ang yo pa wè deyè machin nan.
  • Timoun mwens 10 zan pa dwe janm travèse lari a san granmoun pa akonpanye yo.
  • Fòk nou yon bon modèl nan koze sekirite pou pyeton yo.
  • Siveye timoun kap jwe deyò bò lari yo.
  • Ankouraje yo mache epi asire nou ke li san danje. Men mete aksan sou laj ak nivo matirite timoun yo. Mete aksan sou distans yap mache a. Mete aksan volim ak vitès sikilasyon nan zòn nan.
  • Fè pridans sou volan nan tout sitiyasyon, epi evite distraksyon tankou voye yon mesaj pandan ou nan machin nan.
  • Travay avèk kominote ou a pou nou konsevwa lè ki plis sèten pou timoun yo ale lekol a pye pandan ke nou ap mete an plas kèk mezi pou yon sikilasyon sèten epi fè wout pou pyeton yo pou separe yo ak sikilasyon otomobil yo.
  • Plede pou yo desann limit vitès yo nan zòn nan oubyen nan zòn lekol yo.

Konsa moun kap mache a pye yo ap evite blese Pandan ke timoun yo pral retounen lekòl pou yon pwochèn ane akademik. Aplike konsèy sa yo pou nou asire nou ke timoun yo rive kote yo prale a an sekirite, nenpòt lè li ta ye nan jounen an oubyen nan ane a.

Pou plis enfòmasyon sou kòman pou garanti sekirite timoun nou yo, rele Injury free coalition for kids, yon pwogram ki fè pati Children’s Trust nan 305-243-9080 oubyen vizite www.injuryfree.org.