Kilè Li Plis Pase Yon Grip?
Stephanie Frey/stock.adobe.com

Kilè Li Plis Pase Yon Grip?

Viris Respiratwa Syncytial ki lakòz ravaj otòn sa a

Viris Respiratwa Syncytial (RSV) se youn nan anpil viris ki lakòz maladi respiratwa—maladi nen, gòj ak poumon. Viris sa a rive nan fen sezon otòn jiska kòmansman mwa prentan, men nan diferan pati nan peyi a li ka varye.

Prèske tout timoun pran RSV omwen yon fwa anvan yo gen 2 zan. Pou pifò timoun ki an sante, RSV se tankou yon grip. Men, gen kèk timoun ki vin malad anpil ak sa.

Akòz COVID 19 te gen mwens ka RSV an 2020 paske moun te mete mask ak kenbe distans yo. Sepandan, nan prentan 2021 lè vaksen COVID la parèt e mezi sekirite vin pi rilaks, RSV ogmante. Ane sa a, pwopagasyon RSV ak lòt maladi respiratwa sezonye tankou grip kòmanse pi bonè. 

Dapre yon atik nan The Atlantic la, se RSV ki fè depatman ijans ak inite swen entansif vin depase  kapasite yo ane sa. Akòz sa li vin youn nan pi move kriz swen pedyatrik nan plisyè dekad.

Alò, ki lè ou ta dwe rele doktè a? Si pitit ou andikape, kontakte doktè a. Rechèch montre timoun  andikape gen pi gwo risk konplikasyon ak maladi respiratwa.

Anjeneral sentòm RSV pi move ant 3èm a 5èm jou maladi a. Erezman, prèske tout timoun retabli poukont yo de enfeksyon an.

Rele pedyat ou touswit si pitit ou gen nenpòt nan sa yo:

  • Sentòm bwonchiolit
  • Sentòm dezidratasyon (mwens pase yon kouchèt mouye chak 8 èdtan)
  • Poz oswa difikilte pou respire
  • Lang, bouch oswa po gen koulè gri oswa ble 
  • Aktivite ak vijilans diminye anpil

Kèk timoun ki gen RSV ka gen plis risk devlope yon enfeksyon bakteryèn, tankou yon enfeksyon nan zòrèy. Rele doktè ou si pitit ou gen:

  • Sentòm ki vin pi grav oswa ki pa kòmanse amelyore apre 7 jou
  • Yon lafyèv (ak yon tanperati rektal 100.4°F ou pi wo) epi yo gen mwens pase 3 mwa (12 semèn).
  • Yon lafyèv ki kontinye monte pi wo pase 104°F nan yon timoun nenpòt laj.
  • Pa dòmi byen oswa ajitasyon, doulè nan pwatrin, ap rale zòrèy li oswa zòrèy li ap koule.

Pou plis enfòmasyon klike isit la.