Ki sa ou ka fè Konsènan ChatGPT?

Ki sa ou ka fè Konsènan ChatGPT?

Paran yo bezwen rete enfòme de entèlijans atifisyèl ak kijan li ka afekte edikasyon pitit yo

Pandan ane lekòl la te kòmanse ane pase a, paran yo te retwouve yo nan yon nouvo peryòd edikasyonèl kote Entèlijans Atifisyèl (ai) vin de pli zan pli komen nan lavi akademik adolesan yo. Diskisyon ozalantou sal klas yo ak nan fanmi yo santre an gran pati nan mande si nouvo pwogram entèlijans atifisyèl (AI), an patikilye sa yo ki ka ekri ak "panse" pou kont yo, pa ta ka konplete aprantisaj tradisyonèl oswa vin yon rakousi nan reyisit ki ta ka reprezante gwo danje olye de yon sipò nan devlopman yon elèv.

IBM Defini li kòm yon branch nan syans ak jeni ki fè sistèm òdinatè entelijan ki imite kapasite moun genyen pou rezoud pwoblèm ak pou pran desizyon. Nan tan lontan, se te nan domèn syans fiksyon yo te konn pale de entèlijans atifisyèl (ai). Men, de tan zantan, nou wè aplikasyon li nan mond reyèl la ap vin pi popilè lakay yon bon pati nan popilasyon an. 

Dènye sondaj Pew Research Center fè an novanm 2023 pwouve a klè ke gen gwo ogmantansyon ki fèt nan itilizasyon entèlijans atifisyèl (AI) ak an patikilye ChatGPT - ki se yon zouti ki itilize e trete lang natirèl gras ak entèlijans atifisyèl (AI) ki pèmèt ekri e menen konvèsasyon tankou moun-. Rezilta yo te chokan — yon adolesan ameriken sou senk pat sèlman tande pale de entèlijans atifisyèl (A. i.) men tou te itilize li pou travay lekòl yo. Revelasyon sa a potansyèlman vle di yon chanjman enpòtan nan peyizaj edikasyon an, e li te kite paran yo kounye a ap lite ak bezwen pou konprann ak jere itilizasyon entèlijans atifisyèl (ai) lakay adolesan yo.

Anpil paran prefere pa kite pitit yo angaje yo ak entèlijans atifisyèl (AI) ditou, omwen jiskaske yo dekouvri plis enfòmasyon sou fason li ka afekte edikasyon yo. Pou paran sa yo, kominikasyon se kle. Eksprime enkyetid yo ouvètman sou potansyèl enpak negatif sou aprantisaj tradisyonèl enpòtan anpil. Paran yo bezwen klarifye enpòtans pou rezoud pwoblèm ak panse kritik nan devlopman pitit yo epi avèti konsekans potansyèl ki genyen nan ka kote entèlijans atifisyèl (AI) itilize nan fason ki ale kont politik lekòl yo. Echwe devwa oswa klas ak, nan ka ekstrèm, aksyon disiplinè ki mennen nan ekspilsyon yo se posiblite reyèl nan itilize entèlijans atifisyèl (ai) san otorizasyon.

Malgre sa ka tante nou pou nou konsidere itilizasyon entèlijans atifisyèl (ai) oswa ChatGPT tankou triche, paran yo ta dwe konnen tou ke pitit yo te pran rakousi sa a chak jou pi plis avan menm pwoblèm aktyèl la domine tout nouvèl yo. Rechèch etidyan edikasyon Stanford fè montre ke te konn toujou gen triche e li te popilè anvan entèlijans atifisyèl (ai) te vin yon opsyon - ak otan ke 60 a 70 pousan nan elèv yo sou yon peryòd 15 ane di yo angaje nan kèk kalite triche pandan jis mwa anvan an. 

Paran yo ta dwe konsidere tou ke a lontèm, trete entèlijans atifisyèl (AI) tankou yon gwo mechan menm jan ak ajan Smith nan fim  Matrix  pap  benefisye pitit yo e sa ta ka menm vin kontreprodiktif.  Menm jan ak lòt aplikasyon entèlijans atifisyèl (ai), ChatGPT ak lòt pwogram menm jan an ap siman vin pi popilè de jou an jou, se poutèt sa, kapasite pou jere yo ta ka yon meyè opsyon ke eseye entèdi yo nèt.

Paran ki wè entèlijans atifisyèl (ai) tankou yon zouti akademik ki gen anpil valè souvan kwè ke aprann sèvi ak li pral yon konpetans ki ka bay pitit yo yon pwen pou rann yo pi konpetitif alavni. Paran sa yo ta dwe angaje yo nan konvèsasyon reflechi ak adolesan yo, etabli direktiv pou itilizasyon entèlijans atifisyèl (ai) de manyè responsab, dapre pwòp valè yo. Pou yo, li esansyèl pou fè konprann ke entèlijans atifisyèl (ai) ta dwe yon sipò pou aprantisaj tradisyonèl, men li pa gen dwa ranplase li.

Yon atik nan 74 la ki gen tit "3 Ways to Use ChatGPT to Help Students Learn - and Not Cheat (3 fason Pou Itilize ChatGPT Pou Ede Elèv Yo Aprann san Yo pa triche)" ankouraje paran yo pou yo fè timoun yo trete ChatGPT tankou yon patnè aprantisaj ki ka pwovoke plis diskisyon ak aplikasyon pratik olye fè li fè esè yo oswa tout devwa yo. Li di tou Ke ChatGPT ka ede elèv yo revize travay orijinal yo epi yo ka mande yo kreye fidbak pozitif pou ranfòse konfyans.