Youth Advisory Committee

Youth Advisory Committee

Tout elèv lekòl segondè Miami-Dade County ka patisipe nan The Children's Trust Youth Advisory Committee (YAC) ki se vwa lajenès. Se yon pwogram devlopman lidèchip ki konsantre sou sèvis ak defans e ki espesyalman gen rapò ak timoun e fanmi yo.

Fòme an 2006, chak ane YAC elaji swivan nimewo ak enpak. An 2018, The Trust te elaji YAC ak 6 gwoup anplis - YAC Central, YAC North, YAC South, YAC Far South, YAC West Kendall and YAC West. Apeprè 120 jèn ap patisipe. Gwoup yo rankontre chak mwa nan sit separe, men yo pataje yon misyon komen: anrichi pwochèn jenerasyon divès moun k ap kreye chanjman atravè eksperyans lavi ki gen anpil valè tankou devlopman karaktè esansyèl, responsablite, kreyativite, optimis, andirans, ak lòt bagay pou kreye chanjman pozitif nan jèn yo, kominote yo ak Miami-Dade County?

Anplis reyinyon regilye yo, nou devlope ak egzekite pwojè aprantisaj sèvis ak patisipasyon nan eskursyon. Pou lasemèn jenès la, pandan voyaj vè Kapitòl Tallahassea a, jèn manm YAC gen opòtinite pou vizite yon kolèj. Eksperyans sa a ekspoze yo nan pwosesis politik la an pèsòn lè yo rankontre ak lejislatè yo epi pou fè konnen pwoblèm ki afekte kominote yo gen yon asanble piblik ki òganize pou jènjan eta a. Pou plis enfòmasyon, voye yon imèl bay YAC@thechildrenstrust.org.

Pou Aplike Klike La 

Kesyon Yo Mande Pi Souvan (pdf)