Boy with super hero mask and cape

Èske Pitit ou Timid?

Pa enkyete’w – se yon bon bagay!
Pa enkyete’w – se yon bon bagay! 

Poukisa gen timoun ki sosyal pandan genyen lòt ki trankil anpil? “Fason timoun ou reyaji ak lòt se pa yon rezilta dirèk anviwonman oubyen eksperyans, kòm anpil moun ka sipoze. Pito, tanperaman, tankou koulè je, oubyen fòm kò, jwe gwo wòl nan sa,” se sa sikolojis nan edikasyon Christine Francesca di, li se otè liv Quiet Kids: Help Your Introverted Child Succeed in an Extroverted World.

Endikasyon ak Sinyal yo

Yon konpòtman dousman kapab se yon siy timidite, men gen lòt siy ki ka bay paran yo lide sou tanperaman timoun lan. Susan Cain, li se otè liv Quiet Power: A Guide for Kids and Teens, montre ke genyen sansibilite avèk gwo bri, rad ki pa konfòtab oubyen move tanperati; montre hezitasyon lè gen yon nouvo sitiyasyon oubyen kontre ak nouvo moun; gwo konsantrasyon epi fokis sou detay; epi vize pèfeksyon. Timoun ki timid souvan se bon oditè, yo gen imajinasyon epi yo se kalite zanmi ki pa byen ak nenpòt moun.

Bezwen Espesyal yo

Estabilite enpòtan anpil pou timoun ki timid la. Yon fondasyon solid ansanm ak yon anviwonman ki an sekirite epi ak yon fanmi ki konekte – tout sa rasire pitit ou ke li pa poukont li – sa ap ba li plis matirite ak otonomi, se sa sikolojis Marti Olsen Laney eksplike, epi li se otè liv The Hidden Gifts of the Introverted Child. “Timoun timid la ap chèche konfò ak abitid... pou’l ka vin gen konfyans.”

Limit yo enpòtan anpil tou. “Moun timid yo souvan yo enkwayab, yo gen talan, yo gen don, yo se timoun adorab,” se sa Laney di. Men volonte pou yo rete trankilman poukont yo oubyen jwe avèk sèlman yon sèl zanmi se pa yon preferans, se yon nesesite. Timoun nan aprann kijan pou’l konekte ak dekonekte ak lòt yo, epi si ou bay li chwa pou retire kò li ‘’sa pèmèt entimite yo,” se sa Laney eksplike. “Yo bezwen gen aksè avèk panse yo, sansasyon ak pèsepsyon yo pou yo kapab gen yon sans ekilib.”

Senpati ak sipò se kle akseswa emosyonèl timoun timid la tou; yo enpòtan anpil pou kreye konfdans. Rekonèt epi sipòte santiman pitit ou sa ede yo devlope tout kapasite yo. Lè timoun nan konnen ke tanperaman timid yo a akseptab epi lòt pa’p jije li pou sa, konfdans nan tèt li ap grandi, pi devan, l’ap vin pi otonòm.

Talan Kache

Pandan ke se tandans pou timoun yo izole tèt yo ki enkyete paran yo, timoun timid yo gen anpil bèl kalite. “Si yo te ka pwofte avantaj sa yo epi aprann itilize yo nan fason pozitif, sa t’ap ede pitit ou trase lavi’l,” se sa Laney di, ki pataje avantaj sa yo:

  • Yon vi enteryè ki konble. Olye pou depann sou lòt, timoun timid yo konte sou tèt pa yo. “Yo vle konprann tout bagay epi poukisa yon bagay enpòtan. Yo pa pè gwo kestyon. Yo gen kapasite analize tèt pa yo,” se sa Laney di. Youn nan avantaj ke yo genyen, yo p’ap fasil pou pran presyon ke lòt elèv lekòl yo ap bayo, paske yo kwè nan tèt yo. “Yo pran desizyon ki nan enterè tèt yo dapre abitid pa yo, yo prefere pa melanje ak gwoup,” se sa Laney eksplike.
  • Yon lanmou pou aprann. Timoun timid yo bezwen anpil enfòmasyon pou nouri sèvo yo, epi satisfè kiryozite ak enterè yo, se sa Lanye fè konnen. “Yo toujou ap konpare epi analize sa y’ap aprann fas ak reyalite pa yo.” Dapre etid Gifted Development Center, 75 pousan timoun ki gen gwo nivo entèlijans yo timid. Sepandan, lè timoun timid yo pa konsome enfòmasyon nesesè pou sèvo yo, w’ap wè ke yo pa enterese – espesyalman nan klas lekòl la, kote yo ka santi yo raz oubyen ajite.
  • Yon sèvo ki kreyatif anpil. Sòti nan resoud pwoblèm pou rive nan gwo re?eksyon pase nan kreyativite atistik, fason inik timoun timid lan wè mond lan se sa ki souvan pèmèt li briye. Tout sa “pèmèt yo eksprime sa ki nan tèt yo, san yo pa bezwen pale anpil,” se sa Laney di. Li konseye ankouraje kreyativite pitit ou “lè ou ba yo libète pou yo eksprime yo san ou pa kritike yo.” Epi apresye re?eksyon yo, “Mande yo opinyon yo.” Lè ou fè sa, li ajoute, ou ka ede yo gen plis kapasite pou debloke abilite yo.
  • Yon konpòtman sosyal ki byen devlope. Timoun timid konsyan anpil konsènan emosyon ak santiman yo, ki lakoz ke yo konprann lòt moun – se sa ekspè yo rele entelijans emosyonèl. Yo gen tandans tou pou devlope yon sans valè moral byen bonè nan vi yo, se sa Laney fè konnen, epi yo ka vin gen plis sajès nan granmoun yo. “Sante emosyonèl (ki vle di yon byennèt pozitif) enpòtan anpil, pou fonksyone youn ak lòt nan lavi,” se sa Laney di. “Alòs rekonèt epi aplodi abilite pitit ou pou li eksprime santiman li.”