Fanmi yo antre nan Ekspozisyon Fanmi 2021 nan South Dade.

Photo by Gregory Reed.

Trust Family Expo ap Kontinye nan mwa Septanm an

3 lòt chans pou timoun amize yo, kèk ti kado epi kèk resous
3 lòt chans pou timoun amize yo, kèk ti kado epi kèk resous 

Anpil blokis. Siman timoun ou yo pi anmèdan pase lòt lè. Epi kounye a yo kòmanse gen devwa! Wi, lekòl kòmanse epi nou tout ap eseye ajiste nou apre nou fin pase plis pase 18 mwa anba tèt chaje. Chans pou nou, mwa septanm pote twa lòt chans pou moun amize yo, pote kèk bagay gratis, manje ak kèk resous enpòtan pou ede n ak yon ane lekòl ki pral long (epi nou pap pale de fèt ditravay non!).

Òganizasyon “The Children’s Trust” ap òganize twa lòt espozisyon pou fanmi mwa sa a, apre l fin òganize premye rankont lan le 28 out nan lokal Sweet Home Community Campus nan South Dade. Twa lòt aktivite yo pral gen menm anbyans lan, menm amizman epi anpil resous ki bon pou zòn yo sible a.

Y ap fè espozisyon sa yo 3 samdi afilye, apati 10è a.m. pou 3è p.m., apre wikenn jou di travay la. Men kèk detay sou sa k pral pase:

Le 11 septanm, Òganizasyon “The Trust” la pral met tèt ansanm ak yon pèsonaj radyo nan Sid Florid ki rele Papa Keith pou espozisyon “Children's Trust Family Expo” a nan lokal PK People Matter Pop-up nan 3000 NW 199th Street nan Miami Gardens. Festival “PK People Matter Festival” se yon festival y ap fè lontan ki gen atis mizik ki deja abitye vin jwe ladan, bon jan manje epi anpil lòt resous kiltirèl.

“Youn nan misyon mwen yo pandan m ap travay pou m amelyore plizyè kominote se te toujou pou m pote valè resous mwen kapab nan aktivite yo. Espozisyon “The Children’s Trust Family Expo” se la w ap jwenn tout kalite resous pou moun ki rete nan sid florid. Ap gen enfòmasyon sou swen sante, sou sèvis pou pran swen timoun sou travay, tout a dispozisyon moun nan kominote a, sa yo se pawòl Papa Keith. “Se pa de resous ki disponib epi gen anpil moun ki pa menm konnen resous sa yo la nan zòn kote yo rete a. Espozisyon “Family Expo” a pote plis resous posib pou wou ak fanmi ou nan yon jou. Se bèl bagay lè w gen chans pou tcheke tout resous sa yo epi amize w an menm tan!”

 

Le 18 septanm, moun k ap vin nan Espozisyon pou fanmi an ap resevwa yon bon dòz istwa ak espozisyon Pop-up yo a, pandan “Trust” la ap mete tèt ansanm ak Mize “HistoryMiami Museum” ki lavil la onon “ The Children’s Trust Family Expo at Family Fun Day at the Miami-Dade Cultural Center, 101 W. Flagler Street.” Moun ki vini ap kab amize yo ak pi gran mize istwa nan Sid Florid ansanm ak tout moun k ap gen espozisyon yo, aktivite yo epi amizman Espozisyon fanmi an.

Pou konplete aktivite nan mwa, “Family Expo” ap fini nouvo aktivite ki nan estil Pop-Up li a le 25 septanm nan zòn Wès nan Doral nan kote sa a “Children’s Trust Family Expo at Jackson West Medical Center, 2801 NW 79th Avenue.” Y ap konsantre plis sou kesyon lasante patisipan yo ap kab tcheke sant medikal tou nèf youn nan pi gran sistèm lopital nan rejyon nou an.

Aktivite “Family Expo” ap suiv tout règleman CDC yo ak règleman lokal yo, kote y ap sèvi ak ekipman pou pwoteje anplwaye yo (PPE) epi ap gen dezenfektan pou men moun. Kòm dabitid, ap gen anpil chwa nan afè manje, ap gen espozisyon bèt, ap gen atis ki travay ak blad gonfle, ap gen janmdebwa, ak gen majisyen, epi ap gen kay an plastik ki gonfle ak van pou timoun ponpe ak anpil lòt aktivite toujou.

Al sou sit sa a www.TheChildrensTrust.org/FamilyExpo pou w jwenn plis ransèyman sou chak aktivite sa yo lè dat yo prèske rive.