Yon varyete de ti goute an sante parèt sou yon tab.

oksana_s/stock.adobe.com

Ti Goute San Rete!

Kontwole Anvi Manje Ti Goute Ke Pitit Ou Genyen Tout Tan Pandan Isolasyon Coronavirus La
Kontwole Anvi Manje Ti Goute Ke Pitit Ou Genyen Tout Tan Pandan Isolasyon Coronavirus La 

Selon NPR, depi ke Coronavirus la ap epapiye nan kòmansman mwa Mas la, li pa ta yon sipriz ke acha manje goute tankou pòpkòn, pretzèl ak potetochip monte anpil. Men, menm jan tout nasyon an antye ap eseye bese nivo viris la, se konsa fanmi w ta dwe eseye diminye efè sèten ti goute ki malsen.

Pandan ke ti goute ka bon pou timoun yo lè yo bay yon ogmantasyon enèji ki nesesè anpil ant repa yo, twòp konsomasyon manje malsen sa yo ka fè ravaj sou vant ak konpòtman yo. Sepandan, si ou ofri yo bon manje nan bon moman, ti goute ka jwe yon wòl enpòtan pou jere grangou timoun yo, ranfòse nitrisyon ak ba yo yon bagay pou fè pou long peryòd tan ke yo nan kay la. Yon ti goute nan bon moman ka menm anpeche jèn timoun ki pi piti yo vin tèlman grangou ke yo vin iritab.

Lana Chehabeddine, kowòdonatè pwogram pou FLIPANY, ki gen yon misyon pou l goumen kont obezite ak grangou timoun ak zouti tankou preparasyon manje ansante, sekirite alimantè, edikasyon fizik ak byennèt nan travay ou, di ke “ Li enpòtan pou etabli direktiv  pou manje ti goute, menm jan ak manje nòmal pandan tout jounen an, konsa timoun ak adilt yo pap manje twòp ti goute. Paske anpil nan ti goute timoun yo ki pi popilè gen tandans gen mwens valè nitrisyonèl pase manje nòmal, li enpòtan pou asire w ke ou pral chwasi bon ti goute pou ofri yo. 

Itilize Bon Sans Pou Manje Ti Goute 
Gen yon etid 2019 ki te jwenn ke timoun ki manje ant repa yo ka jwenn fwi ak lòt eleman nan yon rejim alimantè ansante ke yo pa ta manje otreman. Li sijere ke tan pou manje goute a ofri yon gwo opòtinite pou ogmante konsomasyon fwi ak legim timoun yo. Pou moun egzijan ak ti goute yo, konsidere konbine fwi ak legim ak pwodwi ki gen lèt, oswa ranplasman lèt (tankou rezen ak fwomaj), enpe pwoteyin (tankou seleri ak manba), oswa sereyal ki gen ble, epi pen (tankou sandwich fig ak pen ki fèt ak ble).

Li pi fasil pou fè bon ti goute rapid lè ou genyen yon seri manje ki bon pou ou nan kay la, menm si sa kapab yon defi akòz aksè limite pandan pandemi an nan kèk nan magazen regilye ou yo. 
Men gen lòt ide diferan tankou lòt kalite legim kri ak fwi, beyad yogout, hummus, ak ti baton fwomaj. Chehabeddine te esplike: "Anpil manje ki chaje ak eleman nitritif (tankou: vitamin, pwoteyin, fib) yo bon pou sa." "Gen ladan tou yon varyete de manje fre - tankou pwa dous, ti piman dous ke ou ka tranpe nan hummus, oswa nan yon sòs tou fre, ak lòt manje tankou yon ti ponyen nwa melanje, fwi sèk, pwa chich griye, pòpkòn, oliv, ak alg(zèb lanmè) seche.

Se Lè A Ki Enpòtan
Ekspè yo di ke se pa sèlman sa ou ofri kòm yon ti goute, men lè pou fè sa a enpòtan tou. Elizabeth Davenport, yon dyetetisyen nan New York Times la eksplike ke “Vant timoun yo pi piti epi yo pa ka manje anpil men jan ak nou menm pandan chak repa; se pou tèt sa yo gen pou yo manje pi souvan,” "Rezon timoun ki toujou ap mande ti goute se paske yap grandi e yo grangou."

Pandan tout jounen an, bay regilyèman plat manje ak ti goute ki planifye, men atann ou ke timoun yo pral chèche jwenn plis ti goute pandan ke yap goumen pou adapte yo ak anpil plis tan ke yo  pral rete andedan kay la. Yon bon règ, se ofri ti goute kèk èdtan apre lè yon repa fini epi apeprè youn a de zèdtan anvan ke lòt repa a sèvi.
Chehabeddine ki travay pou FLIPANY te di "Yon pwen itil pou fè sa se pèmèt yon ti goute ant repa yo, men si se ti goute ki pa trete e ki bon pou lasante (tankou fwi ak legim fre) ou ta dwe pèmèt yo manje sa yo renmen an osi lontan ke yo vle depi ke li pa entèfere ak plat manje prensipal yo, ".
Sepandan, siveye byen kantite ti goute timoun yo ap manje. Chehabeddine sijere ke pitit ou yo bwè anpil dlo pou ke yo santi ke vant yo plen, lè konsa anvi manje ti goute ap diminye!  Li di tou pou mete ti goute yo nan yon bòl oswa nan yon veso, olye pou yo pran yo dirèk nan pake a. "Li difisil pou konnen kantite ke ou aktyèlman manje. Kontwòl pòsyon yo vreman enpòtan! ”

Evite Manje Tenten
Malgre ke ke sa fasil, ti goute trete ke yap fè reklam tout tan pou timoun yo, pa gen anpil eleman nitritif e souvan yo gen anpil aditif ki danjere. Pou fè manje trete sa yo gen bon gou, manifaktirè manje yo ajoute gwo dòz sik. Etid ki fèt plizyè fwa sou sa pwouve ke gen yon efè dramatik ak danjere sou sante nou. Yo te lye manje sa yo ak maladi ki afekte sante nou e ki gen rapò ak maladi tankou maladi kè, obezite, kansè ak dyabèt.

Chehabeddine te di. “Nan ti goute pou evite, gen sèten ladan yo ki gen yon lis long engredyan ke nou pa rekonnèt e nou pa memn ka pwononse.” “Chwazi ti goute ki make sou lis engredyan yo Whole Grain (Ble) men pa `enriched flour’ (farin anrichi) ki ekri nan tèt lis engredyan yo.  Evite nenpòt ki kalite siro sikre ak lwil ydwojèn (lwil ki melanje ak idwojèn) ki ekri sou lis la. Ou vle asire w ke ti goute ou achte yo gen kèk valè nitrisyonèl (egzanp vitamin, pwoteyin, fib), men pa sèlman kalori fèb (ki vle di, anpil kalori, men pa anpil vitamin ak eleman nitritif). “

Pou pa gen anpil ti goute trete nan pantyè w (gadmanje), fè timoun yo apran ak enterè poukisa sa li pa bon opsyon  pou chawsi kalite ti goute sa yo  . Anseye yo jan pou yo pran bon desizyon pou chwasi ti goute. Lè yo apran ke li enpòtan ke yo dwe li ak konnen engredyan ki nan lis manje trete, yo pral kenbe bon jan pratik sa pandan tout lavi yo.