A costumed symphony orchestra performing a concert while cartoon ghosts, bats and the words “Spooky Symphony” are projected onto a big screen above them.

Spooky Symphony

Ekstravagans bon mizik efreyan sa twò bèl pou’w ta rate li!
Ekstravagans bon mizik efreyan sa twò bèl pou’w ta rate li! 

Spooky Symphony – yon prezantasyon ak yon konsè mizik Halloween gratis k’ap fè yon sèl evenman – se yon bèl kado pou kominote a, li posib gras ak tèt ansanm talan Alhambra Orchestra ak the Greater Miami Youth Symphony (GMYS), epi parenaj The Children’s Trust la. Selebrasyon evenman anyèl fanmi-zanmi sa resevwa patisipan yo nan bèl sal Arsht Center a ki rele Knight Concert Hall ak yon repètwa mizik makab, video ansyen fim dorè sou yon gwo ekran, epi yon parad degizman efreyan, ak ni patisipan ni manm ak mizisyen yo envite pou yo vini avèk kostim pa yo.

"Youn nan moman efreyan prefere mwen se te lè'm t'ap desann sèn lan ak degizman karaktè Darth Vader a epi avèk yon epe limyè nan men'm," se sa mayestro mizik GMYS la, Huifang Chen di. "Foul la te rele anmwey!"

Seleksyon mizik ke nou te genyen dènye fwa yo tankou mizik ki toujou bay chèdepoul ki nan fim Harry Potter & the Sorcerer’s Stone, King Kong ak Broadway’s Wicked, ansanm ak pyès klasik ki souke kolòn vètebral nou tankou Danse Macabre ak Night on Bald Mountain. Evenman sa, dapre mayestro mizik Alhambra a, Daniel Andai, bay timoun yo opòtinite pou fè yon eksperyans mizik klasik kote yo patisipe epi ki fèt espesyalman pou yo, "epi sa kreye yon fanmi atravè mizik."

Sa Pou’w Konnen Anvan Ou Ale...
KISA:
Spooky Symphony, yon pèfòmans espesyal ki fèt ak yon kolaborasyon ant Alhambra Orchestra ak Greater Miami Youth Symphony, ke The Children's Trust prezante
KILÈ: Swa, 29 Oktòb, 2017, 1 p.m. ak 4 p.m. – DE pèfòmans!
KIBÒ: Adrienne Arsht Center Knight Concert Hall la, 1300 Biscayne Boulevard, Miami, FL 33132
DETAY: Antre a GRATIS men ou dwe gen tikè. Rezève pas pou rantre ou nan ofis tikè Arsht a, sou entènèt nan www.arshtcenter.org oubyen rele nan 305.949.6722; rezèvasyon yo dispononib kòmanse nan dati 18 Oktòb. Pou plis enfòmasyon, rele 305.667.4069 oubyen ale sou www.gmys.org oubyen www.alhambramusic.org.

Alhambra Orchestra ak GMYS, de òganizasyon ki devwe pou mizik ak edikasyon mizik, se The Children’s Trust ak Adrienne Arsht Center for the Performing Arts k’ap ede finanse yo; travay yo benefisye santèn timoun ak fanmi nan Konte Miami-Dade. Alhambra – yon vre òkès kominotè ki reyini ansanm yon gwoup amatè ak pwofesyonèl ki soti tout kote, soti 18 pou rive 80 lane – yo jwe tout kalite tandans. Anpil timoun lokal ap pran leson mizik aktyèlman chak semenn avèk GMYS, ansanm ak repetisyon ak pèfòmans, tout sa anba sipèvizyon yon pakèt pwofesè pwofesyonèl ki gen eksperyans.

"Mizik konekte nou tout, donk yon evenman tankou Spooky Synphony reyini tout moun ansanm," se sa Chen di. “Mèsi a The Children's Trust, ki ofri evenman gratis sa ki pèmèt timoun ak fanmi tout kalite ras fè eksperyans mizik ke y’ap viv li sou plas san yo pa peye anyen pou sa." Ke tout moun, menm granmoun, ankouraje pou yo degize tou, fè eksperyans sipènatirèl sa pi enteresan toujou, se sa li di.

"Moun ka deside degize an nenpòt sa yo vle," se sa li di. Epi pouvwa mizik la ak imaj ke y’ap mete sou ekran an pra'l fè'l pi ekstraòdinè epi soulve imajonasyon timoun yo. Nou kontan ke n'ap patisipe nan sa!"

Epi se moman plezi ak bèl mèvèy sa yo pou dekouvri bèl kontantman nan figi chak timoun ki fè Spooky Symphony a yon evenman kiltirèl ak edikasyonèl ke yo renmen konsa."Misyon nou se te toujou pèmèt kominote a travay ansanm pou ofri fondasyon k'ap pèmèt chak timoun devlope tout potansyèl yo," se sa Prezidan ak Direktè The Children's Trust la, James R. Haj di. "Men nou konnen tou ke li enpòtan pou ofri timoun yo aktivite ekstraòdinè ke yo pa t’ap ka jwenn konsa. Spooky Symphony se yon opòtinite konsa."