A distressed young African-American boy curled up on the couch being comforted by his father.

Sipòte Timoun yo Apre Konsekans Dezas Natirèl yo

Timoun yo pra'l aji tankou ou menm, alòs kòmanse prepare'w
Timoun yo pra'l aji tankou ou menm, alòs kòmanse prepare'w 

Kòm paran ak moun k’ap bay swen, nou fè sa nou kapab pou pwoteje timoun nou yo kont enkyetid, soufrans, pè ak desepsyon. Men lè gen yon gwo siklòn oswa yon tanblemanntè, timoun yo bezwen plis asirans ke sa'w konn ba yo pou ede yo travèse move moman yo. Konsèy sa yo ka ede:

Kalme perèz yo. Eksplike pitit ou difikilte ou menm ak fanmi'w – ak lòt ankò – ap travèse, men rasire yo ke tout bagay pra'l anfòm. "Apre chòk, timoun dwe santi yo an sekirite epi ke tout bagay vin nòmal ankò, menm si reyalite se pa sa nan mond yo oswa pa’w," se sa espesyalis edikasyon ak otè liv Unselfie: Why Empathetic Kids Succeed in Our All-About-Me World la di Michele Borba di. "Retounen nan abitid kotidyen nou yo ki posib: mande yo kòman jounen lekòl la te ye, jwe avèk yo apre nou fin manje, fè ti couche kote yo epi li istwa pou yo anvan y'al dòmi oubyen priye avèk yo. Sa ki pi enpòtan, fè timoun yo konnen pandan tout move moman sa yo, gen yon bagay ki pa janm chanje: Ou toujou la pou yo."

Ankouraje yo eksprime santiman yo, epi ba yo pwòp egzanp pa'w. Eksplike yo nenpòt sa yo santi a pa gen pwoblèm, ke se kòlè, tristès, konfizyon oubyen perèz. Di yo ke yo ka poze nenpòt kestyon sou sa'k rive yo, epi reponn kestsyon yo dousman, san ou pa fè detou epi nan yon langaj selon laj yo.

Kontwole nouvèl ke y'ap tande. Kèlkeswa laj yo, mande timoun yo kisa yo gentan tande oubyen wè, epi reponn tout kestsyon ke yo ka genyen. Kenbe timoun pi piti yo lwen nouvèl toutotan ou kapab; chita gade oubyen tande nouvèl ak sa ki pi gran yo epi diskite sou sa yo wè oubyen tande yo.

Nòmalize perèz yo lè ou fè konnen ke sa'k te rive yo pote perèz tout bon, alòs se nòmal pou nou pè. Sigjere pou onore sila ki mouri yo avèk priyè, avèk yon inisyativ kreye yon evenman pou charite nan non yo pou ede zòt oubyen planifye pou plante yon pye bwa nan yon ti tan tou kout; sa ka pote nan timoun nan yon sans responsabilite ak satisfaksyon kote l’ap santi ke li dwe “fè yon aksyon" pou jwenn amelyorasyon.

Kontwole strès ak enkyetid pa'w yo lè ou bò kote timoun yo, ki pra'l gade sou ou pou yo aji. "Perèz kapab ‘simaye,’” se sa Borba di. "Ou dwe pran swen tèt pa'w, pou kapab pran swen pitit ou." Kontwole sa w'ap di ak granmoun parèy ou sou Irma lè timoun yo tou pre'w.

Ankouraje yo patisipe nan netwaye ak ranje nenpòt fason ke yo kapab, sa ap kapab ba yo yon sans responsabilite ak kontwòl.

Montre sa ki bon. Petèt sa ki pi enpòtan, fè timoun yo sonje ke nan moman pwoblèm, se youn lonje men bay lòt epi mete ansanm pou ede youn lòt.

Lonje Lamen Bay Lòt
Genyen anpil fason ou kapab ede sila ki nan detrès yo atravè United Way of Miami-Dade, ajans prensipal pou rekiperasyon dezas natirèl. Ou ka chwazi pou fè yon don – sa kapab lajan oubyen atik ki nesesè pou kay, tankou boutèy dlo, manje ak pwodwi pou ti bebe ki p'ap ekspire – oubyen ale sou sitwèb yo a: www.unitedwaymiami.org pou’w ka tounen yon volontè. Avèk United Way ki gen sikisal li kounye’a nan Meksik ak Pòtoriko, ou ka deside ki bò ou vle voye èd ou a.