Bouji wouj ki reprezante divès kalite kwayans pandan jou konje.

Photo courtesy of dong/stock.adobe.com

Selebrasyon Pak, Passover oswa Ramadan pandan mwa Avril la

Gen yon nouvo nòmalite pandan coronavirus la
Gen yon nouvo nòmalite pandan coronavirus la  

Premye konfli reyèl ki egziste ant jou ferye ak anpil relijyon etabli e ak pandemi coronavirus la nan Etazini, rive kounye an nan mwa avril la. Pak pou kretyen, (Passover) fèt Delivrans jwif yo ak (Ramadan) Nwit Padon pou Mizilman yo, tout pral selebre nan mwa sa a, men akòz coronavirus la, bagay sa yo pral diferan nèt ane sa a. Pap gen okenn sèvis legliz, gwo reyinyon fanmi, ak lòt selebrasyon tipik yo paske nou tout ap konfòme nou ak restriksyon ki an plas. Sepandan, genyen bagay ou ka fè pou kenbe lespri timoun ou yo ak pa w byen wo.
Dapre sa, kounye an se yon lè pou nou pi bezwen kenbe rityèl ak tradisyon nou. Jou Ferye yo ede kreye yon distenksyon ant yon jou ak yon lòt epi li ede ranfòse moral nou. Men kèk ide:

Abiye w jan ki represante fèt la. Degize w tankou Lapin Pak la oswa jis abiye nòmalman epi nou chak pran foto nou. Angaje fanmi ak zanmi w itilize aplikasyon entènèt tankou Zoom oswa FaceTime epi mande yo patisipe nan yon konpetisyon degizman oswa nan yon  defile an Lapin Pak. Epi, jan yo espere a, pataje foto yo sou medya sosyal yo. 

Pwofite w de yon spektak pou jou ferye a. Patisipe nan anbyans jou fèt la ak yon bon fim ki gen rapò ak kwayans ou. Li ta ka yon fim edikasyonèl oswa pou plezi. Pou kretyen yo, gen fim tankou "Hop" oswa " The Dog Who Saved Easter” (Chen ki Sove Pak la), oswa "Rise of the Guardians” (Gadyen Yo Ap Kanpe). Moun ki jwif yo ka renmen "Prince of Egypt” (Prens Lejip), oswa "10 kòmandman yo," an menm tan mizilman yo ta ka vle lwe pwogram televizyon sa a muslimkids.tv, pou 14-jou gratis. 

Fè yon bon aksyon. Asanble yon panye Fèt Pak oswa lòt bwat pou yon òganizasyon charitab lokal oswa pou fanmi ki nan bezwen oubyen konsidere kuit nan fou bonbon pou premye sekouris yo. Timoun yo ka patisipe tou nan zak jantiyès sa lè yo desine kat pou rezidan ki nan kay pou retrete, anplwaye boutik, ponpye, lapolis, ak enfimyè yo. Oswa jis al deyò a epi ekri ak lakre nòt ankourajan sou twotwa lari a.

Prepapre yon repa espesyal. Fè jou ferye a memorab - epi ede kòmanse yon tradisyon nouvo – mete pi bon rad dimanch ou yo, tende mizik ou pi renmen, ak prepare manje ke timoun ou yo pi renmen nan meni pou jou ferye a. Itilize sistèm entènèt ki rele Zoom, pou ka reyine ak wè vituèlman zanmi ak fanmi.

Asiste yon sèvis vityèl. Pandan jou ferye yo ou ka jwi a distans ki an sirte sosyal sèvis difizyon ke anpil legliz genyen. Pou plis intèaktivite apre sa, pwograme yon videyo chat ak zanmi ak fanmi lè konsa pou timoun yo ka pale sou sa yo te aprann.

Menm si ou chwazi pou selebre kwayans relijye ou pandan jou ferye a, e menm si ou pa selebre okenn kwayans, eseye fè yon bagay espesyal ak fanmi ou nan kontèks reyèl nou jou sila yo. Li toujou enpòtan pou nou selebre kwayans nou, akonplisman nou, lanmou nou pou youn ak lòt, ak menm siviv ansanm pandemi aktyèl la. Lè nou fè sa, nou ranfòse kapasite nou pou nou koresponn avè l epi bay tèt nou yon relèv nan tout defi ke nou konfwonte chak jou.