Yon fanmi ki kontan ap fete pitit yo.

WavebreakMediaMicro/stock.adobe.com

Reponn 4 Kestyon, Tounen yon Pi Bon Paran

Fè tès nou an pou dekouvri ki kalite paran ke ou ye epi kòman repons ou yo ka ede’w amelyore.

1. Depi kèk jou pitit ou al dòmi ta. Pou ranje sa, ou dwe:
A. Dodine yo sou jenou’w, karese do yo epi chante pou yo jiskaske yo dòmi.
B. Ba yo on sousèt, ranje dra yo epi soti nan chanm lan dousman.
C. Pa fè anyen epi mennen yon nan kabann ou.
D. Pandan w’ap dòmi di patnè’w la se tou pa li kounye’a.

2. W’ap fè manje pou timoun yo, alòs w’ap pare kantin lan:
A. Tout sa yo renmen yo!
B. Rès manje iyè swa.
C. Pen ak manba.
D. Yo gen ase laj… yo ka pare kantin yo poukont yo. 

3. Se fèt pitit ou alòs pou fè cho a pi espesyal, ou:
A. Fè yon fèt pou li, fè yon gato pou li, pare ti sachè sirèt pou zanmi li yo epi ba yo yon bèl kado.
B. Mennen yo al manje nan restoran pidza prefere yo a avèk fanmi yo epi chante “Bòn Fèt” pandan sèvè a ap pote yon ti mòso gato ak bouji.
C. Mennen yo ak bon zanmi yo nan sinema, epi ofri yo pòpkòn ak soda.
D. Kite y’al dòmi kay zanmi yo epi kite yo jwe ak aparèy jwèt yo.

4. Pitit ou chaje ak devwa lekòl epi li kòmanse anreta ak yo. Ou:
A. Rele pwofesè yo pou abòde pwoblèm lan, chita ak yo chak swa epi ede yo fè devwa yo, epi toujou tcheke pou wè si yo ajou.
B. Elimine tout distraksyon nan chanm yo pou yo ka etidye an pè.
C. Rete nan kò yo pou yo fè devwa yo.
D. Bay yo avètisman, epi kite yo trankil.

Men Kijan Ou Ye Kòm Paran
Kalkile kantite A, B, C, oswa D ou genyen pou ka dekouvri metòd pa’w lè w’ap leve pitit ou.

Plis A: Ou vreman fè tout bagay epi ou toujou la pou satisfè volonte pitit ou. Men fè atansyon pou pa fè twòp  ak kò pou ka evite gwo fatig. Yon fason pou anpeche sa? Kòmanse mete kontwòl sou demann pitit ou yo.

Plis B: Ou gen yon bon balans ant kisa ke timoun ou yo vle ak sa ke ou vle lè ou etabli limit, pandan ke ou rete fleksib. Ou rete reyalis, sa diminye estrès. Li sanble ke metòd “li bon ase” ou a ap mache byen pou ou – ak fanmi ou!

Plis C: Pafwa ou pa estab depi sa konsène pitit ou, paske santiman ke ou pa gen kontwòl desizyon yo ap fè ou pi fatige. Pran prekosyon epi aprann nan eksperyans ou fè ki mache yo (ak sa’k pa mache yo) pou rejwenn konfyans.

Plis D: Ou fatige tèlman ou vle kite sa, epi ou bezwen sipò… toutswit! Pale ak patnè ou a, klèje lokal ou a oswa yon konseyè santé mantal pou ka ede’w jwenn rezilta pou sa ka amelyore.