The Children's Trust etabli priyorite lejislatif 2021 li yo.

Todd Taulman/stock.adobe.com

Priyorite lejislatif: Book Club, KidCare epi Early Learning

Men priyorite lejislatif “Trust” la nan Eta a pou ane 2021 an
Men priyorite lejislatif “Trust” la nan Eta a pou ane 2021 an  

Kou mwa d mas rive sa vle di yon sèl bagay nan Tallahassee; se kòmansman sesyon lejislatif pou Eta Florid. Nan Miami-Dade, Òganizasyon “The Children’s Trust” toujou ap goumen pou kèk objektif lejislatif epi pou kèk priyorite ki nan avantaj timoun ak fanmi ki rete nan zòn nou an. Ane sa a, se toujou menm bagay la – bon, se si w pa konte restriksyon sevè yo mete akòz Covid-19 ki kontwole jan moun ap antre nan lachanm epi pou jan majorite bagay moun ap regle se sou Zoom yo regle yo (mèsi Kowona viris).

Men kat priyorite lejislatif pou ekip lejislatif Trust la pou ane sa a.

Klib Liv pou tout Eta Florid la: Gras a reyisit Klib Liv òganizasyon “The Children’s Trust” la, lejislati a fè lide pase yon lwa pou kòmanse yon klib liv nan tout Eta Florid la pou timoun ki nan klas primè. Klib Liv Trust la se pou timoun ki fèk fèt rive nan laj 5 an men vèsyon Klib liv Eta Florid la ap pou tout timoun ki nan klas primè nan Lekòl Leta yo. Trust la enfòme lejislatè yo kouman Klib liv Trust la se yon siksè epi kouman sa ap byen mache kòm yon modèl pou tout Eta Florid la epi ekip Trust la va ede nan apwobasyon pwogram nan.

De apwòch jenerasyonèl pou elimine povrete: Sa difisil pou pran pozisyon kont ogmantasyon salè minimòm nan jan Florida te fè sa a, men kab gen kèk konsekans negatif pou fanmi ki ka byen pèdi asirans maladi pou pitit yo ki rele “KidCare” ak SNAP epi ak lòt pogram pou ede yo si yo ta jwenn nenpòt ti ogmantasyon nan salè yo. Pou ede fanmi sa yo, Trust la ap sipòte yon estrateji 2 Jenerasyon pou kèk fanmi kab evite retounen nan nivo povrete a ankò. Fason y ap fè sa se nan devlope règleman ki ekitab epi mete sèvis sosyal ki kore devlopman timoun ansanm ak sèvis ki ede moun jwenn travay.

Espansyon aprantisaj bonè: “Trust” la gen lontan l ap apiye lide enpòtans bon jan aprantisaj pou timoun bonè epi ane sa “Trust” la pral sipòte pwojè lwa pou timoun aprann bonè se yon lwa ki pral ede transfòme timoun depi menm anvan yo rantre lekòl jiskaske yo rive nan twazyèm ane lekòl. Y ap met sou pye pogram entèvansyon, egzamen ak egzèsis pou ede timoun aprann ki kab asire timoun yo kòmanse aprann bonè epi aprann souvan.

Jistis pou timoun ak ti jèn, jèn k ap devni adilt: Lè yon granmoun gen yon dosye lapolis se deja yon poblèm pou li pou l jwenn travay epi pou l mennen lòt aktivite li bezwen regle, men pou timoun ki gen dosye lapolis sa kab pi difisil pou yo. Òganizasyon “Trust” la pral travay anpil pou sipòte pwojè lwa ki pèmèt pwosekitè a sèvi ak diskresyon li lè l ap pote akizasyon kont yon jèn ki resevwa plizyè kontravansyon ak lwa ki efase dosye kriminèl timoun pou kèk nan krim yo te komèt lemoman yo vin gen laj majè.

Ekip k ap travay sou Règleman Piblik nan “Children’s Trust” la pral travay sou pwojè lwa sa yo ak kèk lòt pwojè lwa ki pral vin devan Depite yo ak Senatè yo nan mwa k ap vini yo, pandan yo toujou ap veye ki sa ki bon pou timoun ak fanmi yo nan Miami-Dade.

Pou yo kab kenbe w okouran sa k ap pase nan lachanm nan epi sou travay “Trust” la ap fè enskri non w pou yo voye ti jounal sa a ba wou “Capitol Connection” epi al sou sit sa a: TheChildrensTrust.org.