Pledwayaj

Pledwayaj

The Children Trust la ap travay pou reprezante, ankouraje, defann ak pwoteje dwa timoun ak fanmi yo nan domèn politik piblik la, pou asire ke moun k ap pran desizyon nan nivo lokal, leta ak federal konsidere bezwen yo an premye. Atravè efò nou yo nou fè tou sa nou kapab pou nou ka yon vwa pou sa ki san vwa , ki gen difikilte ak sa ki pi frajil yo nan kominote nou an.

Klike la a pou aprann plis sou priyorite lejislatif nou yo.

Ou menm tou, ou ka vin yon defensè efikas - epi yon ti konesans ale byen lwen.

Pou rete a jou sou dènye efò pledwayaj nou yo, enskri w pou resevwa bilten nouvèl-enfòmasyon nou an, Capitol Connection.