De bon zanmi k’ap fè acha

Dragon Images/iStock/Thinkstock

Pi Bon Pri yo Devwale!

"Pri se pi souvan rezon prensipal pouki moun chwazi yon magazen. Men kounye’a, avèk ekonomi a ki pa bon, magazen ap goumen pou’w vin achte lakay yo pito alòs y'ap fè nenpòt bagay pou rantre nan magazen pa yo a pito,'' se sa ekriven Angela Daidone di, se li ki ekri sou finans pèsonèl pou piblikasyon sou entènèt yo tankou Investopedia.com. Avèk plis chwa magazen kounye’a, konsomatè a ka pase anpil tan ap chèche kibò yo pra'l jwenn pi bon afè yo. Pran yon ti tan pou’w ka abitye avèk chwa yo epi ou ekonomize tan ansanm ak lajan.

Gwo Magazen ki Vann Chè Gwo depo oswa magazen chè ki vann bay kliyan manm-sèlman souvan yo bay gwo rabè – yo konn retire plizyè santèn dola – tankou sou mèb, aparèy televizyon ak lòt aparèy elektronik. Ou pa bezwen gwo bagay ki koute chè? Ou ka jwenn ti pwodwi an gwo kantite ki pa’p koute’w chè, tankou papye kizin, kouchèt ak pwodwi konsève. Sonje ke achte an gran kantite pa toujou yon bon afè pou ou, si'w pa gen anpil timoun oubyen ou pa genyen yon depo pou sere yo.

Magazen sou Entènèt Gwokomès elektronik tankou Amazon ak Walmart.com epi lòt ti piti k'ap vini yo ap domine mache a e se pou yon bon rezon: pri konpetitif yo, òf livrezon gratis, epi avantaj ki san parey tankou konvenabilite ak fasilite. Avèk plizyè aplikasyon gratis k’ap konpare pri yo pou ou nan yon segonn, li fasil pou’w jwenn pi bon afè yo sou entènèt la. Epi sou tètespesyal vant sa yo, genyen koupon, rabè k’ap tounen vin jwenn ou, pwogram avantaj pou kliyan manm fidèl yo, epi motivasyon pou achte sou entènèt la pa gen anyen ki ka konbat sa.

Move kote yo? Retounen yon pwodwi kapab riske epi sa ka koute chè, konn gen dout sou kalite pwodwi yo epi enfòmasyon pèsonèl ou ka an danje si ou al fè tranzaksyon sou sit ki pa an sekirite. Ekspè nan Consumer Reports rekòmande pou pa itilize koneksyon entènèt piblik lè w'ap achte sou sit entènèt pou evite ke yo vòlè enfòmasyon’w; entènèt gratis se yon envitasyon pou yo ka fè fwod, kote souvan yo vòlè idantite moun, tankou kat kredi ak nimewo sosyal sekirite.

Magazen Lokal yo Magazen yo kòmanse santi ke y'ap fè pèt, men yo toujou genyen yon pakèt avantaj ki enpòtan. Yon-sèl-jou espesyal rabè yo pou anonse apèsi gwo jou rabè ki pra'l fèt yo, yo retire yon ti pousantaj (epi tanzantan, yo retire kèk dola) koupon pou kliyan fidèl yo. Konpetisyon rabè sou entènèt yo konn ankouraje ke gen gwo rabè tout kote. Anpil magazen konn fè espesyal rabè sèlman se yon sistèm pwomosyon kote yo vann ansyen machandiz pou bon mache.

Magazen Faktori yo Si w'ap chèche bon afè, magazen espesyal sa yo ka pote bon soulajman pou ou, si ou vle fè ekonomi tout bon lè w'ap achte. Ekspè finans Dave Ramsey, ki se otè liv The Total Money Makeover, di ke pi souvan, konsomatè yo jwenn bon afè. "Dapre Value Retail News, magazen faktori redwi pri yo jiska 38 pousan an jeneral. Epi dapre yon etid ke Consumer Reports fè, kote konsomatè achte epi konpare menm pwodwi yo nan lòt diferan magazen, yo dekouvri pi fò nan magazen sa yo te depi 3 pou rive 72 pousan pi bon mache ke ti magazen k’ap vann an detay yo." Men achtè fè atansyon: Konsomatè testè yo dekouvri tou kèk iregilarite nan pri yo, kote gen kèk pwodwi ki menm pri oswa pi chè menm ke magazen ki vann an detay yo.