Timoun ki ap li liv ak kè kontan.

Africa Studio/stock.adobe.com

Pi Bon Liv pou Timoun pou Lane 2018 La - Klas Preparatwa

Vizite mond lan, fè nouvo zanmi epi dekouvri yon bagay sou tèt ou ke’w pat janmè, janmè sipoze. Pouvwa pou fè tout bagay sa yo ak plis toujou se nan li liv w’ap jwenn li, ou ka separe sa ak timoun yo chak jou. Nou gen yon lis byen òganize pou ou kote ou ka kòmanse...

The Truth as Told by Mason Buttle* Se Leslie Connor ki ekri liv sa The Truth as Told by Mason Buttle*
Se Leslie Connor ki ekri liv sa
Mason Buttle se yon viktim entimidasyon. Li gwo pou laj li, li toujou swe epi li pa ka li oswa ekri, epi istwa ke li ap rakonte lapolis konsènan lanmò pi bon zanmi li an Benny pa fè sans. Anpil mwa apre anpil kestyon sou disparisyon ti gason an rete san repons, Mason ak nouvo zanmi li Calvin ap fè sa yo kapab pou evite danje ki menase ti gason nan zòn lan. Alòs Calvin disparèt, epi Mason oblije defann verite a. Laj 8-12 zan
The Parker Inheritance*  Se Varian Johnson ki ekri liv sa The Parker Inheritance* 
Se Varian Johnson ki ekri liv sa
Paran Candice yo divòse, se poutètsa li menm ak manman li kite Atlanta pou Lambert, South Carolina, epi li pase ete kay granmè li. Li raz epi li poukont li, Candice fouye li jwenn yon ansyen lèt ki di ke gen yon trezò ki sere yon kote nan vil la – èske li ta la toujou? Epi kisa sa gen pou wè avèk repitasyon rasis Lambert epi repitasyon granmè Abigail ki kraze a? Candice ak nouvo zanmi li Brandon prese pou jwenn plis enfòmasyon. Laj 8-12 zan
Gone to Drift*  Se Diana McCaulay ki ekri liv sa Gone to Drift* 
Se Diana McCaulay ki ekri liv sa
Avèk yon papa vyolan, ki pi souvan pa la epi yon manman maltrete ki pa gen anpil tan pou li, Llyod renmen relasyon li ak granpè li. Maas se yon granpè janti ki toujou ap pale ak pitit gason li sou lavi, kilti, listwa epi lanmè, Lè li pa tounen lakay apre ke’l te ale fè lapèch, Lloyd òganize yon rechèch, tout kote nan Kingston, Jamaica. Men tank li ap pwoche pi pre verite a, se tank li ap pi andanje. Laj 8-12 zan
Merci Suárez Changes Gears*  Se Meg Medina ki ekri tèks sa Merci Suárez Changes Gears* 
Se Meg Medina ki ekri tèks sa
Lekòl prive chèlbè Merci a boujwa anpil, man elèv elemantè yo la gras ak sibvansyon – Edna pa’p kite li bliye sa. Merci pa okipe sa; li gen bagay pi enpòtan pou li regle, tankou pran swen ti kouzen’l yo (Tout! Tan!) epi tou, grann li toujou ap bliye dè bagay. Pèsòn pa’p di li sa k’ap pase, epi Merci kòmanse enkyete. Laj 9-12 zan
The Assassination of Brangwain Spurge*  Se M.T. Anderson ki ekri liv sa; se Eugene Yelchin ki fè desen yo The Assassination of Brangwain Spurge* 
Se M.T. Anderson ki ekri liv sa; se Eugene Yelchin ki fè desen yo
Istoryen Brangwain Spurge te gen yon travay trèt: delivre yon pyès antik bay yon pèsonaj malefik pou ka simaye zizani nan wayòm lan (epi fè ti espyonaj tou). Men depi lè li fin janbe nan move teritwa plan yo pase mal, epi Brangwain oblije nan kache. Èske li ap kapab metrize prejidis yo pandan l’ap eseye pwoteje tèt li? Li ap oblije, si li vle rete vivan. Laj 10-12 zan
It Wasn’t Me  Se Dana Alison levy ki ekri liv sa It Wasn’t Me 
Se Dana Alison levy ki ekri liv sa
Ensilt ak menas ap fèt poutèt pòtrè Theo nan galri foto elèv yo, epi pandan fotografè amatè a vle bliye sa, pwofesè li yo gen lòt plan. Mande pandan tout yon semèn “Sik Jistis” pou Theo ak senk elèv ki te nan galri a pandan krim lan, Madanm Lewiston pèmèt elèv yo sansibilize tèt yo ki fè gwoup ini yo yon fason ke yo pa t’ap janm imajine. Laj 10 zan oswa plis
We Rise, We Resist, We Raise Our Voices: Words and Images of Hope*  Se Wade Hudson ak Cheryl Willis Hudson ki modifye liv sa We Rise, We Resist, We Raise Our Voices: Words and Images of Hope* 
Se Wade Hudson ak Cheryl Willis Hudson ki modifye liv sa
Yon bèl koleksyon powèm, ekriti, lèt pèsonèl ak istwa de yon bèl gwoup varye de ekriven ki rekonèt, respekte ak selebre divèsite ki gen nan ras/kilti/etnik/relijyon, gwo konpilasyon sa se yon douse literè ki fèt pou soulaje nanm tout timoun toupatou ak nan tout nivo eksperyans ki ekskli nan lavi a. Tèks ki enspire sa de ekip mesye-ak-madanm Wade ak Cheryl Willis Hudson ta dwe yon lekti obligatwa pou tout timoun nan Amerik. Laj 8-12 zan 

*Disponib nan sistèm Miami-Dade Public Library.

 

Pou plis bèl liv pou ajoute nan libreri pitit ou, vizite @thechildrenstrust sou Facebook epi chèche #MiamiBookFair2018!