Ti gason ki konsène sèvi ak yon mask pandan pandemi Coronavirus.

vovan/stock.adoble.com

Men Kouman Pou Jere Panik Pandan Yon Pandemi

Efè Coronavirus la genyen sou mantalite timoun yo.
Efè Coronavirus la genyen sou mantalite timoun yo. 

Nan tan kap vini an, youn nan bagay ki pral pi gwo priyorite pou chak paran se kenbe timoun yo lwen de Coronavirus la pou yo pa ekspose a li. Konsantrasyon sèlman sou aspè fizik la pral yon erè. Efè  mantal pandemi a pral genyen sou nou tout, espesyalman sou moun ki pa fin gen kapasite pou jere estrès, pral yon konsekans terib nan moman sa yo ki pa gen parèy.

Bon nouvèl la se ke menm jan ou ka pran anpil mezi pou pwoteje sante fizik yo, Egalman, ou kapab fè sèten bagay pou pwoteje byennèt mantal ak emosyonèl yo. Mond nou an ka an atant, men li toujou ka yon tan pou ranfòse karaktè pitit nou yo epi kreye yon lyen ki pi solid ant paran ak pitit.

Pakonsekan, ki jan ou pral bese laperèz pitit ou yo pandan  ke w ap prepare yo pou yo ka vreman konprann ke pandemi an depase kontwòl nou? Men kèk konsèy pou ede ni wou ni yo – pare kòw pou tan kap vini an. 

Dyaloge. Fè yo di w sa yo konnen sou Coronavirus la ak ki jan yo santi yo, epi  fè yo konnen ke li nòmal pou yo pè. Fè yo sonje tou ke pa gen pwoblèm si yo pa vle pale.  Travay ou senp,  fè yo konnen ke ou la pou yo e ke wap fè tout bagay nan pouvwa w pou kenbe yo an sekirite.

Prepare kò w pou sak pral vini an. Pale ak fanmi w sou "si tèl bagay rive” ak ki kalite prekosyon pou yo pran an piblik ak kisa pou yo fè pou limite kontak. An fanmi,  ou dwe kontanple tou sa ou pral fè si yon moun nan fanmi an montre sentòm viris la.

Enfòme men pwoteje. Nouvèl yo ka fè moun pè e yo ka difisil pou konprann, espesyalman pou timoun yo. Pale ak pitit ou sou sa yo deja wè ak tande. Yon bon bagay ou  ka fè: se gade oswa koute nouvèl yo ansanm epi pale sou reyalite sitiyasyon an. Li ta byen bon pou kenbe timoun ki pi piti yo lwen pandan medya ap bay nouvèl paske sa yo ka tande nan televizyon an  ka fawouche yo plis pase sa li aktyèlman ye.

Pa minimize twòp. Fè yo konnen tout sa yo kapab jere.  Konsidere reyalite yo pou ka prepare plan fanmi ou. De tout fason se yo ki baz la; men fòk ou sonje sa ki apwopriye ke yo ka tande. Ankouraje yo poze kesyon, epi reponn yo nan yon fason ki senp e ki apwopriye pou laj yo. Pa santi w oblije gen tout repons yo, men asire w ke ou di yo ou pral fè tout sa ou kapab pou ba yo plis enfòmasyon ke posib.

Ba yo kontwòl. Pou evite santiman enpwisans, kite timoun yo chwazi aktivite pou fè si ou gen pou pase anpil tan lakay ou. Ba yo yon travay tankou deside sou ti goute, kisa yo gade, ou li, oswa ki jwèt pou yo jwe.

Kontwole tèt ou. Timoun wè sa w ap fè a, ak tande konvèsasyon w plis pase ou panse. Si ou kalm e an kontwòl (oswa wap kenbe kontwòl jan ou kapab), yo pral santi yo pi an sekirite e yap pi kalm.

Remake chanjman konpòtman. Pa gen okenn jan pou pa fè sa - pandemi mondyal la ka yon tèt chaje pou timoun ou yo. Ki jan sa afekte pitit ou depann anpil sou laj yo ak gravite sitiyasyon an. Timoun ki pi jèn yo ka toudenkou ap kenbe w anpil pandan ke sa ki timoun pi gran yo ka pouse ou ale. Chèche èd pwofesyonèl lè nenpòt konpòtman dwòl pèsiste.