Happy mom being kissed on either cheek by her children

monkeybusinessimages/iStock/Thinkstock

Konsèy Pou Manman Yo Ka Siviv

Pwospere nan chak etap ou pase kòm paran!
Pwospere nan chak etap ou pase kòm paran! 

Nan jou fèt dèmè sa, milyon manman ap tann pou yo resevwa bèl lèt ekri, bèl bouke flè e menm yonti manje nan kabann yo nan maten jou a – men lè’w se manman se pa tout tan lavi a fèt a kè ak flè. Gen de moman kote ou jis pa konnen ki desizyon pou pran, espesyalman lè se pou enterè timoun ou pou pi devan. Pi rèd toujou, se diferan moman nan devlopman timoun lakote lajounen nou chaje ak angwas e lannwit nou paka dòmi. Bon nouvèl la: nou ka jwenn yon ti konsèy – menm de ou twa! – nan men moun ki pase la tou e ki gentan fin reyisi. 

Ane ak Anpil Kestyon Yo
Lè ou ansent, ou santi nèf mwa se yon tan ki long anpil. Kontantman ou genyen lè’w sonje ou gen lavi andedan’w vin ogmante plis ti bebe a ap grandi, lè lap bay kout pye e lè li gen ti wokèt. Men pendan tan sa, ou gen perèz tou. Chak ti penche ak chatouyèt ou santi, fè’w mande tèt ou si pa gen yon pwoblèm. Ou ta vle gade ti bebe a nan zye, konte zòtèy li pou rasire tèt ou ke tout bagay anfòm. Epi apre, nan de tan twa mouvman, yo rive sou ou – e lavi’w chanje pou toujou. 

“Pa gen anyen ki pi bèl ke ti bo yon ti bebe,” se sa Cristina di pandan l’ap ri, li se yon manman ki fè senk tifi ki genyen ant 5 ak 15 lane. “Mwen renmen tou lè mwen bayo manje,” se sa Nona di, li se yon manman ki gen de timoun. “Li fè’m santi ke m’ap bayo yon bagay espesyal ke yo paka jwenn okenn lòt kote.” Byen vlope ti bebe ou, pran sant cheve li epi gade yo ki kòmanse dòmi nan braou bèl anpil, e bèl premye moman yo tankou lè yo kòmanse ri, mache ak pale se pi bèl moman pou manman yo. Moman ki mwen enteresan yo? Anpil fatig. Sonje: Pou yo te tòtire prizonye lagè yo, yo te anpeche yo dòmi. “Yon jou mwen te ale nan yon makèt avèk chemiz mwen a lanvè,” se sa Cristina di. Ti bebe li ki gen 3 lane te fè’l wè sa, “men pa anvan li te fin retounen lakay li!”

San nou pa bliye, lè nap monte desann sou tank vid, kriz kòlè yo, antrenman ti bebe pou aprann chita poukont li sou vaz li ak moman k’ap teste limit nou tou ki fè pati de peryòd sa kapab (e pral!) teste pasyans nenpòt manman. Fason pou byen pase moman sila yo, se swiv sa lide nou di noua k fè tèt nou konfyans. “Lavi ak timoun piti kapap raz tou, kote n’ap fè menm bagay la chak jou,” se sa Cathy Cassani Adams di, yon antrenè paran e otè liv The Self-Aware Parent: 19 Lessons for Growing with Your Children. “Gen yon pakèt gade ak rete tann ak perèz.” E menm si tout moun nou kontre pral di nou sa yo panse ki se bon bagay ou ta dwe ta fè yo, “metòd pa yo pa fòseman ap mache pou nou,” se sa Nona di.

Jou Lekòl Yo
Se yon gwo satisfaksyon lè n’ap gade timoun nou ka vin endepandan. “Chak ane nan premye jou lekòl timoun mwen, mwen fè yon ti kriye, men se yon kriye kè kontan paske chak ane pote nouvo eksperyans ak konesans pou timoun mwen,” se sa Cristina di. Nan stad sa, timoun ou kòmanse chwazi zanmi pa’l e pran desizyon san ou, men yo poko fin gran toujou. “Timoun mwen toujou renmen lè mwen pote yo nan kabann yo e lè mwen kouche bò kote yo lè lanwit la tonbe,” se sa Nona di. “Moman sayo enpòtan anpil pou mwen. Kounye’a, pitit gason’m di li twò granpou li kenbe menm’m devan moun, ki fè lè pa gen mounmwen pwofite pran yon ti afeksyon nan men’l.”

Li pa fasil pou yon paran pou li aprann pa kontwole. Timoun yo pase pi plis tan yo nan lekòl e nou paka vin chita nan tab bò kote you. Li difisil pou nou pa konnen sa y’ap regle tout tan. 
Pou kalme angwas nou, bon kominikasyon enpòtan anpil. “Tande timoun ou yo, pran enfòmasyon e poze kestyon,” se sa Adams konseye. Nou ka pase mwens tan avèk yo, men nou ka toujou rete branche pou nou swiv sa ki enterese yo. E pandan n’ap fè sa, chèche yon bagay ki ka enterese nou tou, li di. Si nou pa kreye yon ti tan pou tèt nou, nou pa’p konn tèt nou ankò. Kidonk, pran swen tèt nou, pandan tan sa, wa tou bay timoun ou bon egzanp sou kijan w’ap pouswiv sa ki enterese’w.

Preske Fin Gran
Se yon bèl satisfaksyon pou nou wè rezilta sa nou te aprann yo – tankou jantiyès, respè, kreyativite ak reyalizasyon – ou te plante e plant la pouse, e se nan stad sa ke tout bagay vreman rive. “Sa fè kè’m plen ak fyète pou wè kijan adolesan’m nan vin tounen yon moun ekstraòdinè,” se sa Cristina di ak kè kontan. Maggy, manman de ti gason ki nan ventèn yo, di ke li renmen lè yo vini lakay la pandan vakans yo, paske “mwen renmen tande yo pale youn ak lòt. Malgre rivalite ant frè ke yo te genyen lè yo t’ap grandi, lanmou frè ke yo genyen youn pou lòt vizib anpil.”

Mete kò nou sou kote pou kite timoun nou fè wout yo vle se sa pou nou fè nan stad sa, kèlkeswa jan nou ta vle kontinye trase vi yo pou yo! Nan plas sa, kite yo di nou kiyès yo ye pase pou nou di yo kiyès yo ta dwe ye.

Eprèv ak Tribilasyon
Rasire nou, lè timoun nou ap pase moman ki difisil, li nòmal pou nou swete ke yo ta nan yon stad ki diferan nan devlopman yo. Nou toujou gen tandans pou nou favorize stad kote nou gen fòs la; petèt nou pi alèz pou ou boule ak timoun ou lè yo tou piti, men nou pè stad terib lè yo de lane (ak twa yo). Ou pafwa nou ta swete ke timoun nou ta grandi on sèl kou, pou nou kapap kominike avèk yo yon fason ki pi rasyonèl tankou de granmoun.

Lè nou ta swete moman sa yo rive, di tèt nou pou nou sonje bonè jodi’a e sonje ke wòl manman se yon defi – e l’ap toujou youn– chak jou. “Pitit 7 lane mwen an gen volonte ak fòs,” Nona di. “Men lè li vlope avè’m pandan n’ap li Fancy Nancy, mwen wè ke moman ki te difisil yo pase.”