Michelle Obama

Gregory Reed

Konsèy Entelijan Manman Selèb Yo

Pwoblèm ozalantou disiplin, sosyalize, rivalite ant frè ak sè epi pran desizyon – kisa Michelle Obama oubye Salma Hayek ta fè? Nou gade sou fanm pèsonalite piblik ki leve timoun yo pou pran egzanp kòm paran ki rive jwenn bon rezilta!

“Kounye’a li tèlman fasil pou anmize [timoun] yo avèk yon ti ekran, epi ou pa oblije mennen yo okenn kote. Fè yo fè pati delavi’w. Sa gen rapò ak koneksyon youn ak lòt, ak sa yo ka aprann youn ak lòt nan lavi. Si se pa sa, solitid ka mete pye.” – Salma Hayek

“Pesòn pa gen 100 pousan konfyans nan tèt yo tankou yon paran. Nou tout ap fè efò.” – Reese Witherspoon

Sa fè kèk lane, premyè dam Michelle Obama te panche sou arestasyon yon atis ke jèn yo renmen anpil ki t’ap kondi pandan li te sou. Lè yo mande li kòman li t’ap jere sitiyasyon si se li ki te manman chantè mizik pòp la, li di ke li panse ke li bezwen plis atansyon ak konsèy. “Ou konnen, mwen pa konnen si sa t’ap mande menm valè konsèy ak aksyon,” Obama di nan yon entèvyou sou radyo Univision. “Mwen t’ap prezan anpil nan lavi li... Epi mwen t’ap avè’l souvan, jis pou nou ka pale, pou’m ka konnen kisa k’ap pase nan tèt li, pou ka konnen kiyès ki nan lavi li ak kiyès ki pa la.”

“Lè pitit fi mwen yo ap jwe sou balanswa mwen eseye pa anvayi yo twòp pou di’l ‘fè atansyon.’ Mwen vle pou yo kontwole konpòtman yo poukont yo, men li toujou bon pou yo konnen ke mwen tou pre si yo ta bezwen’m.” – Nicole Kidman

Aktris Jada Pinkett Smith kwè ke pitit fi li Willow gendwa pran desizyon pou tèt li. Apre yo te kritike li poutèt li te kite timoun 14 lane li a koupe cheve li, Pinkett Smith di, “Dabò mo KITE a fòk nou abòde’l. Se yon sosyete kote fanm, fi, y’ap fè yo sonje tout tan ke yo pa mèt tèt yo; ke kò yo pa pou yo, ni pouvwa yo ak detèminasyon tèt yo. Mwen fè yon pwomès pou’m fè pitit fi mwen konnen ke kò’l, lespri’l ak tèt li se pou LI yo ye.” Li sanble ke li pran apwòch sa sou bò manman li. “Li kite’m moun mwen vle ye a,” se sa Pinkett Smith di. “Lè mwen te gen cheve woz e mete anpil zanno, manman’m pa’t janm anpeche’m soti konsa.”

“Pandan ou panse ke ou gen kontwòl abitid yo, [timoun ou yo] chanje nan yon lòt epi kounye’a ou oblije aprann kontwole nouvo a tou. Ou dwe pare pou aprann. Kòm manman, ou toujou ap grandi epi aprann.” – Tamera Mowry-Housley