Happy dad and sons outdoors.

Andy Dean/stock.adobe.com

Kompliman Pou Tout Vre Papa yo: Chapo Ba!

Men 8 rezon pouki
Men 8 rezon pouki 

Patisipasyon yon papa nan lavi yon timoun ka kontribye pou anpil tan nan devlopman sosyal ak akademik timoun lan. Timoun ki gentan abitye bone ak papa yo (oswa yon gason kòm model nan kay la), anpil fwa timoun sa yo vin reflechi pi byen, timoun sa yo rezoud pwoblèm pi fasil epi yo bay pi bon pèfòmans lekòl, sa ba yo plis anvantaj sou timoun ke papa yo lwen oswa pa la nan lavi yo.

Gason sa pa oblije se papa natirèl timoun lan. Li kapab se yon papa adoptif, yon bopè oswa nenpòt lòt gason responsab nan kay la. Li konn pa obligatwa pou gason an abite nan kay la pou’l fè bon enpak sou lavi timoun lan. Li dwe konsistan, montre ke li sousye pou li fè pati lavi timoun sa, egzanp li ka yon granpè, monnonk oswa yon gran frè; yon antrenè oswa yon pwofesè; oswa jèn pastè oubyen yon konseyè espirityèl.

Gen anpil rezon pouki enpak papa yo enpòtan anpil pou devlopman timoun yo; men kèk ladan yo.

Papa oswa sa'k ranplase papa yo enpòtan anpil pou devlopman timoun yo.

Gen plis chans pou timoun yo rete ansante nan fanmi an. Lè papa yo la bone nan lavi yo, anvan epi apre akouchman timoun sa pi fasil rete ansante, sòti nan visit dokè yo anvan nesans li pou rive jiska lè li pral nan tete nòmalman epi yo la pou ede nan prevansyon tout kalite maladi ki ta vle atake timoun lan.

Pitit yo travay pi byen lekòl. Timoun ki gen papa nan lavi yo bay pi bon rezilta lekòl ke sila ki pa gen papa yo. Yo gen plis chans tou pou yo reyisi nan karyè pwofesyonèl yo. Egzanp: Nivo delekan nan lekòl yo pi piti pami ti gason ki gen papa yo prezan nan lavi yo.

Yo prepare timoun ki pi byen ekilibre. Jan paran yo reyaji fas ak diferan sitiyasyon ka ede timoun yo pi byen konprann lavi. Fanm, kòm egzanp, gen plis tandans pou rekonfòte ak pwoteje, ankouraje emosyon ak kote espirityèl timoun lan, pandan ke papa yo souvan yo solid, yo renmen jwe epi yo fè bri, yo plis ankouraje pran risk epi pafwa rete kalm.

Yo ede yo eksprime pi byen. Timoun kòmanse pale bonè epi yo kòmanse eksprime yo pi byen lè gen yon gason ki prezan nan kay la. Youn nan rezon yo se paske gason ak fanm pa pale menm jan ak timoun. Fanm yo plis reflechi ak kisa yon timoun ka konprann anvan yo pale ak timoun sa, pandan ke gason itilize yon langaj ki pi konplèks, mande timoun pou bay plis eksplikasyon, ensiste sou direksyon epi fè anpil referans sou bagay ki pase deja. Rezilta: Fanm ede timoun pou yo kapab fè dyalòg pandan ke papa yo prepare timoun pou yo kapab eksprime yo nan nenpòt konvèsasyon piblik, ansanm yo ede yo ede timoun sa amelyore langaj li.

Yo prepare timoun ki kapab. Paske gason reyaji yon lòt fason fas ak pwoblem, sa vle di, manman rekonfòte plis pandan ke papa ap rekonfòte pandan l’ap ankouraje timoun lan pou li gen plis konfidans, timoun ki gen yon papa nan lavi yo grandi pi solid epi yo gen pi bon kontwòl fas ak pwoblèm. Yo gen mwens perèz, yo pi fokis epi yo dekouraje mwens.

Yo aprann timoun yo pou yo jwe pi byen ak lòt timoun. Yon papa ki renmen jwenn epi ki montre afeksyon li fas ak timoun li deja anonse kijan timoun sa pra’l ye ak lòt moun.

Yo leve ti gason ki vanyan... Kòm premye leson maskilen nan lavi yon timoun, ti gason aprann bone kòman pou yo trete fi lè yo obsève konpòtman gason ki nan antouraj yo, anpil nan gen tandans pou nou aji menm jan ak paran nou – ant youn ak lòt epi sila ki pwòch yo – pafwa. Alòs, si paran yo trete youn lòt ak respè, yo pra’l fè menm jan tou nan lavi pa yo.

...Epi ti fi ki vanyan. Ti fi ki grandi ki gen bon relasyon ak papa yo oswa gen yon prezans papa responsab nan kay la souvan yo gen plis konfidans epi yo gen plis anbisyon pou karyè yo. Jèn fi ki gen papa yo nan vi yo gen plis konfyans nan tèt yo.