Kesyon Yo Poze Souvan Book Club La

Anba la a se kesyon yo pi souvan poze sou klib lekti a. Pou asistans adisyonèl, tanpri imèl bookclub@thechildrenstrust.org.

K. Konbyen afilyasyon nan Children’s Trust Book Club koute?? 

R. Anyen! Afilyasyon ak frè lapòs lan GRATIS.? 

K. Èske mwen bezwen remèt liv yo pou m resevwa pwochen liv mwa a? 

R. Ou mèt kenbe tout liv ou resevwa chak mwa. Objektif pwogram nan se ede paran yo kreye yon ti bibliyotèk lakay yo pou pitit yo.? 

K. Èske mwen ka chwazi liv bileng?? 

R. Liv yo disponib an Angle oswa Panyòl. Children's Trust travay san rete pou achte liv ki bileng (anglè/panyòl) chak fwa yo disponib. Dapre envantè, chak mwa yo voye liv bileng yo bay fanmi ki anrejistre pou sa.? 

K. Pou ki moun klib lekti a ye?? 

R. Klib lekti a se pou timoun ki fèk fèt jiska laj 5 an k ap viv nan Miami-Dade Konte. Paran oswa moun kap bay yo swen ka enskri pitit yo pou resevwa liv gratis chak mwa.? 

K.? Ki laj timoun yo dwe ye pou patisipe?    ? 

R. Timoun yo ka anrejistre pou resevwa liv chak mwa depi yo fèt jiskaske yo gen 5 an. Poutan, nouvo anrejistreman yo disponib sèlman jiska laj 4 an edmi.? 

K. Poukisa mwen pa ko resevwa yon konfimasyon apre mwen fin enskri?? 

R.Si ou pa te resevwa imèl konfimasyon an, tanpri tcheke dosye imèl endezirab yo oswa dosye imèl Spam ou anvan ou kontakte The Children’s Trust pou konfimasyon.? 

K. Kisa ki ka pase si mwen chanje adrès?? 

R. Ou ka toujou mete ajou sou entènèt la enfòmasyon ke ou se manm. Tanpri antre nan kont ou epi mete enfòmasyon w ak nouvo adrès ou ajou . Tout chanjman adrès oswa mizajou ap pran efè premye jou nan mwa swivan.? 

K. Kisa k ap pase si mwen demenaje soti nan Miami-Dade County?? 

R. Afilyasyon nan Book Club la se pou tout rezidan Miami-Dade County ki gen timoun laj 0 jiska 5 an. Si w demenaje kite Miami-Dade County, voye yon imèl ba bookclub@thechildrenstrust.org ki mande anile afilyasyon pitit ou. Fanmi an ka reaktive kont lan si l? tounen rete nan Konte Miami-Dade epi pitit li toujou gen mwens pase 5 an.? Lè konsa fò li rekonekte sou kont li epi mete ajou nouvo adrès la.?