Dentist showing a little girl how to brush her teeth

bowdenimages/iStock/Thinkstock

Kalme Perèz Timoun ou Pou Dantis

6 fason pou ba yo yon eksperyans pozitif, nan chak vizit
6 fason pou ba yo yon eksperyans pozitif, nan chak vizit 

Yon visit kay dantis ka bay timoun yo angwas, espesyalman si yo pa prepare pou pwosedi k’ap fèt yo pandan yon egzamen kontwòl pou dan. Men lè nou pale avèk yo alavans de sa yo pè a, nou ka prepare yo pou yo gen bon ijyèn dan pou tout lavi yo.

Fè devwa nou. Anvan nou pran yon randevou pou timoun nou, kreye yon plan pou ede yo pran swen dan yo. American Academy of Pediatric Dentistry rekòmande pou timoun itilize yon ti bwòs dan ki bon pou gwosè bouch yo avèk yon ti kantite pat dan ki gen fliyorid ladan li, ki gwosè yon ti pwa. Fòk nou sipèvize yo pandan y’ap bwose dan yo e fòk nou aprann yo pou krache pat la pase pou yo vale’l.

“Plis timoun nou wè ke lè yo pran swen bouch yo se yon bon abitid e gwoup anplwaye kay dantis la wè ki bon travay yo fè lakay yo, plis yo pral eksite lè pou yo ale kay dantis la,” se sa dantis espesyalis Wayne Stephens di, li se direktè pwogram sante dan ak byennèt pou timoun nan Jessie Trice Community Health Center.

Demontre yo kisa ki pra'l fèt la. Anvan premye randevou a, li yon liv pou timoun ou, oswa montre’l yon video sou vizit kay dantis pou yo ka konnen alavans sa ki pral fèt la, se sa dantis espasyalis Fransheska Ovalles konseye nou, li se yon dantis pou timoun ki nan Community Health of South Florida. "Se yon bon ide tou pou mennen timoun nou kay dantis la kèk jou anvan randevou pa yo, pou yo fè yon ti vizit andedan an, pou yo santi yo pi alèz nan yon nouvo anviwonman." Prepare yon ti rankont tètatèt avèk gwoup anplwaye kay dantis la epi rasire'w ke dantis la soti vin di alo pandan nou nan sal datant lan.

Bay yon egzanp pozitif. Pou anpil paran, eksperyans pa yo kay dantis kapab aji sou jan yo santi yo sou mennen timoun yo ka dantis. “Paran yo dwe sonje ke se yo menm ki pou prepare jan timoun yo santi yo, pou vizit la,” se sa Stephens di. “Si ou di timoun ou ‘Ou pa bezwen strese,’ oswa ‘Ou pa bezwen pè, dantis la pa’p fè’w mal,’ se di w’ap di timoun nan ke gen yon posibilite pou yo fè’l mal, e menm lè a sa vin ogmante nivo strès li."

Prepare pasyan an. Pou yon pwosedi dantè ki byen reyisi, li enpòtan ke ni dantis la, ni paran yo prepare timoun la nan vizit anvan a. “Nan fen egzamen a, m’ap eksplike byen senp, sa mwen pral fè,” se sa Ovalles di. Jou randevou a li itilize teknik pratik kote li eksplike epi montre sa li pral fè yo, yon fason byen senp, epi apre sa li fè aksyon an. Pati “sho” a, lè l’ap fè tankousi li pral mete ranplisaj nan yon dan sou gan ki nan men’l, pèmèt timoun nan wè byen sa ki pral fèt nan bouch yo. “An jeneral, sa toujou tounen yon eksperyans amizan epi sa fè yo vin pi kalm pandan pwosedi a,” se sa Ovalles obsève.

Atansyon pou nou byen chwazi mo nou. Evite mo ki ka fè yo pè tankou ‘kari,’ ‘zegui,’ oswa ‘ranplisaj.’ Dantis pou timoun tankou Ovalles avèk Stephens, prefere itilize mo tankou ‘kras manje nan dan,' ‘ji ki fè dòmi' ak ‘penti pou dan’ pito – fraz ki ka kreye kreyativite nan tèt yo. Menm rache dan kapab sonnen tankou yon bagay ki amizan, ki pa’p fè yo pè, Stephens garanti sa. Li di jèn pasyan yo, ke li pral ba yo yon bagay pou fè dan yo al dòmi. "Apre sa mwen di, ‘Nou pral fè yon ti souke dan ou e nou pral chatouyèt li,’ pou sa sanble yon jwèt. Se yon fason efikas pou nou angaje avèk yo nan yon istwa."

Mete pouvwa a nan men yo. Bay timoun yo yon chwa ede yo santi ke yo gen yon sans kontrol lè yo chita nan chèz dantis la. Pou Stephens, se yon fason pou yo santi yo konsène nan pwosesis la. "Si mwen dekouvri yon kari, mwen di ‘Tande, mwen jwenn ti kras manje nan dan ou. Èske ou vle mwen kite yo la?’ Lè yo di ‘non,’ mwen di yo mwen gen yon fason koul pou’m fè yo disparèt.” Lè konsa timoun yo santi yo fè pati de pwosesis la – epi yo fyè lè tout bagay fini.