Frustrated young brother and sister doing homework

Wavebreakmedia/iStock/Thinkstock

Jwenn Solisyon Lè Devwa yo Konplike

Pran devan oubyen anreta – bon metòd la ka fè yon gwo diferans
Pran devan oubyen anreta – bon metòd la ka fè yon gwo diferans 

Se pa yon bagay ki ra pou timoun yo dekouraje nan eseye toujou rete ajou ak devwa yo, alòs si pitit ou gen difikilte, pa dekouraje. Si ou aji alè sa ap ede yo – jou yo pi enterese nan lekòl pou nòt yo – epi ogmante chans pou yo reyisi nan klas yo.

Poukisa gen timoun ki pa gen difikilte ak devwa yo pandan ke sa diferan pou lòt? Souvan se pa paske yo pa eseye. Menm timoun ki pi entelijan yo pafwa konn fè fas ak gwo obstak. Pou ka pi byen konprann sa ki pase a, paran yo dwe “analize devwa, anviwonman epi abilite timoun lan,” se sa espesyalis Richard Guare konseye, li se youn nan otè liv Smart but Scattered: The Revolutionary “Executive Skills” Approach to Helping Kids Reach Their Potential.

Fè timoun yo fè devwa yo pa diferan ke lè w’ap fè yo netwaye chanm yo; se menm teknik lan pou yo, se sa Guare di. Motivasyon pou demare (san bay presyon!), yon ti dòz pèsistans pou rive nan objektif la, yon abilite pou planifye epi bay priyorite, epi pi enpòtan toujou òganizasyon – sa yo se baz solid pou devlope otosifizans ki nesesè a – pou ni lekòl ni lakay etsetera. Men kijan pou ankouraje li:

Kontinye sou menm elan san kanpe. “Gen yon gwo difanrans ant kapap fè yon devwa ak kapab toujou kontinye fè devwa sa,” se sa Guare fè konnen. Si pitit ou te toujou konn fè devwa li yo lontan epi kounye a li kòmanse ap fè neglijans, epi gade kòman li te konn fè pou ka fè li aplike menn metòd la ankò. Yon teknik ke Guare panse ki efektif pou fè timoun ki ap neglije oubyen trennen sou devwa yo vin pi aktif se evalye chak devwa pandan ou bay yon nòt sòti 1 pou rive 10. “Pitit ou ka deside nan ki lòd li vle mete devwa yo dapre klasman ke li fè a,” se sa li eksplike. Epi, Guare ajoute, ou ka ankouraje yo fè ti poze nan mitan devwa ki pi difisil yo oubyen fè ale vini ant sa ki fasil ak sa ki difisil yo.

Ede yo. Lè ou fè sa, sonje, “toujou bay pitit ou jwe pi gwo wòl nan plan,” se sa espesyalis Rebecca Deurlein konseye, li se otè liv Teenagers 101: What a Top Teacher Wishes You Knew About Helping Your Kids Succeed. “Ede yo jwenn resous pou yo ka reyisi, kite se founiti, yon òdinatè, liv oubyen vizite yon libreri,” se sa li di. Ede pitit ou jwenn opsyon – tankou kòman pou rezoud pwoblèm, kòman pou bay devwa lekòl yo priyorite, kòman pou reyisi fè tout – se yon fason pou ofri sipò ou pandan w’ap fè yo pi responsab pou tèt yo, se sa li di.

Kenbe epi etabli disiplin. Apre sipò emosyonèl yo, timoun bezwen disiplin pou yo reyalize devwa yo – espesyalman lè yo pèdi motivasyon. “Devwa yo dwe fèt menm kote a, menm lè a, chak swa,” se sa espesyalis Ellen Braaten di, li se youn otè Bright Kids Who Can’t Keep Up. Si timoun ou souvan konn kole nan yon pwojè san li pa panse ak lè a, “ede yo planifye yon tan rezonab pou fini devwa a,” se sa li di. Reyalize ke yo pa’p bezwen pase tout nwit la sou devwa sa ap diminye sou enkyetid yo. Epi lè yo konnen ki valè tan y’ap pase nan devwa a ka fè yo travay pi vit, se sa Braaten di.

Kreye bon anviwonman. Konsènan espas travay yo, diminye tout bagay ki ka distrè yo. Kreye yon anviwonman ki pa gen bri “sa ka ogmante abilite pitit pou li fokis epi travay pi byen,” se sa Guare di. Pou timoun ki nan lekòl primè, anpil ekspè rekòmande kizin lan, kote paran kapab pote siveyans pandan y’ap prepare manje a. “Timoun yo travay pi lontan lè gen moun avèk yo ki ap ankouraje yo epi kenbe yo fokis,” se sa li di. Pou adolesan, kite yo chwazi yo menm (eksepte kote ki gen aparèy elektronik) kite yo pran desizyon an. Pou rann eksperyans devwa pitit ou a pi fasil, rasire ke kote yo chwazi a gen bon limyè, epi gen bon chèz konfòtab epi tab la gen bon wotè pou yo, epi pou tout sa yo bezwen pou fè devwa yo tou pre yo, sa ap ede anpil.

Fè yo òganize yo. Planifye ak bay priyorite gen anpil enpòtans pou kenbe timoun yo fokis sou devwa yo. “Ede yo fè yo plan menm kote yo ba yo devwa,” se sa Deurlein konseye. Sa ap pèmèt bay tèt yo tan “epi dekouvri kontantman ki gen lè ou gentan fini devwa’w epi ou jwenn tan pou revize li pou ka amelyore li.” Fè yo kreye kalandriye dat pa yo pou tout devwa yo epi di yo ke se responsabilite pa yo, li ajoute. Aprann yo kòman pou yo separe gwo devwa fè plizyè ti pati ak yo epi chak swa pran yon pati se yon fason pou kreye bon abitid pou etidye. “Ede yo... men pa janm fè devwa pou yo,” se sa Deurlein di. “Epi rasire’w ke yo konnen ki resous ki disponib pou yo, kote yo ka ekri, sipò sou entènèt, libreri ak pwofesè prive pou bay leson.”