Timoun k’ap souri an kostimdeben kanpe bò yon pisin

Fè Timoun ou Kontan nan Kan

Fè timoun yo gen okipasyon pandan tout ete a!
Fè timoun yo gen okipasyon pandan tout ete a! 

Avèk lekòl k’ap fini nan kèk semenn, kestyon k’ap parèt la se: Kijan nou pral fè jwenn okipasyon pou timoun yo? Kandete t’ap yon bon solisyon si ou jwenn youn ki bon pou fanmi’w. Nan Konte Miami-Dade, anpil nan kandete yo se The Children’s Trust ki sipòte yo, avèk aprann timoun yo (ak yon zye sou bidjè nou) kòm lide prensipal yo. Pou ede nou pou fè rechèch nou pi fasil, men sa ekspè yo di pou nou chèche:

Konseyè ak Manm Ekip Dapre sa American Camp Association (ACA) la di, pwogram kandete lajounen yo dwe gen yon manm nan ekip pou chak: sis timoun ki gen 4-5 lane; wuit timoun gi gen 6-8 lane; 10 timoun ki gen 9-14 lane; ak 12 timoun ki gen 15-17 lane. Epi paske w’ap mete konfyans ou nan men youn oswa plizyè konseyè ke timoun ou pral genyen, fòk nou su pou nou poze bon kestyon sou aptitid yo, se sa Saliha Nelson konseye, li se visprezidan Urgent, yon pwogram ki pa fonksyone pou lajan, pou devlopman kominotè jèn yo. Kèk kestyon enpòtan: “Ki antrenman ekip la resevwa e ki kapasite yo?” avèk “Èske yo byen kontwole dosye yo?” Plis nou gen enfòmasyon, plis tèt nou pral poze.

Enskri Jodi’a!
Gid pou pwogram The Children’s Trust la disponib nan yon aplikasyon dijital gratis an Anglè, Panyòl, e Kreyòl Ayisyen; vizite App Store oswa Google Play epi telechaje li jodi’a. Nou genten genyenaplikasyon dijitalla? Yon nouvo liskan yo avèk atikespesyal yodisponib depi premye Me. Nou ka jwenn pwogram Trust la sipòte yo tou nan www.touttimoun.org oubyen nou ka rele 211.

Pwoteksyon ak Sekirite Bonjan pwotokòl byen etablipou veye lè timoun yo rive ak lè yo prale, epi avèk kiyès, sa obligatwa. Si se nan bis ke timoun ou prale ak retounen soti nan kan a, mande enfòmasyon sou kapasite ak eksperyans chofè a, e si wi ou non ap gen yon moun nan ekipla nan bis la avèk timoun yo. Fòk gen yon pakèt espas nan lakou a, avèk kote ki gen lonbraj tou. “Fòk paran yo asire yo tou ke kan yo chwazi abay timoun yo rekreyasyon regilyèman tou, pou yo pa vin twò chofe,e keekip latoujou ap ankouraje timoun yo bwè dlo,” se sa Tongelia Milton di, li se direktè ekzekitif kominikasyon YMCA nan Sid Florid la. An plis, “ekip la dwe byen antrene, fòk dosye yo byen kontwole e fòk yo sètifye nan CPR, premye swen ak pwoteksyon automated external defibrillator (AED), pou yo ka jere ijans, si toutfwa ta gen youn.”

Bezwen Espesyal Enfòme direktè kan yo ak ekipi yo san pèdi tan si pitit ou andikape; laplipa nan yo pral fè sa yo kapab pou yo akomode yo. “Gen paran ki pito lè timoun yo al nan kan ki pou tout timoun – ki sèvi timoun ki pa gen andikap ak sa ki gen andikap,” se sa Helene Good note, li se prezidan ak CEO òganizasyon Advocacy Network on Disabilities. “Gen lòt paran ki pi konfòtab ak pwogram ki sèlman sèvi timoun ki andikape. Kèlkeswa sa nou chwazi a, asire nou pou nou byen eksplike ekip kan yo ki pwoblèm timoun ou ka genyen ak kijan pou yo jere yo.”

Natasyon ak Spò nan Dlo Tout zòn pou naje yo – kite se pisin oswa lak – fòk yo genyen yon kòd sekirite k’ap flote sou dlo a, pou separe kote ki fon ak kote ki pa fon, se sa ACA konseye. “Li obligatwa tou pou genyen sovtè dlo ki sètifye ak pwofesè natasyonki la non sèlman pou pwoteje timoun yo ak aprann yo naje, men pou aprann yo tou kijan pou yo rete an sekirite lè yo nan dlo aoswa bò kote dlo a,” se sa Milton di.  

Aktivite Konsantre Yo N’ap chèche kan ki vize yon seri aktivite byen presi, tankou syans, spò, aktivite atistik, mizik, dans, oswa teyat? “Se chèche konnen timoun ou e sa li ta vle nan pwogram li,” se sa Rhonda Smith di, li se vis prezidan ak fondatè Fit Kids of America. “Fòk nou su se yon bon desizyon, pou nou pa pèdi lajan nouak tan nou. Lè timoun yo avèk nou lè n’ap pran desizyon an, eksperyans pwogram la vin pi bon.”