Happy multigenerational family

bowdenimages/iStock/Thinkstock

Fè Lapè ak Pase a

Resoud konfli familyal yo pou fèt fen lane yo kapab agreyab pou tout moun
Resoud konfli familyal yo pou fèt fen lane yo kapab agreyab pou tout moun 

Selebrasyon epòk fèt yo pote tansyon avèk yo, pandan n’ap imajine ke nou tout pra’l oblije kontre nan yon aktivite ki pa sanble ak nou. Pwoblèm ki te pase lontan yo, tou, konn retounen. Men n’ap toujou konseye pou padone youn lòt – yon manje ap toujou pi bon ak yon ti senpati epi chalè – nan meni an.

Fè yon Ti Kalme

Vle defann tèt ou se yon reyaksyon fizyolojik ki mache ak tansyon, mete ou sou gad epi anpeche abilite’w pou tande, se sa ekspè di. Alòs anvan ke ou chita sou tab la ak manm fanmi sa ki renmen enève ou, respire pou kalme’w.

“Lè yon moun apwoche’w nan fason kritik oubyen ki fache, nou toujou tande sèlman pati ke nou pa dakò ak li a,” se sa doktè Harriet Lerner di, li se ekspè relasyon fanmi epi otè liv Why Won’t You Apologize? Healing Big Betrayals and Everyday Hurts. Li di ke nou toujou pare pou nou aktive mòd defans nou lè yo kritike nou, men tou, “rekonèt ke nou gen pwoblèm sila sa kapab motive nou, pou nou travay plis pou anpeche ke sa rive.” Eseye respire dousman, gwo respirasyon – epi fè tout lòt bagay ke ou kapab pou rete kalm – sa ap ede.

Tande Ak Kè’w Louvri

Kèlkeswa rezon mekontantman oubyen kòlè ki genyen nan mitan ou menm ak fanmi ou an, rezolisyon an ka mande yon espas ki net kote nou tou de kapab eksprime santiman nou san ekyetid. Gen de bò nan chak istwa; li enpòtan pou rakonte pati pa’w la. “Menm si lòt moun lan pa kapab konsidere opinyon ou, ou kapab bezwen tande vwa’w k’ap di sa’l vreman panse,” se sa Lerner di.

Chwazi bon moman se tout bagay la, alòs si sa vle di sere konvèsasyon an pou apre asyèt manje yo fin lave, pa gen pwoblèm. Fòk ou tann yon moman ke ou panse ke yo pra’l tande’w, se sa Lerner konseye. Kontrèman, si ou santi ou gen twòp emosyon, ou pa’p kapab bay tout atansyon nesesè pou tande sa lòt la gen pou’l di – ak ou dwe konnen. “Pou tande tout bon vre ou dwe fè vid nan lespri’w, louvri kè’w epi poze kestyon k’ap kapab ede nou pi byen,” se sa Lerner di.

Padone Pou Ka Libere Lespri’w

Anvan kòmansman yon diskisyon, “sonje ke pwoteje tèt ou dwe vin anvan,” Lerner ensiste sou sa. “Mete nan tèt ou ke gen anpil ke ou pa jwenn repons ke ou vle oswa ke ou merite a. Bay verite... paske se ak li ke’w vle fè baz ou, kèlkeswa repons ke ou resevwa.” Epi sonje, sa lòt moun lan fè’w ki mal la pa chanje anyen nan fason ke li renmen’w lan, se sa li di. Yo senpleman ap defann tèt pa yo tou.

Bliye yon bagay ki fè’w fache pa fasil, men aksyon padone a ap benefisye tout de pati yo. “Pafwa pwosesis la pa twò baze sou jistis, se pito envesti plis nan relasyon an,” se sa Lerner di. “Se aksepte moun ke ou renmen yo jan yo ye a.”