Boy looking back after boarding school bus

Enkyetid pou Separasyon?

Ekspè yo di ke konsèy sa yo ka ede
Ekspè yo di ke konsèy sa yo ka ede 

Enkyetid pou separasyon – perèz ke timoun yo genyen lè yo oblije deplase lwen lakay yo oubyen paran yo pou premye fwa – se yon etap nòmal nan devlopman anpil nan yo, epi timoun yo ka gen santiman enkyetid sa menm lè yo kite yo avèk moun ke yo abitye ak yo, tankou gran paran oubyen matant, oswa lè y’ap amize yo, tankou ale jwe ansanm ak zanmi yo. Men avèk yon ti konesans, ou ka soulaje yo... piga’w enkyete’w!

Kontwole enkyetid yo. “Li difisil pou ni paran yo ak timoun pou yo separe youn ak lòt paske yo atache anpil depi kòmansman,” se sa espesyalis Marilyn Rifkin di, li gen lisans sikològ pou timoun ak adolesan. “Metòd pou itilize pou ede pitit ou nan etap devlopman sa se sansiblite, pasyans ak konpreyansyon.”

Kòm paran, premye reyaksyon ou se pou di “kalme’w,” men, Rifkin sigjere ke li pi enpòtan pou nou koute. “Fòk paran yo kapab montre ke yo konprannn santiman timoun yo epi pataje enkyetid yo. Di bagay tankou ‘Lè’m te gen laj ou, mwen te gen difikilte separe ak manman’m, tou,’ fè yo konprannn ke li nòmal,” se sa li di. Ajoute yon ti koke pou montre yo ke ou renmen yo epi pitit ou pra’l santi ke’l pa poukont li epi li gen sipò.

Kalme enkyetid yo. Fè yo sonje ke w’ap toujou la pou yo, menm lè ou pa tou pre, ou kapab toujou ede yo nan move moman. “Di pitit ou ‘m’ap sonje ou tou, men n’ap wè toutalè,’ ka kalme enkyetid timoun ki pi gran yo,” se sa Rifkin fè konnen. “Pou pi piti ki poko konprann zafè lè, apran yo kijan pou yo kalme tèt yo – yo itilize yon gwo jwè bèt ki fèt ak twal oubyen dra, respire fò epi imajine ke yo ‘kote ke yo pi renmen’ an – sa ka pote yon ti soulajman jiskaske ou retounen."

Pandan w’ap pale ak pitit ou epi tande kisa ki toumante yo, eksplike yo ke sa fè pati pwosesis lè y’ap grandi a. “Li enpòtan pou timoun yo konnen ke se pa sèlman yo men’m ki santi yo konsa,” se sa Rifkin di. “Sa ka ede lè yo tande ke zanmi yo gen difikilte konsa tou.”

Ede yo fè tranzisyon an. Si pitit ou vle rete an kontak pandan w’ap li ap fè fas ak yon nouvo sitiyasyon, tankou lekòl jadendanfan – pa dekouraje’l. Si ou kapab, òganize pou ale nan bis la avèk yo premye jou yo oubyen jwen yon lòt timoun ke y’ap kapab chita avèk li, pou yo ka pi konfòtab epi konekte.

Nan sikonstans kote ke yo pra’l rete ak yon paran, zanmi fanmi an oubyen moun ki konn siveye timoun, entwodwi yo nan anbyans lan lè nou tout reyini ansanm. “Lè timoun pitit ou wè kijan ou reyaji avèk granparan yo oubyen matant yo, envite yo vin jwe youn nan jwèt ke yo pi renmen avèk ou,” se sa Rifkin konseye. “Y’ap kouri vin patisipe epi, y’ap santi yo pi an sekirite.” Anvan y’al jwe gen mezi prekosyon ki pou pran. Rankontre ak paran lòt timoun yo pou ka asire’w ke pitit ou ap an sekirite, epi pase tan ak yo jiskaske ou wè ke enkyetid yo ale.