Boy on a swing smiling

matthewennisphotography/iStock/Thinkstock

Elve Timoun Ki Pratik, Ki Pozitif

Optimis se yon bagay ke ou ka aprann!
Optimis se yon bagay ke ou ka aprann! 

Mond lan bezwen optimis, kounye'a pi plis toujou. Optimis la, oubyen konviksyon ke tout bagay pra'l anfòm lan, se baz rezistans ak yon atou pou rive jwenn tout kalite siksè. An reyalite, rechèch montre ke kwè sèlman nan reyisit la - ka lakoz ke yo reyisi vreman. Ya pa gen deprim fasilman, yo pa malad souvan, yo gen relasyon ki dire pi lontan epi yo viv pi lontan.

Evidans montre ke optimis se yon karaktè ke ou eritye, menm jan yo ke gen yon baz byolojik pou depresyon, genyen ki gen tandans pou yo kontan. Men lè pou yo detèmine si optimis se yon kalite ke ou fèt ak li oubyen ou ka aprann li, bon nouvèl se, li la tou de.

Timoun aprann bonè kijan pou wè lavi'a ak potansyèl li atravè moun ki antoure li yo, alòs yon paran ki pratik, pozitif ka dirije yon timoun byen fasil nan bon direksyon. Rechèch nan terapi mantal montre nou ka chanje jan nou pale ak tèt nou sou bagay nou wè ak kijan nou entèprete yo, ki gen yon enpak dirèk sou reyaksyon emosyonèl nou sou eksperyans nou yo.

Finalman: Menm si ou fèt ak tandans pou ta pesimis, ou ka chanje'l pou vin optimis. Epi ou ka fè'l pou timoun ou, tou. Sèlman...

Konprann Fason Yo Wè Lavi'a
Èske vè a mwatye plen oubyen mwatye vid? Lè yon move bagay rive, èske yo pran'l kòm yon egzanp pou tout lavi yo, èske yo panse ke malè tout kote, toujou la epi ap swiv yo espesyalman? Si se wi, kestyon "Pouki sa toujou rive mwen mwenm nan?!" poze souvan. Men rekonèt ke timoun ou kapab pesimis se pa yon rezon pou panike yo sitou ou konnen ke ou ka ede yo chanje sa.

Konfwonte Pesimis
Pesimis yo panse fason ki katastròf epi yo atann ke move bagay ka rive. Egzanp, yo ka di "Mwen p'ap fè nouvo zanmi nan nouvo lekòl la. Pèsòn pa pra'l renmenm!" Pou konbat tanperaman pesimis la, paran yo ka afwonte kat pilye modèl ki pwovoke panse negatif yo: pèmanans, sa toujou rive e l'ap toujou rive; jeneralizasyon, anyen pa janm ale byen; pèsonèl, sa toujou rive mwen menm; epi enpwisans, mwen se yon viktim.

Aprann Optimis
Lide a se pou sonje ke ka toujou gen ti pwoblèm nan tout chwa ke ou fè, alòs aprann timoun ou pou yo konsidere yo kòm anpèchman pwovizwa, izole (ke se pa anyen ki pra'l gen enpak sou lavi yo), se pa pèsonèl, epi yo ka ranje sa poukont yo. Nòmalman gen kèk malè se jis move chans sa ka rive nenpòt moun. Men eprèv yo souvan konn se nou ki lakoz yo, yo konn montre kijan yon timoun chwazi konpòte'l, olye pou sa ta vle di yon defo ki ap pèmanan. Egzanp, yo pa pase yon ekzamen paske yo pat etidye, pa paske yo toujou oubyen y'ap toujou echwe. Ede yo konprann diferans lan.

Ale Nan Baz Panse Yo
Pwochen fwa pitit ou soufri yon desepsyon, diskite sou rezon yo ki lakoz ke sa rive a; pale sou tout sa yo kapab oubyen te kapab fè pou chanje sitiyasyon an; epi idantifye rezon ki fè ke sa rive a. Fè yo konnen ke lòt okazyon ki ap prezante kote ke yo ap kapab aji pi byen. Gen lòt yo pa'p kapab, men toujou konnen ke se yon eprèv ki ap pase ki pa'p dire.

Elimine Pawòl Negatif
Pwoblèm avèk pale-ak-tèt-ou lè ou tande li, se kòm si ou panse li vre. Terapis mantal yo montre pesimis yo kijan pou yo konfwonte panse sa yo avèk yon pwosesis ki gen twa etap: Note li, Eksprime li, epi Diskite li (NED). Alòs lè ou wè timoun ou ap pale-ak-tèt-li yon fason negatif, di yo fè tèt yo kwè ke se yon lòt moun ki ap pale avèk yo epi ki vle fè yo santi yo mizerab. (Gen timoun ki rele li NED!) Alòs, ankouraje yo pou yo pou eksprime vwa negatif sa byen fè tankou yo ta fè ak yon moun ki ap akize yo pou yon bagay ke yo pa't fè.

Bay Bon Egzanp
Apre ou fin vire nan pakin lan pandan senk minit ak pitit ou nan machin lan, èske ou di, "Mwen konnen n'ap jwenn yon plas talè!" oubyen "Nou pa'p JANM jwenn yon plas - Mwen konnen sa ta pra'l rive!''? Fason ou wè lavi'a nan tèt ou parèt menm jan nan je pitit ou chak jou. Alòs si ou vle ede pitit ou pou'l ta vin pi optimis, aprann tèt ou menm pou ou vin pi optimis.

Doktè Laura Markham ekri tèks sa
Vizite sit li sou www.ahaparenting.com.