Easterseals se bay videyo ansèyman pou elèv anrejistre pa anplwaye yo.

Easterseals South Florida ap Antre pi fon nan Tout kay Pandan Pandemi a

Ap gen klas sou entènèt, videyo edikatif ki fèt espesyalman pou timoun andikape
Ap gen klas sou entènèt, videyo edikatif ki fèt espesyalman pou timoun andikape  

Pandan peryòd pandemi viris Kowona a tout timoun fè fas ak difikilte, ak laperèz men sa pi grav toujou pou timoun ki andikape ak sa ki bezwen yon kout men anplis. Met sou sa, gen enkyetid epi gen esètitid ki nan tèt tout timoun, anpil fwa sa ki bon pou timoun an jeneral pa nan avantaj timoun ki andikape yo. Pandan moun nan tout peyi a ap di tèt yo fò yo suiv règleman distans sosyal la, ki sa n ap di moun ki bezwen moun ede yo chak jou pou yo kab mennen aktivite yo chak jou. 

Chans pou nou, kit se nan tan nòmal, oswa nan epòk yon pandemi kon sa, nou gen òganizasyon Easterseals South Florida ki la k ap fè yon travay espesyal: pran ka timoun ki andikape ak sa ki gen difikilte epi ede yo nan tout bagay. 

Sa pa ta dwe siprann nou yon òganizasyon tankou Easterseals la tou pare pandan yon pandemi pou l ede gwoup timoun sa yo ki pa janm jwenn valè sèvis yo bezwen. Premye fwa yo te kòmanse pale moun nan Sid Florid de òganizasyon sa a se pandan yon epidemi nan ane 1950 yo. Nan epòk sa a, Sosyete Timoun Kokobe ki te pote non angle “Crippled Children’s Society” te konn ede timoun ak terapi epi yo te konn fè lekòl pou yo pandan yon epidemi polyo. Pi devan yo vin chanje non gwoup sa a pou yo rele l Easterseals. Epi apre sa yo vin rele l Easterseals South Florida. 

Jodi a, nan mitan pandemi viris Kowona sa a ki frape tout peyi ki toupatou sou latè a epi ki ap afekte Miami-Dade County avèk plis fòs jou an jou, Easterseals tounen pou l vin ede timoun ak fanmi ki nan bezwen. 

Menm jan ak anpil lekòl nan Miami, lekòl Easterseals la ki rele Easterseals’ Academy and Child Development Center Program ap chanje pou li fè lekòl a distans, li prezante kou pou elèv òdinè ak timoun ki gen bezwen espesyal. Kòm dabitid, Easterseals ensiste etabli kontak avèk etidyan li yo chak jou, menm si se sou entènèt yo fè kontak yo kounye a olye yo fè yo fas a fas. Yo fè kou pou timoun yo chak jou, swa pou chak timoun apa swa an gwoup. Gras ak anpil ekipman moun nan zòn nan fè kado, Easterseals fè fanmi ki te bezwen konpitè kado kèk konpitè pou ede etidyan yo pran kou a distans pandan yo lakay yo. 

“Kapasite nou genyen pou n chanje byen rapid pou n fè kou a distans epi angajman nou pran pou n kominike ak etidyan nou yo se yon egzanp ki montre jan tout kominote nou an gen tenasite epi jan nou kreyatif nan ti bout tan sa a,” sa yo se pawòl Loreen Chant, Prezidan & PDG Easterseals South Florida. “Konpetans ak konpasyon pofesè nou yo ap briye tout bon pou timoun yo. Kapasite Easterseals pou l bay fanmi nou yo sipò rekonfòte nou epi sa yon jan kalme nou nan moman difisil sa a.”

Anpil timoun ki pran kou oswa ki al lekòl nan Easterseals konte sou manje yo ba yo nan lekòl la – epi timoun sa yo an danje pou yo pa jwenn nitrisyon pou ranplase sa yo te konn jwenn lekòl la – poutèt sa, Easterseals South Florida prepare bwat manje midi pou fanmi timoun li yo ki nan pogram Head Start yo. 

Men se pa sa sèlman Easterseals fè. Al sou sit StayHome.Miami, yon nouvo sit wèb òganizasyon The Chidlren’s Trust ki met ansanm ak Easterseals pou yo afiche tout yon seri videyo ki montre anplwaye k ap travay nan diferan pogram k ap montre kouman timoun ap kontinye pran pa nan kèk aktivite epi jan yo kab kontinye fè mouvman ak kò yo. Èske w bezwen fè egzèsis chak jou, Easterseals ap mete w anfòm. Èske gen moun ki ta renmen tande yon istwa? E si yo ta li yon istwa pou wou an Angle oswa an Panyòl. W ap chèche ti pwojè brikolaj pou w fè ak kèk bagay ou genyen nan kay la. La a ankò, Easterseals ap ede w. Oubyen ou ta renmen danse oubyen chante pou w kab an pi bòn imè. Nan ka sa tcheke videyo sou Mizik ak Mouvman an. 

Videyo yo ap jwe dirèkteman sou sit StayHome.Miami an epi gen yon lyen k ap mennen w nan paj Easterseals YouTube la ki gen plis pase 30 videyo yo rasanble met la depi lè pandemi an kòmanse a. 

Si w bezwen plis ransèyman sou pogram Easterseals South Florida yo pandan sezon viris Kowona a, al sou sit sa a www.easterseals.com/southflorida.