Extreme close-up of a woman biting her lip

Marili Forastieri/Photodisc/Thinkstock

Bay Verite... Oswa Pa Bay Li?

Ki lè yon ti manti pa grav – epi ki lè li fè plis mal pase byen? Èske se yon manti akseptab lè ti pwason timoun ou mouri epi l’ap flote nan tèt akwaryòm la? Oswa yon istwa sou yon bèl retrèt ti pwason a pran nan yon lak ki nan yon pak la vin afekte konfyans timoun ou genyen nan ou lè pita yo dekouvri verite a? Sa ekspè yo di ki posib ak pa posib sa yo ka ede’w.

PA chwazi mwayen ki fasil pou retire kò’w nan sitiyasyon an. Bay timoun ou yon ti manti ka parèt inofansif, espesyalman si rezilta n’ap chache a, bon pou nou byen rapid. Di timoun ou ke ou "pèdi" telekòmand lan pou l'al dòmi, ka ede nou fè’l al dòmi pi vit nan moman an, men imajine sa k’ap pase si pita li leve nan dòmi e li tande’w k’ap gade sho prefere’w nan televizyon an. Atansyon: Ti manti sa yo ka vin fè yon gwo pil epi retounen vi’n ba’w pwoblèm pi devan.

FÒK ou pwoteje yo. Ou ka konprann genyen sitiyasyon ke ou ta renmen pwoteje timoun ou de yo, ke se paske yo twò jèn pou konprann oswa sitiyasyon an ka twomatize yo. Trajedi tankou 9/11, lè yo te tire nan Columbine ak siklòn Irma, fòk ou pale de tout evenman sa yo san nou pa bayo manti, men fòk kan menm ou pran swen ak prekosyon nan fason w’ap di yo sa. “Plis timoun yo wè bagay k’ap pase yo, plis yo poze kestyon ki difisil,” se sa doktè Susan Bartell di, li se otè liv The Top 50 Questions Kids Ask. “Fòk ou eseye pou sensè toutotan nou kapab."

Wòl ou kòm paran se pou ou doze verite a dependan de enfòmasyon ke laj timoun la ka pran. “Pou laj timoun piti vle di sa timoun ou aprann ta dwe apwopriye ak laj fizik yo,” se sa Allison Edwards konseye, li se otè liv Why Smart Kids Worry: And What Parents Can Do to Help. Pa bliye ke timoun toujou ap eseye pou tout sa yo wè ak tande fè sans nan lespri yo, e pi enpòtan, yo toujou ap chache pou yo alèz e pou yo rasire.

PA elve yon timoun ki mefyan. “Si timoun yo bare ou nan yon manti, sa ka vin meteyon dout nan relasyon nou,” se sa espesyalis Marilyn Rifkin di, li se yon sikològ ak lisans pou timoun piti ak adolesan. “Jan yo konprann sa ki reyèl ak sa ki pa reyèl ka kreye konfizyon nan lespri yo. Paske nan reyalite a, timoun yo sipoze kwè paran yo, e responsabilite paran yo se pou di yo verite ak aprann yo sa ki byen ak sa ki mal."

Anpil ekspè di ke si pou ou bay yon manti, li enpòtan pou ou byen kalkile ki jan ti manti sa kapab aji sou devlopman timoun ou. “Si ti pwason ki nan akwaryòm timoun ou ap flote vant anlè, se yon bon opòtinite pou aprann yo sa ki lanmò,” se sa Bartell note. "Alòs leson sa, ke nou pral bay timoun nou dapre laj li, pral finalman ede li pou li pi toleran epi byen prepare pou reyalite lavi a."

FÒK ou pale verite pa’w la. Senserite se pi bon mwayen pou ou konstwi konfyans, men gen de lè kote pataje konn pa vle di ede. Nan moman sa yo, Rifkin di, bay repons sensè sa yo:

"Fòk mwen reflechi sou ki jan mwen ta vle reponn sa."

"Mwen pral retounen sou sa avè’w."

"Eskize’m, sa se pa yon kestyon mwen ka reponn ou kounye’a."

"Sensèman, sa se yon bagay pou granmoun konnen."