Girl painting an apple

Bay Timoun ou yo Bon Jan Sipò avèk Aktivite Atistik yo

Ankouraje sans kreyativite pitit ou ka bon pou li pou tout lavi’l!
Ankouraje sans kreyativite pitit ou ka bon pou li pou tout lavi’l! 

Kanta pou eksperyans lavi ak akademik, pratike aktivite kiltirèl kapab se pi bon mwayen pou rive reyisi genyen yo. Se paske timoun yo jwenn opòtinite pou yo eksprime yo avèk mwayen pèfòmans – tankou dans, dram oubyen jwe yon enstriman – oubyen aktivite atistik, tankou, desen oubyen penti, tout sa pèmèt yo amelyore nan lekòl ak nan lavi.

Etid apre etid montre ke timoun ki patisipe nan aktivite kreyatif ak atistik lekti yo, ekriti yo ak matematik yo amelyore, yo devlope konfdans epi kwè nan tèt yo; ranfòse otonomi yo; epi ogmante konpreyansyon ak konpasyon yo.

“Elèv ki nan aktivite kiltirèl fè pi gwo nòt nan egzamen regilye yo epi gen plis chans rete lekòl jiskaske yo diplome ke lòt ki pa nan aktivite sa yo,” se sa Michael Spring konfme, li se Direktè Miami-Dade County Department of Cultural A?airs. “Aktivite kreyatif oubyen kiltirèl ede moun amelyore tèt yo pandan sa ap ede nou apresyen diferans nou yo epi devlope nouvo mwayen pou nou rezoud pwoblèm nou yo. Sa yo se sansibilite ak konpetans k’ap sèvi tout moun nan tout aspè nan lavi yo.”

Konsèy sa yo kapab ede pitit ou rive reyalize gwo bagay gras ak aktivite kiltirèl.

1. Kreye yon stidyo pwodiksyon kiltirèl lakay ou. Mete kreyon, makè, plim koulè; penti pou fgi ak bwat penti koulè transparan; papye desen ak sizo pou timoun epi lakòl; bouton avèk rès mòso twal; bagay ke ou jwenn nan lanati, tankou fèy bwa, kokiy, ti mòso wòch; epi bwat soulye vid disponib pou timoun ka itilize. Magazen dollar lokal yo ka ede’w pa depanse anpil.

2. Ajoute anpil dram pandan tout istwa. Olye pou kouche ak timoun pou li liv pou yo, kanpe pèfòme pou yo itilize diferan vwa, akseswa ak “degizman” ke ou chwazi nan bifèt ou. Ou ka kreye tou yon istwa avèk bwat akseswa ke ou achete nan ti boutik lokal oubyen kay vwazen ki ap van pwodwi dezyèm men nan garaj yo. Fè timoun yo chwazi wòl yo nan istwa enpwovize ke ou kreye a.

3. Entwodwi yo ak nouvo vwa lakay oubyen nan machin lè ou chanje pòs radyo a oubyen jwe CD yon atis oubyen yon gwoup ke ou pa abitye jwe souvan (al vizite libreri nan zòn lan kote ou ka jwenn yon pakèt chwa gratis).

4. “Asiste” yon pèfòmans lakay ou li kapab yon DVD dans balè, opera, pèfòmans mizikal oubyen teyat ke ou prete nan libreri a, gade yon videyo sou YouTube oubyen jwe yon pwogram kiltirèl avèk entènèt sou yon aparèy ki fèt pou sa.

5. Danse epi chante ak pitit ou lakay ou. Imite pa ak pawòl ke ou jwenn nan videyo sou entènèt yo, oubyen bay mizik prefere’w la k’ap pase sou radyo a volim epi danse. W’ap amize’w anpil epi w’ap tou pwofte fè egzèsis.

6. Chèche pwogram kiltirèl apre lekòl epi pandan ete a, tankou sa The Children’s Trust ap sipòte yo. Lòt kote ou ka jwenn pwogram kiltirèl bon mache oubyen gratis pou timoun ak jèn se nan Miami-Dade County Department of Cultural A?airs, ak Miami-Dade Public Library epi Miami-Dade County Department of Parks, Recreation and Open Spaces.