Padre leyendo un libro a su hijo en el parque

Bay Timoun Ou Plis Posibilite Pou Li Aprann

Read to Learn Book Club la se yon pwogram ke timoun ou paka rate
Read to Learn Book Club la se yon pwogram ke timoun ou paka rate 

Se yon verite: Timoun ki nan aktivite edikasyon ak lekti anvan yo retounen lekòl fè pi bè nòt pandan lane lekòl la, yo gen plis chans pou gradye epi rive nan inivèsite, epi tou reyisi nan lavi yo. Pwogram Read to Learn (RTL) Book Club The Children’s Trust la, gratis pou tout timoun ki gen 3 lane e ki rete nan Konte Miami-Dade, se yon bon fason pou fè yo kòmanse.

Devlope Langaj Alfabetizasyon
Read to Learn Book Club la ofri liv dapre laj la – ke se angle oswa panyòl – bay chak timoun 3 lane ki anrejistre kòm manm, chak 3 mwa pandan 3 premye lane yo. Liv yo kouvri plizyè sijè, tout enteresan epi edikatif. "Genyen yon gid siplemantè pou paran ke yo voye kay chak timoun avèk liv mwa a, pou yo kapab ede timoun yo aprann pi byen," se sa Lisa Blair eksplike, li se prezidan Miami-Dade Family Learning Partnership.

Anrejistre nan Club la Jodi’a!

Ale sou www.thechildrenstrust.org/content/read-learn-book-club pou anrejistre timoun ou pou pwogram Read to Learn Book Club la. Timoun ki poko gen 3 lane kapab anrejistre tou, men yo pa’p kòmanse resevwa liv yo pou jis nan mwa ke y’ap fete twa lane.

Timoun ki paka wè ap kapab jwenn liv ki fèt espesyalman pou yo, genyen odyo ak medya dijital. Pou plis enfòmasyon, kontakte Miami-Dade Family Learning Partnership nan 305.891.7323

Ankouraje Lanmou pou Lekti
"Rechèch montre ke plis gen liv nan kay la, gen plis chans pou gen siksè nan lekòl," se sa Blair ajoute. Alòs nan fè yon ti libreri nan kay la ak liv RTL Book Club yo, paran yo ap kapab ranfòse kijan lekti se yon bagay enpòtan – e pa pou timoun piti yo sèlman. "Lè ou manm nan Club la, li aprann paran yo chwazi liv pou timoun yo selon fakilte yo epi ankouraje vokabilè yo," se sa Blair di. "Li ankouraje tout bon ti moman ant fanmi, lè paran yo ka kreye tan epi fè lekti ansanm." Epi ansyen liv ke yo renmen anpil, ki resevwa trofe tankou kèk seleksyon RTL Book Club yo The Little Engine that Could, Goodnight Moon, If You Give a Mouse a Cookie, epi Corduroy k’ap plen etajè libreri yo epi elaji lespri yo, santiman renmen lekti a pral boujone lakay yo.

Kreye Anvi ak Eksitasyon pou Fè Lekti
"Read to Learn Book Club la ede timoun devlope abitid fè lekti epi louvri pòt sou anpil lòt bagay," se sa Patricia Leal fè konnen, yon manadjè ki gen kontra avèk The Children's Trust ki sipèvize inisyativ RTL la. "Liv nou ofri yo bay timoun yo ekspoze yo ak anpil bagay ki nan anviwonman yo, chak gen yon eksperyans edikasyon ki diferan, ak yon metòd ki baze sou lavni. Epi yo ankouraje timoun yo pou li pou plezi." Timoun piti ki poko pare pou lekòl yo, li eksplike, renmen li liv anpil, pandan y'ap abitye ak vokabilè yo. Alòs ak sipò paran yo epi gid ki sou plas la, fè lekti epi aprann pou lavi se yon bagay ki posib e ki ranfòse chak mwa ke timoun yo resevwa yon liv!

Read to Learn Book Club la se Trust la ki sipòte'l ak yon patenarya avèk Miami-Dade Family Learning Partnership epi Early Learning Coalition of Miami-Dade/Monroe