Fanmi jwi tan ansanm nan kay la.

the faces/stock.adobe.com

Ann pwofite nouvo reyalite sa a lakay ak timoun yo

Lè w fè pi bon ou a paran pandan Coronavirus pandemi
Lè w fè pi bon ou a paran pandan Coronavirus pandemi 

Èske w ap tann pou wè kouman tout bagay ap ye chak jou pandan epidemi mondyal viris Kowona a? Bon, ou mèt sispann tann. Li lè pou w pran kontwòl sou lavi ou, oswa sou tout sa ou kapab nan lavi w. Sa ap kòmanse lakay, kote w pral pase plis tan ansanm ak pitit ou pou yon ti bout tan. Meyè apwòch la va fè diferans ant 2 bagay : 1) swa nou pase plizyè èdtan kote nou santi nou raz, oswa sa ki kab pi mal toujou, gen chire pit nan kay la, tout moun gen tèt chaje, nou pè ; 2) oswa nou pase plizyè èdtan kote nou regle kèk bagay ki nesesè, tankou nou travay, nou aprann kèk bagay ansanm, kote ou pase bon moman ak pitit ou, moman ou te ka pa janm genyen oswa moman ou pap janm genyen ankò. 

Sa pap fasil. Nou pa menm konnen ak ki poblèm nou pral fè fas, men nou konnen lè ou pale ak piti ou, lè youn di lòt sa nou santi epi ou mete yo alèz pou yo santi yo an sekirite, sa kab mennen nou lwen pou nou travèse difikilte nou pral gen pou n rankontre yo ansanm.

Met espwa nou sou bagay ki reyèl
Bon, ki jan pou n fè sa? Ki kote pou n kòmanse? Premye bagay pou w fè pou w pwofite nouvo sitiyasyon sa a w ap viv kounye a kote ou fèmen nan kay la ak pitit ou, se yon bagay ki kòmanse ak mantalite pa wou. Kenbe yon lespri ouvè, yon lespri fleksib epi yon lespri pozitif. Lavi a chanje, sa kab pa dire lontan, men se sèten sa ap dire yon ti bout tan epi fò w rekonèt sa. Pi fò chans ou genyen pou w rive pase move jou yo meyè fason ou kapab la pral depann de valè preparasyon ou fè pou jou ak semenn k ap vini yo. An menm tan tou fò w konnen plan sa yo kab chanje souvan. Adapte ou ak chanjman yo epi fè pitit ou konnen yo kab adapte yo tou. 

Kwak sa ta bon anpil pou tout moun ta fè fas ak jounen an yon fason ki pozitf chak jou, sa yon jan difisil pou fèt paske reyalite ak sitiyasyon nou pral rankontre pi devan yo pa estab. Pa gen poblèm ak sa. Ou te mèt atann ou timoun yo ka fè tèt di, yo kab pè tou, epi tanzantan yo kab santi yo annuiye paske yo fèmen anndan kay la twòp. Ou kab santi w menm jan an tou kòm paran. Pa aji twò sevè ak pitit ou, pran anpil pasyans avè yo epi prepare w pou w padone yo epi bliye sa yo fè pi plis ou kapab. 

Tabli kèk abitid
Bagay òdinè nou abitye fè chak jou ki pa menm rann lavi nou pi grandyoz pase sa, se menm bagay sa yo nou pral kòmanse sonje talè kon sa pandan nou oblije rete anndan kay nou. Pou timoun, malgre nou kab pa kwè sa, yo pral kòmanse anvi tounen nan moman kote yo te oblije leve a menm lè a chak maten, pou yo abiye yo, manje manje maten epi al lekòl. Pou diminye efè gran chanjman sa a, wè si w a kenbe yon woutin ak timoun yo valè w kapab. Fè yo al kouche apeprè menm lè a epi fè yo leve apeprè menm lè. Fè yo benyen regilyèman. Evite pou yo pase tout jounen yo an pijama epi fè yo met rad sou yo lematen. Prepare manje pou yo nan menm lè ou te konn abitye prepare manje pou yo nan sikonstans nòmal. 

"Majorite elèv fè anpil pogrè akoz fason lekòl yo òganize lè yo konn sa y ap atann nan orè yo chak jou epi ak woutin yo," sa yo se pawòl Melissa Scatena, lè l tap pale nan pogram televizon Good Morning America. “Travay ansanm ak pitit ou pou kreye yon orè pou li kòm preparasyon pou chanjman sa a. Fè yo esplike w kouman jounen yo òganize lè yo lekòl epi ba yo posiblite pou yo kreye orè pa yo pandan tan y ap fè nan kay la.” 

Lekòl adomisil pou tout moun
Padan afè lekòl adomisil la vin yon opsyon ki popilè nan dènye ane ki sot pase yo, kounye a sa ap antre nan aktivite lavi nou, omwen nan jou k ap vini yo. Men sa pa vle di esperyans w ap fè a pral ranplase lekòl nèt, sa pa dwe ranplase lekòl. 
 
Kimberly Fox, ki travay pou pwojè The Reading and Writing Project nan Inivèsite Columbia University nan New York, di, ou pa oblije kwè nan sistèm lekòl adomisil la pou w sèvi avè l pandan moman sa a. “Nou pa oblije tounen yon lekòl,” Fox di nan CNN. "Nan sikonstans sa, nou pap kab ranplase tout ankadreman ki egziste nan yon lekòl. Men gen bagay nou kab fè pou timoun yo kab santi yo an sekirite epi pou fè nou santi n ap pwofite moman sa a."

Chans pou moun ki rete Miami-Dade, Lekòl leta yo mete an plas yon (Plan pou kontinye fè lekòl) ki pote non angle Instructional Continuity Plan pou epidemi global viris Kowona a; plan sa bay aparèy pou aprantisaj mobil, li bay ansèyman epi li bay aksè entènèt pou elèv yo konekte sou entènèt pou fasilite yo kontinye jwenn ansèyman pandan tout tan lekòl yo ap rete fèmen an. Malgre sa, pou timoun nou yo kab enterese nan aktivite sa yo sa pral mande anpil efò, poutèt sa al dousman avè yo.

Fè yo pran pa nan aktivite nan kay la
Lekòl adomisil se pa sèl fason pou fè timoun pran pa nan aktivite ki bon pou yo. Asire w pitit ou kontinye fè ti travay yo abitye fè chak jou nan kay la, epi nan kèk ka yo rekòmande ou bay yo fè yon ti travay anplis sou sa yo deja abitye fè yo. Menm si pitit ou twò piti pou yo fè travay nan kay la, fè yo ede w ranje kouvè, fè yo ede w bay chen an manje, fè yo ede w met asyèt yo nan plas yo lè w fin lave yo epi fè yo ede w ak lòt aktivite w ap fè chak jou ki kab fè yo santi yo se yon manm enpòtan nan fanmi an. Ba yo chans pou yo pran plis responsablite epi yo kab pi vit anvi fè travay sa yo paske sa ap fè yo santi y ap bay kout men tou nan ede fanmi an fè fas ak epidemi mondyal viris Kowona a. 

Planifye tan pou pran ti plezi, pou n sot nan lakou
Se vre ou vle pou timoun yo fè travay lekòl yo ak ti travay nan kay la, fò w met yon tan apa pou yo pran plezi yo tou nan orè pou jounen an. Sa vle di fò w chwazi yon tan pou yo jwe tanzantan, pou yo pale ak zami yo epi pou yo pran plezi yo. Menm jan yo bay timoun rekreyasyon pou yo amize yo lè yo lekòl, lè w planifye tan pou yo amize yo lakay sa ap gen menm efè pozitif sa konn fè sou yo lè yo lekòl la.  

Sa enpòtan tou pou w kite piti ou al jwe nan lakou a nenpòt lè sa posib. Malgre sitiyasyon an gen dwa pa menm nan chak katye epi nan chak kay, yo konseye w fè aranjman pou pèmèt timoun nan al jwe deyò nenpòt lè sa posib. Menm si sa ta vle di pou timoun nan al fè yon aktivite espòtif oubyen pou l al fè yon ti mache sou katye a. Fè yo soti deyò pou yo al pran bon jan van fre.

Sa kapab yon opsyon pou timoun yo ta al jwe ak zanmi yo men tout gran save yo poko fin dakò si se yon aktivite yo ta konseye moun fè. Yo dakò a yon sèten pwen lè moun ap rankontre se yon ti ponyen moun ki pou rankontre ansanm. “Timoun ki an sante kapab fè ti gwoup pou yo jwe ansanm si yo pran tout prekosyon ijyèn epi si yo sou sipèvizyon yon granmoun oubyen yon jènjan oswa yon jènfi”, sa yo se pawòl Dr. Michelle Terry, yon pedyat epi yon pofesè nan lekòl medsin nan lopital Seattle Children’s Hospital, lè l t ap pale nan radyo NPR . Malgre sa, toutotan nou poko konn kouman viris Kowona a gaye, nou dwe pran prekosyon nan tout sikonstans, epi tou nou dwe suiv konsiy ofisyèl gouvènman Federal, gouvènman Eta ak gouvènman lokal yo. 

Teknoloji vin pote sekou
Disponiblite aparèy dijital yo – kit se aparèy ki jwe jwèt videyo, aparèy ki telechaje fim, oswa aparèy ki sèvi pou medya sosyal – se yon bagay ki pral enpòtan anpil nan epòk sa a. Pitit ou ap kab kontinye konekte ak fanmi yo, ak zanmi yo pandan tan sa a, san pa sa yo pa tap ka kominike avè yo. Yo kapab gade ni pogram edikasyon ni pogram pou amize yo epi yo kab kontinye santi yo fè yon sèl ak tout rès moun sou latè a pou yo santi inite ak solidarite pandan tan difisil sa a. 

Ak aparèy ou yo gen tout yon seri ap ni wou ni pitit ou kab sèvi avè yo pandan ou lakay ou, yo kab koute liv ki anrejistre, yo kab koute pòdkas, yo ka jwe jedpasyans mo kwaze epi yo kab menm konekte ak lòt moun epi yo kab fè anpil lòt aktivite ak ap yo. Tcheke lis sa a chèn televizyon CNBC prepare

Ale nan joune se pa aktivite nou pral wè pou yon bon bout tan, men òganize joune sou entènèt pral yon bon mwayen pou anseye timoun epi pou wete lide yo sou sa k ap pase nan kay la menm lè yo pa kab kite kay la. Ou menm ak pitit ou kapab vizite yon kantite mize ak anpil zou toupatou sou latè a. Mize sa yo gen tout kalite travay atis epi zou yo genyen bèt moun pa wè fasil. Al vizite mize sa yo: The Louvre, Van Gogh Museum ak Guggenheim Museum. Pou nou kab al nan yon vakans vityèl nenpòt kote nan lemonn, al sou Google Earth epi fè yon koutpye toupatou sou latè a ansanm ak pitit ou. 

Fè atansyon, bay timoun yo limit yo sou konbyen tan yo kab pase sou entènèt la epi toujou kontwole ki enfòmasyon y ap gade.  

Fè tèt ou travay
Pesonn pa konnen konbyen tan sitiyasyon sa pral dire oubyen si yo pral anpeche moun deplase plis toujou. Men, kèlkeswa sa yo deside fè deyò a, ou kab fè anndan kay ou vin yon kote ki kreyatif ni pou wou ni pou pitit ou. Nou poko janm rive nan limit kreyativite nou kòm moun epi sèl sa nou bezwen pou nou ankouraje kreyativite pa nou ak pa pitit nou se yon moman pou nou chita epi pou nou konsantre sou kouman nou kab kreye kèk jwèt enteresan, kèk aktivite pou nou bati kèk ti jwèt oubyen kreye yon bagay ki kab ankouraje yon konvèsasyon. 

Nan yon atik ki fèk parèt nan jounal Time.com yo sijere tout yon seri aktivite fasil moun kab fè anndan kay epi an menm tan tou pandan timoun yo ap sèvi ak yon seri bagay ou ta pral jete epi ou kab fè yo netwaye kèk bagay tou. Pami aktivite sa yo ou kab kreye yon bokit pou lave jwèt, kote ou kite pitit ou lave jwèt platik li yo nan yon gwo bokit, sa kab amizan epi sa ap ankouraje timoun yo gen bon abitid sanitè; Wout an bwat, se lè ou plati yon bwa katon epi ou trase wout sou katon an ak yon makè, an menm tan tou ou gen dwa enstale kèk blòk kòm bildin ak kèk lòt jwèt pou kreye yon vil vityèl. Ou kapab kreye kèk travay atis lè w kite pitit ou pentire kèk bagay ou ta pral jete olye w jete yo. 

Si w santi ou pa gen anyen ankò nan tèt ou pou w eseye ak timoun yo, ou gen dwa al sou sit sa yo pou w jwenn kèk lòt aktivite Mommy Poppins, Pop Sugar, USA Today ak kèk lòt sit ankò.