Timoun kòmanse ekri ak lakre sou siy "eleksyon"

Rawpixel.com/stock.adobe.com

Angajman Sivik

Asire w ke yo tande vwa ou pandan eleksyon sa yo. Nou mete lyen ak resous anba la a pou ede w ak fanmi w rete enfòme pandan eleksyon jeneral la. Asire w ke ou tcheke paj sivik pou timoun yo tou.

Bilten Vòt Primè 3 Novanm Nan
Telechaje

An preparasyon pou eleksyon jeneral la, chwazi kijan ou ta pi renmen vote:
Kontinye Li plis

Bilten Vòt Pa Lapòs
Mande Yon Bilten Vòt

Dat Kle ak Enfòmasyon Sou Eleksyon Jeneral 

  • Denye dat enskripsyon pou eleksyon jeneral: 5 Oktòb
  • Peryòd Vòt Davans Pou Eleksyon Jeneral: 19 oktòb - 1ye Novanm
  • Eleksyon Jeneral: 3 Novanm

Fich Enfòm
Telechaje

Gen Bezwen Pou Anploye Elektoral 
Li plis sou sa

Elektè Andikape
Li plis sou sa

Eksplikasyon Sou Inisyativ Bilten Vòt Yo 

Amannman 1: Egjizans Sitwayènte Pou Vote Nan Eleksyon Florid Yo 

Pwopoze pa: Kanpay petisyon ki te reyalize pa Florida Citizan Voters (Elektè Sitwayen La Florid) ki se yon komite politik finanse pa donatè sekrè. 

Ki sa li ta fè: Amannman sa a ta ka ajoute de mo nan konstitisyon leta a. Kounye a konstitisyon an di, "chak sitwayen nan Etazini" ki gen omwen 18 an ki byen enskri ka vote. Amannman sa a ranplase "chak sitwayen ameriken" ak "sèlman yon sitwayen ameriken."

Pwen Diskisyon An

John Loudon, lidè Florida Citizan Voters, di ke chanjman an nesesè pou klarifye konstitisyon an epi asire moun ki pa sitwayen ameriken pa janm gen dwa vote nan Florid.

Pa gen okenn opozisyon fòmèl ki te fòme nan Florid la. Kèk kominote nan peyi a pèmèt moun ki pa sitwayen vote nan eleksyon lokal yo. San Francisco pèmèt tout paran, kèlkeswa sitiyasyon sitwayènte yo, ki gen timoun nan sistèm lekòl la vote nan eleksyon konsèy lekòl la.

Amannman 2: Ogmante Salè Minimòm Nan Leta Florid 

Pwopoze pa: Kanpay petisyon reyalize pa Florida For A Fair Wage (Florid Pou Yon Salè Ki Jis), te finanse pa avoka John Morgan ki moun Orlando.

Ki sa li ta fè: Nan Leta Florid la kote li $8.56 pou chak èdtan salè, li ta dwe ogmante a $10 pou chak èdtan efikas 30 septanm 2021. Salè a ta ogmante pa $1 pou chak èdtan jiskaske li rive a $15 pou chak èdtan nan ane 2026. Apati moman sa a, salè a ta dwe ajiste chak ane akòz enflasyon.

Pwen Diskisyon An

Patizan yo di lè a anreta pou Floridyen ki manke lajan kach resevwa yon ogmantasyon salè, epi ta dwe genyen yon ogmantasyon salè minimòm ki ta ka ede ekonomi an paske travayè ki pa gen anpil revni gen tandans depanse sa yo touche. Amannman an fè apèl a elektè liberal yo epi yo ta ka itilize li pou ede jenere plis patisipasyon Demokratik pou kandida yo ki Joe Biden.

Opozan yo ak gwoup endistriyèl yo ap di si salè minimòm nan ogmante sa pral lakòz rediksyon èdtan yo e ap gen mwens anbochaj. Yo di tou valè pri travay ki vin ogmante pral tombe sou konsomatè yo atravè ogmantasyon pri acha.

Amannman 3: Tout Elektè Vote Nan Eleksyon Primè Yo Pou Lejislati Eta A, Gouvènè A, Ak Pozisyon Nan Kabinè A

Pwopoze pa: Kanpay petisyon reyalize pa All Voters Vote (Tout Elektè Vote), ki resevwa yon gwo valè finansman nan men Mike Fernandez ki se yon biznisman swen sante nan Sid Florid la

Ki sa li ta fè: Kounye a, Florid gen yon sistèm eleksyon primè fèmen, sa vle di elektè yo dwe deklare afilyasyon yo a yon pati politik epi yap ka vote sèlman nan eleksyon primè pati yo a pou lejislati eta a, gouvènè a ak pozisyon nan nivo kabinè, tankou avoka jeneral ak komisyonè agrikilti. Amannman sa a ta chanje sistèm sa a. Tout elektè yo ta kapab patisipe nan eleksyon primè yo e tout kandida pou pòs yo ta parèt sou menm bilten vòt primè a. De moun ki resevwa plis vòt yo ta avanse nan eleksyon jeneral la. Chanjman sa a ta vle di de Repibliken oswa de Demokrat ta fè konpetisyon youn ak lòt nan eleksyon jeneral la.

Pwen Diskisyon An

Elektè ki pa gen okenn afilyasyon ak yon pati pa ka patisipe nan eleksyon primè yo. Sa a ta bay yo opòtinite patisipe nan eleksyon yo. Sipòtè yo ap di ke kandida yo pral bezwen reponn a yon gwoup moun ki pi laj olye pou yo adapte mesaj yo a elektè ki patizan yo.

Pati Repibliken ak Demokratik Florid yo ini kont sa. Yo di ke amannman an ap twonpe moun paske li pa vreman bay opotinite patisipasyon nan eleksyon primè yo, men li an efè aboli yo lè yo mete kandida pati yo youn kont lòt. Opozan yo di tou ke li pral siprime reprezantasyon moun nwa nan lejislati a lè li ajoute elektè endepandan ak Repibliken nan distri kote majorite moun yo nwa. Sa a kapab entèdi kandida twazyèm pati a patisipe nan konpetisyon eleksyon jeneral la an Novanm.

Amannman 4: Apwobasyon Elektè yo pou Amandman Konstitisyonèl yo

Pwopoze pa: Kanpay petisyon reyalize pa Keep Our Constitution Clean (Kenbe Konstitisyon nou an pwòp), ki finanse atravè yon gwoup sekrè san bi likratif ki lye ak yon òganizasyon pwomotè pou Florida Power & Light, US Sugar Corp. ak lòt gwo biznis yo.

Ki sa li ta fè: Pwopozisyon amannman konstitisyonèl yo oswa revizyon yo  bezwen 60% sipò elektè yo pou l pase. Sa a ta bezwen apwobasyon nan de eleksyon olye de yon sèl. Li ta fè li vin pi difisil pou sitwayen yo chanje konstitisyon leta a.

Pwen Diskisyon An

Sipòtè yo di pwosesis inisyativ bilten vòt Florid la ekivalan a yon demokrasi an foli. Yo di li ta dwe ekstrèmman difisil pou chanje konstitisyon an, e Lejislati leta a ta dwe pase nouvo lwa. Yo lonje dwèt sou yon amannman konstitisyonèl 2002 ki pwoteje dwa kochon ansent ki nan yon prizon etwat kòm yon egzanp sou jan pwosesis la vin deraye. Yo di kochon pa fè pati konstitisyon leta a.

Sèl jan Floridyen yo ka evite Lejislati Florid la se ak pwosè inisyativ bilten vòt la. Pwosesis la deja chè, epi li koute plizyè milyon dola pou petisyon sitwayen yo jwenn siyati ki nesesè pou yo ka parèt sou bilten vòt la. Yo te itilize pwosesis la pou legalize mariwana medikal ak retabli dwa vòt pou anpil Floridyen ki gen kondanasyon pou krim, chanjman ki pa te gen anpil sipò nan lejislati eta konsèvatif la. Lè ou fè l vin pi difisil pou elektè Florid yo amande konstitisyon an, sa kapab kraze inisyativ bilten vòt yo, tankou legalizasyon mariwana pou lwazi.

Amannman 5: Limit sou evalyasyon Homestead (pwopriyete familyal)

Pwopoze pa: Lejislati Florid la

Ki sa li ta fè: Sa a ta ogmante tan ou genyen pou transfere benefis "Save our Homes" (Sove Kay Nou ) soti nan 2 zan rive nan 3 zan lè w pral abite nan yon nouvo kay.

Pwen Diskisyon An

Ogmantasyon valè taksab yo limite a 3% sou pwopriyete ki gen egzanpsyon homestead anba benefis Save Our Homes la. Sa ta bay pwopriyetè kay yo plis tan pou transfere benefis taks sa a anvè yon nouvo pwopriyete. Li pase Lejislati Florid la san objeksyon.

Gouvènman lokal yo ta pèdi kèk lajan. Amannman an ta redwi taks sou pwopriyete lokal yo pa $1.8 milyon dola, kòmanse nan ane fiskal 2021-2022, e selon yon analiz fiskal lap evantyèlman rive nan yon rediksyon anyèl de $10.2 milyon dola.

Amannman 6: Rabè taks Ad Valorem pou mari oswa madanm sèten veteran ki mouri e ki te gen yon andikap pèmanan ki gen rapò ak lagè

Pwopoze pa: Lejislati La Florid 

Ki sa li ta fè: Bay rabè taks sou pwopriyete ki gen egzanpsyon Homestead pou yon veteran ki mouri e ki te gen enfimite ki gen rapò ak lagè.  Lè konsa, benefis sa a pral pase bay mari oswa madanm ki siviv veteran an jiskaske li remarye oswa vann pwopriyete a. Si mari oswa madanm lan vann pwopriyete a epi li pa remarye, nouvo rezidans principal li a ka kontinye benefisye de rabè taks homestead la. 

Pwen Diskisyon An

Sa ta bay veteran Florid yo asistans adisyonèl. Li pase Lejislati Florid la san objeksyon. Sa ta vle di ap gen yon ti kras mwens revni pou lekòl yo ak gouvènman lokal yo.

Okòmansman, revni taks lekòl la ta bese pa $ 400,000 ak yon pèt renouvlab de $ 1.6 milyon, selon yon analiz fiskal. Okòmansman, revni taks sou pwopriyete ki pa lekòl ta bese pa $ 600,000 ak yon pèt renouvlab de $ 2.4 milyon dola.