Yon ti gason Panyòl sanble dekouraje pandan yon pandemi coronavirus.

Anchalee/stock.adobe.com

Ajoute Depresyon Nan Lis Danje Kap Menase Timoun Yo Pandan Pandemi a

Adolesan yo an patikilye pi vilnerab pandan izolasyon an.
Adolesan yo an patikilye pi vilnerab pandan izolasyon an. 

Apre kat mwa, n ap konte toujou epi li vreman siyifikatif soufrans pandemi coronavirus la ap enflije sou byennèt mantal nou. Koulye a, imajine ki kalite emosyon li ta ka kreye nan timoun nou yo ki pi souvan pa gen anpil eksperyans pou fè fas ak chanjman dramatik. Pandan ke timoun yo rezistan, COVID-19 ap sètènman mezire limit fòs yo. Li plis pase posib ke pitit ou a ka fè fas a yon bès emosyonèl siyifikatif, oswa yon vre depresyon.

Reyalite regretab sa a redoutab ase men ak restriksyon aktyèl yo ak limit sou sante ak resous byennèt mantal, sa ka sanble li enfranchisab pou fè fas a sitiyasyon an, men bon nouvèl la, li pa konsa vre. Pou kòmanse, fò w byen evalye byennèt emosyonèl pitit ou a, epi pwochen etap la,
se ede yo kenbe fòs mantal yo ak jwenn resous pou ede yo soti nan moman difisil sa. 

Evalye Eta Mantal Pitit Ou a
Pou anpeche pitit ou gen potansyèl pou gen enkonvenyans sante mantal, fò w evalye an premye ki jan yap jere sitiyasyon aktyèl la. Pale avè yo sou santiman yo pandan routin chak jou, Ede timoun ou yo sèvi ak youn nan plizyè lide pou tcheke eta emosyonèl ki ede konprann byennèt mantal e ki ka amizan tou. Ou ka mande pitit ou pou yo ba w enfòmasyon sou kijan tan an pral ye, si ap gen (solèy, loraj, nuaj?), Evalye santiman yo sou yon echèl de 1 a 10 (pi bon an se 10), mande yo di w pi bon moman ak sak te pi move na nan jounen na, oswa mande yo dekri ki jan yo te santi yo an tèm de yon fim oswa chante?

Paran yo dwe tou pare pou fouye pi fon si pitit yo pa pare pou fè konnen sa ki nan tèt yo. Gen plizyè siy ki kapab fè w konnen, men tout moun, ak  timoun ladan l, pral fè eksperyans emosyonèl ki elve ou ba pandan pandemi sa a, se konsa ke li ka difisil distenge ant varyasyon regilye ak siy egzistans yon pi gwo pwoblèm. Pitit ou a jis kapab gen move imè, men sa jeneralman limite a pa plis ke youn ou apeprè de jou konsa, tandi ke depresyon medikal ak sitiyasyon pi grav pèsiste pi lontan pase 24 èdtan.

"Yon timoun deprime ka ret panse sou menm pwoblèm nan pou lontan. e sa pa nòmal," se sa Michele Borba, Ph.D., sikològ edikasyon, ekspè sou levasyon timoun ak otè Liv The Big Book of Parenting Solutions: 101 Answers to Your Everyday Challenges and Wildest Worries, te di "Pandan ke kèk timoun ka rebondi ak reprann lavi yo, yon timoun deprime manke kapasite pou li ka fè sa."

Siveye Adolesan Yo Byen 
Adolesan yo patikilyèman vilnerab a depresyon ak lòt pwoblèm sante mantal pou yon varyete rezon sosyal, kiltirèl ak fizyolojik, Kidonk, enfòmasyon anekdotik ki soti nan 211 Miami ta dwe yon siy enpòtans pou paran Miami-Dade yo. Cora Paterson, manadjè siperyè liy asistans The Children’s Trust la te di Time.com ke volim apèl plis ke double depi kòmansman pandemi an, e anpil nan entèraksyon sa yo konsantre sou lajenès k ap chèche èd.

Paterson te di " Nòmalman nou resevwa apèl swisid men nou remake ke plis nan apèl yo se jèn moun kap rele, kèk nan yo deja gen plan, (Tankou) yo te panse pran grenn pou ovèdòz,". "Li difisil paske yo nan kay la ak paran yo chak jou, pafwa se paran yo ki fè yo santi yo konsa, akòz jan yo pale ak pitit yo oswa abize yo. Se lè sa a nou aplike yon plan sekirite ki di w kisa ou ka fè pou ka plis an sekirite, oswa kisa ki ka ede elimine anvi komèt swisid ak ki mezi pou pran pou asire ou an sekirite.”

Kisa Paran Yo Ka Fè Pou Ede
Menm si paran yo kapab santi yo dekouraje anfas faktè ki depase kontwòl yo, se yo ki toujou pi bon zouti pou kenbe eta lespri timoun yo an sante. Yon anviwònman pozitif anndan kay la enpòtan lè ou konsidere yo pral pase plis tan pase nòmal ladan l. Gen kèk estrikti ki rekòmande pi bon jan pou kenbe yon bon relasyon menm nan sezon lete an, tankou lè wap manje an fanmi regilyèman. Pou kòmanse, eseye fè pitit ou patisipe nan preparasyon pou kwit manje oswa fè netwayaj. 

Dr Gil Noam, fondatè ak direktè nan The PEAR Institute (Patnarya Nan Edikasyon Ak Rezistans) nan Lopital McLean ak Lekòl Medikal Harvard te di "Sansasyon ke ou genyen nan yon anviwònman ki an sekirite kote relasyon vreman konte nan yon jan pozitif, esansyèl epi yo pral gen yon efè enpòtan alontèm," 

Doktè Noam te di nan sitwèb Boys and Girls Clubs of America ke jèn timoun yo bezwen paran yo disponib e nan yon distans ki pi pre otan ke posib, sepandan timoun ki gen laj lekòl bezwen estrikti men ak ase espas tou pou negosyasyon. Timoun jèn yo ap bezwen plis espas, dapre doktè Noam, pi bon chans pou paran yo fasilman gen antant ak yo, se lè yo gade fim epi koute mizik ansanm, epi lè jèn yo beswen yo, fò yo la pou ka gen plis kominikasyon ant yo.

Jwenn èd lè ou bezwen li
Si ou sispèk pitit ou ap soufri depresyon, mande doktè fanmi w oswa pedyat pou li ba w yon referans a yon pwofesyonèl sante mantal ki apwopriye. Borba di "Pa gen moun ki konnen pitit ou pi byen pase w. Ou pwobableman gen rezon si ou sispèk yon bagay ki mal, , ".

Nan Konte Miami Dade genyen lòt moun tou ki bay sèvis sante mantal ki disponib pou fanmi ki gen revni ba, tankou Enstiti pou Sante Timoun ak Fanmi (ICFH), ki bay sèvis sante mantal ak terapi endividyèl / fanmi ak psikyatri pou timoun ak adolesan. Gen lòt opsyon telemedsin tankou  MD Live, pou asistans sante mantal, ki pèmèt pasyan yo konekte ak doktè medikal ak pedyatri ak aksè a sèvis terapi pou konpòtman sante ak sikatri, nenpòt lè yo bezwen li, epi gen  TalkSpace, ki se yon jan pratik ak abòdab kote ou ka travay pou amelyore sante mantal pitit ou a yon pri ki kòmanse apati $ 25 pa semèn. 

Paran yo ak timoun yo ka rele 211 Miami tou pou pale ak operatè ki resevwa fòmasyon pou oryante timoun vè yon kote pou yo jwenn èd yo bezwen, epi kalme yo nan moman presyon ekstrèm ak tansyon.