Girls with faces painted.

11zyèm Ane Family Expo The Children’s Trust la

Evenman ke’w pi paka rate a tounen!
Evenman ke’w pi paka rate a tounen! 

Fè yon foto pou tèt ou ak “Maisy the mouse,” kreye nyaj pa’w oubyen jwe foubòl avèk Miami FC: Ou menm ak pitit ou ka fè tout bagay sa yo ak plis ankò – plis, plis ankò! – nan Family Expo The Children's Trust, la, k’ap fèt Samdi, 9 Septanm lan.

Kounye’a se 11zyèm ane li, Expo a ap fèt nan lakou Miami-Dade County Fair kote l’ap resevwa 15,000-20,000 manman, papa, moun ki konn bay swen ak timoun chak ane pou vin pran avantaj ke l’ap ofri, yon pakèt aktivite ki dire tout jounen an ki fèt pou timoun yo epi k’ap enspire yo, ansanm ak yon pakèt elèv lekòl, sante ak konsèy ki ap benefsye fanmi yo pou amelyore lavi yo, tout sa yon sèl kote a.

“Nou vini chak ane,” se sa yon manman twa pitit nan Hialeah di nan Expo lane dènyè a. “Mwen jwenn pwogram apre-lekòl pou tout pitit mwen yo isit la, epi mwen kontan anpil pou sak lekòl yo fè kado yo.”

Nou mete ansanm anpil resous òganizasyon lokal yo epi nou mete yo fasafas ak paran yo, pwogram gratis ak pakin gratis Expo a fè li fasil pou fanmi yo jwenn ki pwogram ak sèvis ke yo bezwen yo – ansanm ak sila ke yo fè espesyalman pou paran yo.

“Mwen te panse ke se te pou timoun sèlman, men mwen jwenn kèk pwogram ki bon pou mwen menm,” se sa yon manman de pitit Miami di. “Se te yon bèl sipriz.” Tankou tout lane pase yo, envite Expo yo ka espere ke y’ap jwenn manm staf ki pral ba yo enfòmasyon sou pwogram apre-lekòl ak anpil lòt pwogram k’ap benefsye timoun yo, enskripsyon pou “pre-K” (sa vle di timoun anba senk lane ki poko pare pou lekòl), pwogram pou timoun ki bezwen atansyon espesyal, edikasyon sante ak nitrisyon, KidCare la, prevansyon aksidan ak sèvis kominotè. Lòt pwogram ke yo renmen anpil k’ap retounen tankou yon ekspozisyon liv bon mache, atis ki konn fè desen sou fgi epi avèk blad, gwo kay balon pou timoun ponpe ak fo mi ak wòch ki fèt ak plastik pou timoun grenpe, rakontè istwa ak janmdebwa, demonstrasyon karate ak mizik epi pèfòmans dans “bounce house” ak mi an ròch, fè konesans anpil atis ke nou renmen wè tankou Llama Llama, Elephant & Piggie, Maisy the mouse, Pete the Cat, Geronimo Stilton ak Dora the Explorer ak SpongeBob SquarePants de Nickelodeon.

Aktivite Back-to-School Boulevard la, ki ankouraje anpil pwogram edikasyon, amelyorasyon ak byennèt ke lekòl piblik Konte Miami-Dade ofri yo, ap retounen tou, ansanm ak seksyon atizan ke yo renmen anpil ke Miami Children’s Museum te prezante a. Yon aktivite tou nèf pou 2017 se tiraj pou gwo prim k’ap fèt chak inèdtan; yon seksyon ki ap gen robo; yon gwo jwèt gon?ab avèk Miami FC epi Golazo; yon ekzibisyon espesyal kous avèk Homestead Speedway; epi yon enstalasyon sou plas HistoryMiamiki pra’l ekspoze anpil objè espesyal pou make 25yèm anivèsè siklòn Andrew. Vizitè yo ap kapap kreye nyaj avèk koton, lakrè ak chabon; kreye imaj rada siklòn Andrew yo; epi y’ap kapab obsève yon tònad nan yon boutèy.

“Nou fè Expo The Children’s Trust la chak ane paske nou konnen kijan li difsil pou paran jwenn enfòmasyon ke yo bezwen pou fanmi yo,” se sa direktè kominikasyon Trust la Emily Cardenas di. “Se kado pa nou pou kominote a.”

Sa’w Dwe Konnen Anvan Ou Ale
Kisa: 11zyèm ane Family Expo The Children’s Trust la, yon evenman gratis, yon jounen pou aprann anpil epi ki chaje ak amizman, anpil aktivite pratik, espektak ak anpil kado pou timoun ak paran yo
Ki Dat: Samdi, 9 Septanm, 10 a.m. – 5 p.m.
Ki Bò: Miami-Dade County Fair & Expo Center, 10901 Coral Way (SW 24th Street) Miami, FL 33165; pase nan antre ki sou 109yèm ak 112zyèm avni yo
Pou plis enfòmasyon sou Family Expo a, ak lòt detay – epi yon videyo sou sa’k te fèt ane pase a – ale sou www.touttimon.org.