Two smiling young girls with painted faces, one a demon and one a cat, at the Family Expo.

11zyèm Ane Family Expo The Children’s Trust la

Tounen avèk yon nouvo dat aprè Siklòn Irma
Tounen avèk yon nouvo dat aprè Siklòn Irma 

Fè yon foto pou tèt ou ak Peter Rabbit, kreye nyaj pa'w oubyen patisipe nan gwo jwèt yo rele Twister a: Ou menm ak pitit ou ka fè tout bagay sa yo ak plis ankò – plis, plis ankò! – nan Family Expo The Children’s Trust la, k’ap fèt nan dat Samdi, 21 Oktòb.

Ekspo a te sipoze nan mwa Septanm, men Siklòn Irma te lakòz ke li te anile. Gras ak rekiperasyon rapid nan Konte Miami-Dade, evenman an ap retounen nan Miami-Dade County Fair, kote li toujou fèt depi 10 lane pase yo. Pou pi piti 15,000 manman, papa, moun ki konn bay swen ak timoun pra'l vin pran avantaj ke y'ap ofri yo: yon pakèt aktivite ki dire tout jounen an ki fèt pou timoun yo epi k’ap enspire yo, ansanm ak yon pakèt elèv lekòl, sante ak konsèy k’ap benefisye fanmi yo pou amelyore lavi yo, tout sa yon sèl kote a.

"Nou vini chak ane," se sa yon manman twa pitit nan Hialeah di nan Expo lane pase a. "Mwen jwenn pwogram apre-lekòl pou tout pitit mwen yo isit la."

Pa Rate Li!
KISA: 11zyèm ane Family Expo The Children’s Trust la, yon evenman gratis, yon jounen pou aprann anpil epi ki chaje ak amizman, anpil aktivite pratik, espektak ak anpil kado pou timoun ak paran yo
KI DAT: Samdi, 21 Oktòb, 10 a.m. - 5 p.m.
KI BÒ: Miami-Dade County Fair & Expo Center, 10901 Coral Way (SW 24th Street), Miami, FL 33165; pase nan antre ki sou 109yèm ak 112zyèm Avni yo
Pou plis enfòmasyon sou Family Expo a, sou lè yo ak lòt detay – epi yon video sou sa’k te fèt nan evenman ane pase a – ale sou www.thechildrenstrust.org.

Nou mete ansanm anpil resous òganizasyon lokal yo epi nou mete yo fasafas ak paran yo, pwogram gratis ak pakin gratis Expo a fè li fasil pou fanmi yo jwenn ki pwogram ak sèvis ke yo bezwen yo – ansanm ak sila ke yo fè espesyalman pou paran yo.

"Mwen te panse ke se te pou timoun sèlman, men mwen jwenn kèk pwogram ki bon pou mwen menm," se sa yon manman de pitit Miami di. "Se te yon bèl sipriz."

Tankou tout lane pase yo, envite Expo yo ka espere ke y’ap jwenn manm staf ki pral ba yo enfòmasyon sou pwogram apre-lekòl ak anpil lòt pwogram k'ap benefisye timoun yo, enskripsyon pou “pre-K” (sa vle di timoun anba senk lane ki poko pare pou lekòl), pwogram pou timoun ki bezwen atansyon espesyal, edikasyon sante ak nitrisyon, KidCare la, prevansyon aksidan ak sèvis kominotè. Lòt pwogram ke yo renmen anpil k’ap retounen tankou yon ekspozisyon liv bon mache, atis ki konn fè desen sou figi epi avèk blad, gwo kay balon pou timoun ponpe ak fo mi ak wòch ki fèt ak plastik pou timoun grenpe, rakontè istwa ak janmdebwa, ak mizik epi pèfòmans dans, fè konesans anpil atis ke nou renmen wè tankou Peter Rabbit, Elephant & Piggie, Madeline, Geronimo Stilton ak Dora the Explorer ak SpongeBob SquarePants ki nan Nickelodeon.

Aktivite Boulevard to Success la, ki ankouraje anpil pwogram edikasyon, amelyorasyon ak byennèt ke lekòl piblik Konte Miami-Dade ofri yo ap retounen tou, ansanm ak seksyon atizan ke yo renmen anpil ke Miami Children’s Museum te prezante a. Yon aktivite tou nèf pou 2017 se tiraj pou gwo prim k'ap fèt chak inèdtan; yon seksyon k’ap gen wobo; yon zòn teknoloji pou aprann timoun yo kòd òdinatè; yon seksyon pou fanmi fè espò kote y'ap jwenn Zumba ak Yoga; yon ekzibisyon espesyal kous avèk Homestead Speedway; epi yon enstalasyon sou plas HistoryMiami ki pra'l ekspoze anpil objè espesyal pou make 25kyèm anivèsè siklòn Andrew. Vizitè yo ap kapap kreye nyaj avèk koton, lakrè ak chabon; kreye imaj rada siklòn Andrew yo; epi y'ap kapab obsève yon tònad nan yon boutèy.“Sa te kase kè nou pou nou te ranvwaye evenman an lè nou te reyalize ki trajektwa ke Irma ta pra'l fè, men nou te pi pè toujou lè nou t'ap imajine kisa yon siklòn kategori senk te ka fè nou,'' se sa Direktè Kominikasyon Trust la Emily Cardenas di. "Erezman, nou te epanye ke siklòn nan pa't pase sou nou dirèkteman, sa ki rann li pi fasil pou nou te ka retounen rapid ak ekspo kominotè enpòtan sa pou nou tout."